< Deteronòm 7 >

1 “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou vini nan peyi kote nou ap antre pou posede a, e chase devan nou anpil lòt nasyon, Etyen yo, Gigachyen yo, Amoreyen yo, avèk Kanaaneyen yo, Perezit yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, sèt nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo;
Gdy PAN, twój Bóg, wprowadzi cię do ziemi, do której wchodzisz, by ją posiąść, i [gdy] wypędzi przed tobą wiele narodów: Chetytów, Girgaszytów, Amorytów, Kananejczyków, Peryzzytów, Chiwwitów i Jebusytów – siedem narodów liczniejszych i potężniejszych niż ty;
2 epi lè SENYÈ a, Bondye nou an, delivre yo devan nou e nou fin bat yo, alò, nou va detwi yo nèt. Nou p ap fè okenn akò avèk yo e nou p ap montre yo okenn favè.
[Gdy] więc PAN, twój Bóg, wyda je tobie, wytępisz je, doszczętnie je wyniszczysz, nie zawrzesz z nimi przymierza i nie zlitujesz się nad nimi;
3 Anplis, nou p ap marye avèk yo. Nou pa pou bay fi nou yo bay fis pa yo, ni nou p ap pran fi pa yo pou fis nou yo.
Nie będziesz z nimi zawierał małżeństw: swej córki nie dasz ich synowi i ich córki nie weźmiesz dla swego syna;
4 Paske yo va detounen fis nou yo lwen de sèvi Mwen, pou sèvi lòt dye yo. Konsa, kòlè SENYÈ a va limen kont nou, e Li va detwi nou byen vit.
Gdyż odwiodłaby twego syna od kroczenia za mną, by służyli innym bogom. Wtedy rozpaliłby się gniew PANA na was i prędko by was wytępił.
5 Men se konsa nou va fè yo: nou va chire lotèl yo, kraze pilye sakre yo, koupe an mòso tout poto Ashera yo, e brile imaj taye yo avèk dife.
Lecz tak z nimi postąpicie: Zburzycie ich ołtarze, pokruszycie ich pomniki, wytniecie ich gaje i spalicie ogniem ich rzeźbione posągi.
6 Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi nou kòm yon pèp ki pou pwòp posesyon pa li pami tout pèp ki sou fas latè yo.
Ty bowiem jesteś świętym ludem dla PANA, swego Boga: PAN, twój Bóg, wybrał cię, abyś był dla niego szczególnym ludem spośród wszystkich narodów, które są na ziemi.
7 “SENYÈ a pa t plase lanmou Li sou nou ni chwazi nou akoz ke nou te plis an kantite ke tout lòt pèp yo, paske nou te pi piti pase tout pèp yo,
PAN umiłował was i wybrał was nie dlatego, że byliście liczniejsi od innych narodów, gdyż byliście najmniej liczni ze wszystkich narodów;
8 men akoz SENYÈ a te renmen nou e te kenbe sèman ke Li te fè a zansèt nou yo, SENYÈ a te mennen nou sòti pa yon men pwisan, e te peye ranson nou soti nan kay esklavaj la, soti nan men Farawon, wa Égypte la.
Lecz ponieważ PAN was umiłował i chciał dochować przysięgi, którą złożył waszym ojcom, PAN wyprowadził was potężną ręką i wykupił was z domu niewoli, z ręki faraona, króla Egiptu.
9 “Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,
Uznaj więc, że PAN, twój Bóg, jest Bogiem, Bogiem wiernym, który zachowuje przymierze i miłosierdzie do tysiącznego pokolenia względem tych, którzy go miłują i przestrzegają jego przykazań;
10 men ki rekonpanse sila ki rayi Li yo devan figi yo, pou detwi yo. Li p ap fè reta avèk sila ki rayi Li a. Li va rekonpanse li devan figi li.
A odpłaca w twarz tym, którzy go nienawidzą, aby ich zniszczyć. Nie zwleka [z karą] dla tego, który go nienawidzi; odpłaci mu w twarz.
11 “Pou sa, nou va kenbe kòmandman yo, lwa avèk jijman ke Mwen ap kòmande nou yo jodi a, pou nou fè.
Przestrzegaj więc przykazań, nakazów i praw, które ja dziś nakazuję ci wypełnić.
12 “Epi li va vin rive ke akoz nou te koute jijman sa yo, nou te kenbe e te fè yo, ke SENYÈ Bondye nou an, va kenbe nou avèk akò Li ak lanmou dous ke Li te sèmante vè zansèt nou yo.
Jeśli będziecie słuchać tych praw, przestrzegać ich i wypełniać [je], wtedy PAN, twój Bóg, dochowa ci przymierza i miłosierdzia, które poprzysiągł twoim ojcom.
13 Li va renmen nou, beni nou, e fè nou vin miltipliye. Li va, osi, beni fwi a vant nou, fwi a tè nou, e diven nèf ak lwil nou, kwasans a twoupo nou, avèk jenn bann mouton nou, nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou.
