< Egzòd 12 >

1 Alò, SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron nan peyi Égypte la:
Yahweh spoke to Moses and Aaron in the land of Egypt, saying,
2 “Mwa sa a va vin premye nan mwa yo pou nou. Li va premye mwa nan ane a pou nou.
“This month shall be to you the beginning of months. It shall be the first month of the year to you.
3 “Pale a tout asanble Israël la, e di: ‘Nan dizyèm mwa sa a, yo chak va pran yon jenn mouton pou yo menm, selon kay pa yo, yon mouton pou chak kay.
Speak to all the congregation of Israel, saying, ‘On the tenth day of this month, they shall take to them every man a lamb, according to their fathers’ houses, a lamb for a household;
4 Alò, si kay la twò piti pou yon jenn mouton, li menm avèk vwazen li ap pran youn pou kont yo, selon kantite moun ki nan yo selon sa ke chak moun ta kab manje, nou va divize jenn mouton an.
and if the household is too little for a lamb, then he and his neighbor next to his house shall take one according to the number of the souls. You shall make your count for the lamb according to what everyone can eat.
5 “‘Jenn mouton nou an va yon jenn mal, ak laj yon lane, san defo. Nou ka pran li pami mouton yo, oswa kabrit yo.
Your lamb shall be without defect, a male a year old. You shall take it from the sheep or from the goats.
6 Nou va kenbe li jis rive nan katòzyèm jou nan menm mwa sa a, e tout asanble kongregasyon Israël la va touye li nan aswè.
You shall keep it until the fourteenth day of the same month; and the whole assembly of the congregation of Israel shall kill it at evening.
7 Anplis, yo va pran kèk nan san an, e mete li sou de chanbrann pòt kay la, ak sou de travès lento pòt kay la kote yo va manje li a.
They shall take some of the blood, and put it on the two door posts and on the lintel, on the houses in which they shall eat it.
8 “‘Yo va manje chè a menm nwit lan, boukannen li nan dife, e yo va manje li avèk pen san ledven, ak zèb anmè.
They shall eat the meat in that night, roasted with fire, with unleavened bread. They shall eat it with bitter herbs.
9 Pa manje anyen nan li ki pa kwit, ni ki bouyi avèk okenn dlo, men pito ki boukannen nan dife, ni tèt li, ni janm li yo ansanm avèk zantray li yo.
Don’t eat it raw, nor boiled at all with water, but roasted with fire; with its head, its legs and its inner parts.
10 Epi nou pa pou kite anyen nan li pou maten men nenpòt sa ki rete nan li, nan maten nou va brile li nan dife.
You shall let nothing of it remain until the morning; but that which remains of it until the morning you shall burn with fire.
11 Alò, nou va manje li konsa: avèk senti nou mare, sapat nan pye nou ak baton nou nan men nou; epi nou va manje li byen vit—sa se Pak SENYÈ a.
This is how you shall eat it: with your belt on your waist, your sandals on your feet, and your staff in your hand; and you shall eat it in haste: it is Yahweh’s Passover.
12 “‘Paske Mwen va pase nan peyi Égypte la nan nwit lan, e Mwen va frape tout premye ne nan peyi Égypte la, ni moun, ni bèt. Epi kont tout dye an Égypte yo, Mwen va egzekite jijman—Mwen menm se SENYÈ a.
For I will go through the land of Egypt in that night, and will strike all the firstborn in the land of Egypt, both man and animal. I will execute judgments against all the gods of Egypt. I am Yahweh.
13 San an va yon sign pou nou sou kay kote nou rete yo. Lè Mwen wè san an, Mwen va pase sou nou, e nanpwen touman k ap rive nou, ni detwi nou lè Mwen frape peyi Égypte la.
The blood shall be to you for a token on the houses where you are. When I see the blood, I will pass over you, and no plague will be on you to destroy you when I strike the land of Egypt.
14 “‘Alò, jou sa a va vin yon jou pa janm bliye pou nou, e nou va selebre li kòm yon fèt a SENYÈ a. Pami tout jenerasyon yo nou gen pou fete li kòm yon règleman k ap la pou tout tan.’”
This day shall be a memorial for you. You shall keep it as a feast to Yahweh. You shall keep it as a feast throughout your generations by an ordinance forever.
15 “Pandan Sèt jou nou va manje pen san ledven, men nan premye jou a, nou va retire tout ledven ki nan kay nou yo. Paske nenpòt moun ki manje nenpòt bagay avèk ledven depi nan premye jou a jis rive nan setyèm jou a, moun sa va koupe retire nèt de Israël.
“‘Seven days you shall eat unleavened bread; even the first day you shall put away yeast out of your houses, for whoever eats leavened bread from the first day until the seventh day, that soul shall be cut off from Israel.
16 “Nan premye jou a nou va fè yon konvokasyon sen, e yon lòt konvokasyon sen nan setyèm jou a. P ap gen travay k ap fèt nan yo, sof sa ki oblije fèt pou manje a chak moun; se sa sèl nou kapab prepare.
