< Egzòd 39 >

1 Anplis, avèk materyo ble, mov, e wouj, yo te fè vètman tise byen fen pou fè sèvis nan lye sen an, menm jan avèk vètman sen ki te pou Aaron yo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Of the blue, purple, and scarlet, they made finely worked garments for ministering in the holy place, and made the holy garments for Aaron, as Yahweh commanded Moses.
2 Li te fè efòd la avèk lò, epi nan materyo ble, mov, e wouj avèk twal fen blan.
He made the ephod of gold, blue, purple, scarlet, and fine twined linen.
3 Alò, yo te bat mòso plat an lò yo, yo te koupe yo fè fil fen pou trese nan materyo ble a, mov la, wouj la e twal fen blan an, èv a yon mèt ouvriye.
They beat the gold into thin plates, and cut it into wires, to work it in with the blue, the purple, the scarlet, and the fine linen, the work of the skillful workman.
4 Yo te fè pyès zepòl yo pou atache nan efòd la; li te tache nan de pwent anwo li yo.
They made shoulder straps for it, joined together. It was joined together at the two ends.
5 Bann ki te sou li a, ki te tise byen fen, te fèt menm jan tankou li avèk menm materyo yo: an lò avèk ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan byen tòde, jis jan ke Bondye te kòmande Moïse la.
The skillfully woven band that was on it, with which to fasten it on, was of the same piece, like its work: of gold, of blue, purple, scarlet, and fine twined linen, as Yahweh commanded Moses.
6 Yo te fè pyè oniks yo, plase nan monti desine byen fen yo; yo te grave tankou gravi a yon so, selon non a fis Israël yo.
They worked the onyx stones, enclosed in settings of gold, engraved with the engravings of a signet, according to the names of the children of Israel.
7 Konsa, li te plase yo sou pyès zepòl nan efòd la, tankou pyè pou sonje fis a Israël yo, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
He put them on the shoulder straps of the ephod, to be stones of memorial for the children of Israel, as Yahweh commanded Moses.
8 Li te fè pyès lestomak la, zèv a yon mèt ouvriye, tankou travay la fèt nan efòd la: avèk materyo an lò, an ble, an mov, e an wouj avèk twal fen blan byen tòde.
He made the breastplate, the work of a skillful workman, like the work of the ephod: of gold, of blue, purple, scarlet, and fine twined linen.
9 Li te kare. Yo te fè pyès lestomak la plwaye doub, longè a yon epann, e yon epann nan lajè lè li plwaye doub.
It was square. They made the breastplate double. Its length was a span, and its width a span, being double.
10 Yo te monte kat ranje pyè presye sou li. Premye ranje a te yon ranje avèk woubi, topaz, avèk emwod.
They set in it four rows of stones. A row of ruby, topaz, and beryl was the first row;
11 Nan dezyèm ranje a te gen yon tikwaz, yon safi, ak yon dyaman;
and the second row, a turquoise, a sapphire, and an emerald;
12 epi nan twazyèm ranje a yon jasent, yon agat, ak yon ametis;
and the third row, a jacinth, an agate, and an amethyst;
13 epi nan katriyèm ranje a, yon krizolit, yon oniks, avèk yon jasp. Yo te plase yo nan monti lò byen fen lè yo te monte.
and the fourth row, a chrysolite, an onyx, and a jasper. They were enclosed in gold settings.
14 Pyè presye yo te koresponn ak non a fis Israël yo. Yo te douz, e yo te koresponn a non yo, grave avèk gravi a yon so, yo chak avèk non yo pou douz tribi yo.
The stones were according to the names of the children of Israel, twelve, according to their names; like the engravings of a signet, everyone according to his name, for the twelve tribes.
15 Yo te fèt sou chenn pyès lestomak la tankou kòd ki te kòd tòde yo, lèv ki fèt an lò pi.
They made on the breastplate chains like cords, of braided work of pure gold.
16 Yo te fè de monti yo byen fen an lò ak de wondèl lò yo, epi te plase wondèl yo nan de pwent pyès lestomak la.
They made two settings of gold, and two gold rings, and put the two rings on the two ends of the breastplate.
17 Alò yo te mete de kòd lò yo nan de monti de wondèl lò yo nan pwent ki pou pyès lestomak la.
They put the two braided chains of gold in the two rings at the ends of the breastplate.
18 Yo te mete lòt de pwent yo nan de kòd yo avèk de monti yo fèt byen fen, e yo te mete yo sou pyès zepòl yo nan efòd la pa devan li.
The other two ends of the two braided chains they put on the two settings, and put them on the shoulder straps of the ephod, in its front.
19 Yo te fè de wondèl yo an lò e yo te plase yo nan de pwent nan pyès lestomak la sou kote pa anndan ki toupre efòd la.
They made two rings of gold, and put them on the two ends of the breastplate, on its edge, which was toward the side of the ephod inward.
20 Anplis, yo te fè de wondèl lò yo e yo te plase yo nan pati anba pyès zepòl yo nan efòd la, pa devan li, toupre plas ke li te jwenn nan, anlè bann tise nan efòd la.
They made two more rings of gold, and put them on the two shoulder straps of the ephod underneath, in its front, close by its coupling, above the skillfully woven band of the ephod.
