< 2 Samyèl 8 >

1 Konsa, li te vin rive ke David te bat Filisten yo e te mete yo anba lòd. David te pran kontwòl a vil prensipal la soti nan men a Filisten yo. 2 Li te bat Moab, li te mezire kaptif yo avèk yon lign. Konsa li te fè yo kouche atè, li te mezire longè de lign pou mete yo a lanmò, ak yon lign antye pou lèse yo viv. Epi Moabit yo te devni sèvitè a David e yo te pote peye taks obligatwa. 3 Alò, David te bat Hadadézer, fis a Rehob la, wa a Tsoba, pandan li te nan wout pou reprann kontwòl li nan Rivyè Euphrate la. 4 David te kaptire soti nan men li, mil-sèt-san chevalye avèk ven-mil sòlda a pye. Li te koupe jarèt a cheval cha yo, men li te konsève kont nan yo pou rale yon santèn cha. 5 Lè Siryen a Damas yo te vini pou bay sekou a Hadadézer, wa a Tsoba a, David te touye venn-de-mil Siryen. 6 Epi David te mete anplasman sòlda pami Siryen Damas yo. Siryen yo te vin soumèt a David e te pote taks obligatwa. Epi SENYÈ a te ede David tout kote li te ale. 7 David te pran boukliye fèt an lò ki te pote pa sèvitè a Hadadézer yo e li te mennen yo Jérusalem. 8 Soti nan Béthach avèk Bérothaï, vil a Hadadézer yo, Wa David te pran yon gran kantite bwonz. 9 Alò lè Thoï, wa a Hamath la te tande ke David te bat tout lame a Hadadézer a. 10 Konsa, Thoï te voye Joram, fis li a kote Wa David pou salye li e fè li felisitasyon akoz li te goumen kont Hadadézer e te bat li. Paske Hadadézer t ap fè lagè avèk Thoï. Epi Joram te mennen avèk li bagay fèt an ajan, an lò, e an bwonz. 11 Wa David te dedye sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te dedye soti nan tout nasyon ke Li te soumèt anba li menm yo: 12 Soti nan Syrie avèk Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo avèk Amalekit yo, ak piyaj ki te soti osi nan Hadadézer, fis a Thoï a, wa a Tsoba a. 13 Konsa, David te vin fè yon non byen koni pou kont li, lè li te retounen soti nan touye dizui-mil Siryen nan Vale Sèl la. 14 Li te etabli anplasman militè yo nan Édom. Nan tout Édom, li te fè anplasman militè e tout Edomit yo te devni sèvitè a David. Konsa, SENYÈ a te ede David tout kote li te ale. 15 David te renye sou tout Israël. Li te administre lajistis avèk ladwati pou tout pèp li a. 16 Joab, fis Tseruja a te sou lame a e Josaphat, fis a Achilud la te grefye a. 17 Tsadok, fis a Achithub la avèk Achilémec, fis a Abithar a te prèt e Tseriah te sekretè. 18 Benaja, fis a Jehojada a te chèf sou Keretyen avèk Peletyen yo; epi fis a David yo te chèf ministè leta yo.

< 2 Samyèl 8 >