< Kolòs 2 >

1 Paske mwen vle fè nou konnen jan lit la gran pou nou menm ansanm ak sila ki Laodicée yo, e menm pou tout sila ki pa t, pèsonèlman, wè figi mwen yo;
我想让你们知道我是多么的努力工作,为了你们、为了老底嘉的人们,事实上还为那些不曾见过面的人们。
2 pou kè pa yo kapab ankouraje, akoz ke yo vin trese ansanm nan lanmou an. Se konsa yo atenn tout richès ki sòti nan asirans konplè a bon konprann nan, ki pwodwi kòm rezilta, vrè konesans mistè Bondye a, ki se Kris la, Li menm.
我的努力是为了让你们能够受到鼓舞,让你们在爱中彼此联系,可以凭借领悟而感到完全的确信,以此获得巨大的益处,因为这才是上帝带来的真正知识。希望你们知道,上帝显化的奥秘,那就是耶稣!
3 Nan Li menm kache tout trezò sajès ak konesans yo.
通过耶稣,你们可以发现一切智慧和知识。
4 Mwen di sa pou pèsòn pa twonpe nou avèk diskou ki kab sedwi moun.
我说这些话,免得有人用花言巧语欺骗你们。
5 Paske menm si mwen absan nan kò a, malgre sa mwen avèk nou nan Lespri a, epi m ap rejwi pou wè bon disiplin ak stabilite lafwa nou nan Kris la.
我的身体虽然没有和你们在一起,灵却与你们同在。很高兴看见团结在一起,坚定地信基督。
6 Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou mache nan Li.
一如你们如何接受基督耶稣为主,就按照这种方式追随他,
7 Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plenn avèk remèsiman an.
以他为根基,以他进行修建。希望你们对他的信能继续变得更强壮,遵循一直向你们教导的,对上帝充满感激。
8 Veye ke pèsòn pa fè nou prizonye atravè filosofi ak fo manèv, pa tradisyon a lòm yo, nan prensip de baz mond lan, olye de pa Kris.
要小心,不要哪些不遵循基督、而是按照人的传统和世俗言论,皆有其哲学和骗人的空谈,奴役你们。
9 Paske nan Li menm tout aspè konplè a Bondye a egziste nan fòm a yon kò fizik.
因为上帝神圣本性,以基督身体的形式完整存在,
10 Epi nan Li menm nou vin konplè nèt, paske se Li menm ki chèf an tèt sou tout wayòm ak otorite yo.
你们也因他而完整。他远远高于所有执政掌权者。
11 Konsa, nan Li menm nou te sikonsi avèk yon sikonsizyon ki fèt san men, ki retire kò lachè a pa sikonsizyon a Kris la.
通过它,你们接受了“割礼”,但并非由人手进行,而是通过基督提供的割礼,从人类罪的天性中获得自由。
12 Nou te antere avèk Li nan batèm nan. Nan li menm, nou te anplis resisite avèk Li pa lafwa kon yon zèv Bondye, ki te leve Li sòti nan lanmò a.
你们在洗礼中已与他埋葬在一起,也因信上帝将基督从死人中复活的行为,与耶稣一同复活了。
13 Lè nou te mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo.
尽管你们因罪和肉体未受割礼而死亡,但上帝让你们与基督一起复活,上帝赦免了我们的一切罪。
14 Konsa Li te anile sètifika dèt nou ki te fòme pa dekrè kont nou yo, ki te parèt kòm lènmi nou. Konsa, Li te mete l sou kote, lè L te kloue li sou kwa a.
他根据那用于反对我们的律法,抹去了我们的债;他把这障碍钉在十字架上,以此将其移除。
15 Lè Li te fin dezame gouvènè ak otorite yo, Li te fè yo vin afiche piblikman e te triyonfe sou yo pa Li menm.
他废除了精神统治者和掌权者的权利,将他们的真正的样子公开显示,用胜利彻底征服他们。
16 Konsa, pa kite pèsòn aji kòm jij nou konsènan manje oubyen bwason, ni respè a yon jou fèt oubyen yon lalin tounèf oubyen yon jou Saba.
所以不要让任何人因你们所选择遵循的饮食、宗教节日、新的拜月仪式或安息日庆祝,而批评你们。
17 Bagay sila yo se lonbraj a sila ki dwe vini an; men vrè sibstans lan apatyen a Kris.
这些不过是即将到来之事的影子,因为那真正的现实就是基督。
18 Pa kite pèsòn kontinye prive nou de prim nou an pa riz fo imilite ak adorasyon zanj yo, ki baze pozisyon li sou vizyon yo li te fè, ki anfle san rezon ak ògèy pa panse chanèl li,
不要让人通过欺骗夺去你们的奖赏,他们坚持让你们故作谦卑或敬拜天使。他们说自己曾看到过异像,所以就认为自己好于任何人,他们的有罪思想也变得如此自负,令人可笑。
19 ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye.
这样的人并没有与自己的头连接,没有用头指导身体,没有通过身体的关节和筋络获得滋养,连接在一起。因为身体是连接在一起的,按照上帝希望它成长的方式成长。
20 Si nou te mouri avèk Kris a prensip de baz mond yo, poukisa, kòmsi nou t ap viv nan mond lan, nou soumèt nou a kalite dekrè konsa, kòm
你们若与基督一同死去,摆脱世俗强加给你们的宗教要求,为什么好像仍然是这个世界的一部分,仍然要受这些要求的摆布,
21 “Pa manyen, pa goute, pa touche!”
比如“不可拿、不可尝、不可触”的要求?
22 (Ki tout fè referans a bagay ki fèt pou peri pandan y ap sèvi yo)—an akò avèk kòmandman ak enstriksyon a lòm yo?
这些要求所指,是一经使用就会坏掉的东西。这些规条是照着人的要求和教训而定。
23 Bagay sa yo ki gen, asireman, aparans a sajès nan kwayans relijye ki fèt pou kont li, avèk imilyasyon de li menm, ak move tretman kò a, men ki pa gen okenn valè kont plezi lachè a.
对于那些以自我为中心敬拜之人、故作谦卑之人和“苦修身体”之人,这些规则似乎合情合理。但事实上,它们在应对所有罪恶欲望方面,没有任何帮助。

< Kolòs 2 >