In the first day there shall be to you a holy convocation, and in the seventh day a holy convocation; no kind of work shall be done in them, except that which every man must eat, only that may be done by you.
17 “Nou va osi obsève fèt Pen San Ledven an, paske nan jou sa a menm, Mwen te fè lame nou yo sòti nan peyi Égypte la. Pou sa, nou va obsève jou sa pandan jenerasyon nou yo kòm yon règleman k ap la pou tout tan.
You shall observe the feast of unleavened bread; for in this same day I have brought your armies out of the land of Egypt. Therefore you shall observe this day throughout your generations by an ordinance forever.
18 “Nan premye mwa a, nan katòzyèm jou nan mwa a, nan aswè, nou va manje pen san ledven an, jiska vente-yen jou nan mwa a, lè l rive nan aswè.
In the first month, on the fourteenth day of the month at evening, you shall eat unleavened bread, until the twenty first day of the month at evening.
19 Pandan sèt jou yo nou pa pou twouve ledven lakay nou paske nenpòt moun ki manje sa ki leve, moun sa a va vin koupe retire nèt de asanble Israël la, menm si se yon etranje, oswa yon natif peyi a.
There shall be no yeast found in your houses for seven days, for whoever eats that which is leavened, that soul shall be cut off from the congregation of Israel, whether he is a foreigner, or one who is born in the land.
20 Nou pa pou manje anyen avèk ledven. Nan tout abitasyon nou yo nou va manje pen san ledven.”
You shall eat nothing leavened. In all your habitations you shall eat unleavened bread.’”
21 Alò, Moïse te rele tout ansyen Israël yo e te di yo: “Ale pran pou nou menm jenn mouton yo selon fanmi nou, e touye jenn mouton Pak la.
Then Moses called for all the elders of Israel, and said to them, “Draw out, and take lambs according to your families, and kill the Passover.
22 Nou va pran yon pake izòp e fonse li nan san basen an, epi mete kèk nan san basen an sou de chanbrann yo avèk travès lento pòt yo. Pèsòn pa pou ale deyò pòt kay li jis rive nan maten.
You shall take a bunch of hyssop, and dip it in the blood that is in the basin, and strike the lintel and the two door posts with the blood that is in the basin. None of you shall go out of the door of his house until the morning.
23 Paske SENYÈ a va travèse pou frape Ejipsyen yo; epi lè Li wè san sou travès lento pòt yo, ak sou de chanbrann pòt yo, SENYÈ a va pase sou pòt la, e Li p ap kite destriktè a antre nan kay nou pou frape nou.
For Yahweh will pass through to strike the Egyptians; and when he sees the blood on the lintel, and on the two door posts, Yahweh will pass over the door, and will not allow the destroyer to come in to your houses to strike you.
24 “Epi nou va obsève evènman sa a kòm yon règleman pou nou menm avèk pitit nou yo pou tout tan.
You shall observe this thing for an ordinance to you and to your sons forever.
25 Lè nou antre nan peyi ke SENYÈ a va bannou an, jan Li te pwomèt nou an, nou va obsève sèvis sakre sila a.
It shall happen when you have come to the land which Yahweh will give you, as he has promised, that you shall keep this service.
26 “Epi lè pitit nou di nou: ‘Kisa sa vle di selon sèvis sila a?’
It will happen, when your children ask you, ‘What do you mean by this service?’
27 Nou va di: ‘Sa se yon sakrifis Pak la pou SENYÈ a ki te pase sou kay a fis Israël yo nan Égypte lè Li t ap frape Ejipsyen yo, men te epanye lakay nou.’” Konsa, pèp la te bese ba, e te adore.
that you shall say, ‘It is the sacrifice of Yahweh’s Passover, who passed over the houses of the children of Israel in Egypt, when he struck the Egyptians, and spared our houses.’” The people bowed their heads and worshiped.
28 Alò, fis Israël yo te ale fè sa, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an, konsa yo te fè.
The children of Israel went and did so; as Yahweh had commanded Moses and Aaron, so they did.
29 Alò li te vin rive nan minwi, SENYÈ a te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, depi premye ne a Farawon ki te chita sou twòn li an, jis rive nan premye ne nan kaptif ki te nan prizon yo, e menm tout premye ne nan bèt yo.
At midnight, Yahweh struck all the firstborn in the land of Egypt, from the firstborn of Pharaoh who sat on his throne to the firstborn of the captive who was in the dungeon, and all the firstborn of livestock.
30 Farawon te leve nan nwit lan, li ak sèvitè li yo avèk tout Ejipsyen yo. Yo te gen yon gwo lamantasyon nan tout Égypte la, paske pa t gen kay kote moun pa t mouri.
Pharaoh rose up in the night, he, and all his servants, and all the Egyptians; and there was a great cry in Egypt, for there was not a house where there was not one dead.
31 Epi li te rele Moïse avèk Aaron nan nwit lan. Li te di yo: “Leve e kite pèp mwen an, ni nou menm, ni fis Israël yo. Ale adore SENYÈ a, jan nou te di a.
He called for Moses and Aaron by night, and said, “Rise up, get out from among my people, both you and the children of Israel; and go, serve Yahweh, as you have said!
