< Eklezyas 11 >

1 Voye pen ou sou sifas dlo, e apre anpil jou, ou va twouve l. 2 Divize byen ou fè sèt, oswa uit menm; paske ou pa janm konnen ki malè k ap rive sou latè. 3 Si nwaj yo plen, yo vide lapli sou latè; epi si yon bwa tonbe vè sid, oswa vè nò, kote li tonbe a, se la l ap kouche. 4 Sila ke veye van an p ap simen; ni sila ki veye syèl la p ap rekòlte. 5 Menm jan ke ou pa konnen chemen van an, ni jan zo yo vin fòme nan vant a fanm ansent lan, se konsa ou pa konnen zèv Bondye ki fè tout bagay la. 6 Simen semans ou nan maten an; ni pa gaspiye tan nan aswè. Paske ou pa janm konnen si se nan maten oswa nan aswè semans lan ap reyisi; ni si se pa tou de k ap bon. 7 Limyè a byen bèl, e li bon pou zye wè solèy la. 8 Anverite, si yon nonm ta viv anpil ane, kite li rejwi li nan yo tout; men pa kite l bliye jou tenèb yo, paske yo va anpil. Tout sa ki gen pou vini se vanite. 9 Rejwi jennonm, pandan jenès ou, e kite kè ou rete kontan pandan ane de laj jenès ou yo. Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou, men konnen byen ke Bondye va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo. 10 Pou sa, retire gwo doulè ak mechanste pou l pa nan kè ou, e fè mal rete lwen chè ou; paske jenès ak ane jenès yo va disparèt vit.

< Eklezyas 11 >