21 Yo te mare pyès lestomak la avèk wondèl li yo ak wondèl ki te pou efòd la avèk kòd ble, pou li te sou bann tise a nan efòd la, e pou pyès lestomak la pa t vin lage nan efòd la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
They bound the breastplate by its rings to the rings of the ephod with a lace of blue, that it might be on the skillfully woven band of the ephod, and that the breastplate might not come loose from the ephod, as Yahweh commanded Moses.
22 Alò li te fè abiman efòd la tankou yon èv tise, tout an ble;
He made the robe of the ephod of woven work, all of blue.
23 epi ouvèti abiman an te anwo nan mitan, tankou ouvèti ki nan yon pwotèj lagè avèk yon woulèt ki antoure l pou l pa vin chire.
The opening of the robe in the middle of it was like the opening of a coat of mail, with a binding around its opening, that it should not be torn.
24 Yo te fè grenad avèk materyo ble, mov, wouj ak twal fen blan byen tòde nan woulèt abiman an.
They made on the skirts of the robe pomegranates of blue, purple, scarlet, and twined linen.
25 Yo te osi fè klòch avèk lò pi, e yo te plase klòch yo antre grenad yo toutotou woulèt abiman an,
They made bells of pure gold, and put the bells between the pomegranates around the skirts of the robe, between the pomegranates;
26 ki te toujou youn aprè lòt, yon klòch, ak yon grenad toutotou sou woulèt abiman sèvis la, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
a bell and a pomegranate, a bell and a pomegranate, around the skirts of the robe, to minister in, as Yahweh commanded Moses.
27 Yo te fè tinik ki te tise an twal fen blan an pou Aaron, ak fis li yo,
They made the tunics of fine linen of woven work for Aaron and for his sons,
28 epi tiban avèk len fen an ak chapo an twal fen blan yo, e pantalon an twal fen blan byen tòde yo,
the turban of fine linen, the linen headbands of fine linen, the linen trousers of fine twined linen,
29 epi sentiwon avèk twal fen blan an ak materyo ble, mov, e wouj, travay a yon tiseran, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
the sash of fine twined linen, blue, purple, and scarlet, the work of the embroiderer, as Yahweh commanded Moses.
30 Yo te fè plak pou kouwòn sen an avèk lò pi, e yo te enskri nan li tankou gravè a yon so: “Sen a SENYÈ a”.
They made the plate of the holy crown of pure gold, and wrote on it an inscription, like the engravings of a signet: “HOLY TO YAHWEH”.
31 Yo te tache kòd ble a ak li pou tache li nan tiban an pa anwo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
They tied to it a lace of blue, to fasten it on the turban above, as Yahweh commanded Moses.
32 Konsa tout travay a tabènak tant reyinyon an te konplete; epi fis Israël yo te fè tout bagay selon sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la; konsa yo te fè l.
Thus all the work of the tabernacle of the Tent of Meeting was finished. The children of Israel did according to all that Yahweh commanded Moses; so they did.
33 Yo te mennen tabènak la vè Moïse, tant lan avèk tout sa ki te founi li yo: kwòk li yo, planch li yo, travès li yo, ak pilye li yo avèk baz reseptikal li yo;
They brought the tabernacle to Moses: the tent, with all its furniture, its clasps, its boards, its bars, its pillars, its sockets,
34 epi kouvèti po belye fonse wouj yo, kouvèti po dofen yo, ak vwal rido pòtay la;
the covering of rams’ skins dyed red, the covering of sea cow hides, the veil of the screen,
35 lach a temwayaj la avèk poto li yo, ak chèz pwopyatwa a;
the ark of the covenant with its poles, the mercy seat,
36 tab la, tout bagay itil li yo, ak pen a Prezans lan;
the table, all its vessels, the show bread,
37 chandelye fèt an lò pi a, avèk aranjman pou lanp yo ak tout bagay itil li yo, ak lwil pou limyè a;
the pure lamp stand, its lamps, even the lamps to be set in order, all its vessels, the oil for the light,
38 epi lotèl fèt an lò a, lwil onksyon an, lansan santi bon an, ak vwal pou pòtay tant lan;
the golden altar, the anointing oil, the sweet incense, the screen for the door of the Tent,
39 lotèl an bwonz lan ak griyaj bwonz pa li, avèk poto pa li yo ak tout bagay itil li yo, basen lave a avèk baz li;
the bronze altar, its grating of bronze, its poles, all of its vessels, the basin and its base,
40 afè pandye yo pou galeri a, pilye li yo, baz reseptikal li yo, rido pou pòtay galeri a, kòd li yo, pikèt li yo, ak tout afè pou sèvis tabènak la, pou tant reyinyon an;
the hangings of the court, its pillars, its sockets, the screen for the gate of the court, its cords, its pins, and all the instruments of the service of the tabernacle, for the Tent of Meeting,
41 vètman tise yo pou sèvis nan lye sen an, vètman sen pou Aaron yo, prèt la, ak vètman a fis pa li yo, pou fè sèvis kòm prèt.
the finely worked garments for ministering in the holy place, the holy garments for Aaron the priest, and the garments of his sons, to minister in the priest’s office.
42 Alò, fis Israël yo te fè tout travay la selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo.
According to all that Yahweh commanded Moses, so the children of Israel did all the work.
43 Epi Moïse te egzamine tout travay la, e gade byen, konsa yo te fè li; jis jan ke SENYÈ a te kòmande a, se sa yo te fè. Epi Moïse te beni yo.
Moses saw all the work, and behold, they had done it as Yahweh had commanded. They had done so; and Moses blessed them.

< Egzòd 39 >