32 Pran ni bann mouton nou yo, ni twoupo nou yo, jan nou te di a, epi ale. Konsa, beni mwen tou!”
Take both your flocks and your herds, as you have said, and be gone; and bless me also!”
33 Ejipsyen yo ak ijans menm, te ankouraje pèp la pou kite peyi a byen vit, paske yo te di: “Nou tout pral mouri.”
The Egyptians were urgent with the people, to send them out of the land in haste, for they said, “We are all dead men.”
34 Alò pèp la te pran pat farin ki potko leve yo, ak bòl pou petri yo byen mare nan rad yo, sou zepòl yo.
The people took their dough before it was leavened, their kneading troughs being bound up in their clothes on their shoulders.
35 Alò, fis Israël yo te fè selon pawòl a Moïse la, paske yo te mande nan men Ejipsyen yo, bagay ki fèt an ajan, bagay ki fèt avèk lò, avèk vètman.
The children of Israel did according to the word of Moses; and they asked of the Egyptians jewels of silver, and jewels of gold, and clothing.
36 Konsa, SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo, jiskaske yo te sede a demann sa a. Konsa, yo te vin piyaje Ejipsyen yo.
Yahweh gave the people favor in the sight of the Egyptians, so that they let them have what they asked. They plundered the Egyptians.
37 Alò, fis Israël yo te vwayaje soti nan Ramsès rive Succoth, anviwon sis-san-mil òm apye, san kontwole timoun.
The children of Israel traveled from Rameses to Succoth, about six hundred thousand on foot who were men, in addition to children.
38 Yon gran foul byen mele osi te monte avèk yo, menm avèk bann mouton ak twoupo, yon trè gran kantite bèt.
A mixed multitude went up also with them, with flocks, herds, and even very much livestock.
39 Yo te kwit pat farin ke yo te fè sòti an Égypte yo, e yo te fè gato ak pen san ledven yo. Li pa t leve, akòz ke yo te chase sòti an Égypte, e yo pa t kab pran reta, ni yo pa t prepare okenn manje pou yo menm.
They baked unleavened cakes of the dough which they brought out of Egypt; for it wasn’t leavened, because they were thrust out of Egypt, and couldn’t wait, and they had not prepared any food for themselves.
40 Alò tan ke fis Israël yo te pase an Égypte la te kat-san-trant ane.
Now the time that the children of Israel lived in Egypt was four hundred thirty years.
41 Nan fen kat-san-trant ane yo, jis rive nan jou a menm, tout lame SENYÈ a te sòti an Égypte.
At the end of four hundred thirty years, to the day, all of Yahweh’s armies went out from the land of Egypt.
42 Se yon nwit pou nou obsève pou SENYÈ a, paske li fè yo sòti nan peyi Égypte la. Nwit sa a se pou SENYÈ a, pou obsève pa tout fis Israël yo selon tout jenerasyon pa yo.
It is a night to be much observed to Yahweh for bringing them out from the land of Egypt. This is that night of Yahweh, to be much observed by all the children of Israel throughout their generations.
43 SENYÈ a te di a Moise avèk Aaron: “Sa se òdonans Pak la. Okenn etranje pa pou manje li;
Yahweh said to Moses and Aaron, “This is the ordinance of the Passover. No foreigner shall eat of it,
44 men esklav a chak moun, achte avèk lajan, lè nou fin sikonsi li, alò, li kapab manje nan li.
but every man’s servant who is bought for money, when you have circumcised him, then shall he eat of it.
45 Yon etranje ki rete pami nou, oswa yon sèvitè ki anplwaye, pa pou manje l.
A foreigner and a hired servant shall not eat of it.
46 “Li oblije manje nan yon sèl kay. Nou pa pou mennen okenn nan chè a andeyò kay la, ni nou pa pou kase okenn nan zo li.
It must be eaten in one house. You shall not carry any of the meat outside of the house. Do not break any of its bones.
47 Tout asanble Israël la dwe obsève fèt sa a.
All the congregation of Israel shall keep it.
48 “Men si yon etranje rete avèk nou, li selebre fèt Pak la bay SENYÈ a, ke tout mal gason li yo vin sikonsi, e kite li pwoche pou selebre li. Konsa, li va devni yon natif peyi a. Men okenn moun san sikonsisyon pa pou manje li.
When a stranger lives as a foreigner with you, and would like to keep the Passover to Yahweh, let all his males be circumcised, and then let him come near and keep it. He shall be as one who is born in the land; but no uncircumcised person shall eat of it.
49 Menm règ sa a va aplike a natif la tankou etranje ki demere pami nou yo.”
One law shall be to him who is born at home, and to the stranger who lives as a foreigner among you.”
50 Alò, tout fis Israël yo te fè sa. Yo te fè sa jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an.
All the children of Israel did so. As Yahweh commanded Moses and Aaron, so they did.
51 Epi nan menm jou sa a, SENYÈ a te mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la selon lòd lame pa yo.
That same day, Yahweh brought the children of Israel out of the land of Egypt by their armies.

< Egzòd 12 >