I będzie cię miłował, błogosławił ci i rozmnoży cię. I pobłogosławi owoc twego łona i owoc twojej ziemi: twoje zboże, twoje wino i twoją oliwę, przyrost twoich krów i trzody twoich owiec na ziemi, którą poprzysiągł twoim ojcom dać tobie.
14 Nou va beni plis ke tout pèp. P ap gen ni mal, ni femèl k ap esteril pami nou ni pami bèt nou yo.
Będziesz błogosławiony ponad wszystkie narody. Nie będzie niepłodnego i niepłodnej ani wśród ciebie, ani wśród twego bydła.
15 “Senyè a va retire pami nou tout maladi; epi Li pa p mete sou nou okenn nan move maladi Égypte ke nou te konnen yo, men Li va mete yo sou tout sila ki rayi nou yo.
PAN oddali też od ciebie każdą chorobę i nie ześle na ciebie żadnych dotkliwych chorób Egiptu, które poznałeś, lecz ześle je na wszystkich, którzy cię nienawidzą.
16 Nou va devore tout pèp ke SENYÈ Bondye nou an, va livre bannou. Zye nou p ap bay yo pitye, ni nou p ap sèvi dye pa yo, paske sa ta yon pèlen pou nou.
I wytępisz wszystkie narody, które PAN, twój Bóg, tobie wyda; nie zlituje się nad nimi twoje oko. I nie będziesz służył ich bogom, bo byłoby to dla ciebie sidłem.
17 “Si nou ta di nan kè nou: ‘Nasyon sa yo pi gran ke nou; kijan mwen kapab chase yo?’
Jeśli powiesz w swym sercu: Te narody są liczniejsze ode mnie, jakże będę mógł je wypędzić?
18 nou pa pou pè yo. Nou va byen sonje sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè Farawon ak tout Égypte:
Nie bój się ich, ale dobrze pamiętaj to, co PAN, twój Bóg, uczynił faraonowi i całemu Egiptowi;
19 Nou te wè avèk zye nou gwo eprèv, sign avèk mèvèy, men pwisan avèk bwa lonje pa sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti. Konsa, SENYÈ a, Bondye nou an, va fè ak tout pèp ke nou konn pè yo.
Te wielkie doświadczenia, które twoje oczy widziały, te znaki, cuda, potężną rękę i wyciągnięte ramię, którymi PAN, twój Bóg, cię wyprowadził. Tak uczyni PAN, twój Bóg, wszystkim narodom, których się boisz.
20 “Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va voye gèp kont yo, jiskaske tout sila ki te rete kache yo vin mouri.
Ponadto PAN, twój Bóg, ześle na nich szerszenie, aż wyginą ci, którzy pozostali, i ci, którzy ukryli się przed tobą.
21 Nou pa pou pè yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, yon gran Bondye ki mèvèye.
Nie drżyj przed nimi, gdyż PAN, twój Bóg, [jest] pośród ciebie, Bóg wielki i straszliwy.
22 “SENYÈ a, Bondye nou an, va netwaye retire nasyon sa yo devan nou mòso pa mòso. Nou p ap kab fini avèk yo vit yon sèl kou, paske bèt sovaj yo ta vin peple twòp pou nou.
I PAN, twój Bóg, wypędzi przed tobą te narody z wolna i po trosze: Nie będziesz mógł wytępić ich szybko, aby nie rozmnożyły się przeciw tobie zwierzęta polne.
23 Men SENYÈ a, Bondye nou an, va livre yo devan nou, e Li va jete yo nan gran konfizyon jiskaske yo vin detwi.
Lecz PAN, twój Bóg, wyda je tobie i porazi je wielką klęską, aż będą wyniszczone.
24 Li va livre wa yo nan men nou pou nou fè non yo peri anba syèl la. Nanpwen yon moun ki kab kanpe devan nou jiskaske nou fin detwi yo nèt.
I wyda ich królów w twoje ręce i zgładzisz ich imię spod nieba. Nikt nie ostoi się przed tobą, aż ich wytępisz.
25 “Imaj a dye pa yo, nou va brile yo avèk dife. Nou p ap anvi ni ajan ni lò ki sou yo, ni pran yo pou nou menm, sinon, sa va devni yon pèlen pou nou; paske se yon abominasyon a SENYÈ a, Bondye nou an.
Rzeźbione posągi ich bogów spalisz w ogniu. Nie będziesz pożądał srebra ani złota, [które jest] na nich, ani nie będziesz brał go dla siebie, byś nie został przez nie usidlony, ponieważ to budzi odrazę u PANA, twego Boga.
26 Nou p ap fè antre yon abominasyon konsa lakay nou, oswa tankou li, nou va vin anba madichon. Rayi li nèt e deteste li, paske li se yon bagay ki anba madichon.”
Nie wnoś [takiej] obrzydliwości do swego domu, abyś się nie stał przekleństwem tak jak i ona. Będziesz się nią bardzo brzydził i czuł do niej ogromny wstręt, gdyż to jest przekleństwo.

< Deteronòm 7 >