< 2 Samyèl 19 >

1 Alò, li te pale a Joab: “Gade byen, wa a ap kriye e fè lamantasyon pou Absalom.”
Now it was reported to Joab that the king was weeping and mourning for his son.
2 Viktwa a jou sa a te boulvèse vin fè dèy pou tout pèp la. Paske moun ki te tande li yo nan jou sa a te di: “Wa a ap lamante pou fis li a.”
And so the victory on that day was turned into mourning for all the people. For the people heard it said on that day, “The king is grieving over his son.”
3 Konsa, moun yo te antre nan vil la nan jou sa a kòmsi an sekrè tankou yon pèp ki imilye e kouri kache pou kite batay la.
And the people declined to enter the city on that day, in the manner that the people were accustomed to decline if they had turned and fled from battle.
4 Wa a te kouvri figi li e te kriye fò avèk yon gwo vwa: “O fis mwen, Absalom, O Absalom, fis mwen, fis mwen!”
And the king covered his head, and he was crying out in a great voice: “My son, Absalom! Absalom, my son, my son!”
5 Alò, Joab te antre nan kay la vè wa a. Li te di: “Jodi a, ou te kouvri avèk lawont tout figi a tout sèvitè ou yo, ki, jodi a, te sove lavi ou, lavi a fis ou yo ak fi ou yo, lavi a madanm ou yo ak lavi a ti mennaj ou yo,
Therefore, Joab, entering to the king in the house, said: “Today you have shamed the faces of all your servants, who saved your life, and the lives of your sons and your daughters, and the lives of your wives, and the lives of your concubines.
6 akoz ou te vin renmen sila ki rayi ou yo, e rayi sila ki renmen ou yo. Paske ou te montre nan jou sa a ke prens yo avèk sèvitè ou yo pa anyen a ou menm. Paske mwen vin aprann nan jou sa a ke si Absalom te vivan e nou tout te fin mouri, ke ou ta gen kè kontan.
You love those who hate you, and you hate those who love you. And you have revealed this day that you have no concern for your leaders and for your servants. And truly, I know now that if Absalom had lived, and if we all had been killed, then it would have pleased you.
7 Alò, pou sa, leve ale deyò a pou pale pawòl ki dous avèk sèvitè ou yo. Paske mwen sèmante pa SENYÈ a ke si ou pa sòti deyò, anverite, p ap gen yon moun k ap pase nwit lan avèk ou e sa va pi mal pou ou pase tout lòt mal ki gen tan parèt sou ou soti nan jenès ou jis rive koulye a.”
Now then, rise up and go out, and speak so as to make amends to your servants. For I swear to you by the Lord that if you will not go forth, not even one person will be left with you this night. And this will be worse for you than all the evils that have come to you, from your youth even to the present.”
8 Pou sa, wa a te leve chita nan pòtay la. Lè yo te pale tout pèp la e te di: “Men vwala, wa a chita nan pòtay la,” alò, tout pèp la te vini devan wa a. Alò, Israël te fin sove ale, chak moun nan pwòp tant pa yo.
Therefore, the king rose up, and he sat at the gate. And it was announced to all the people that the king was sitting at the gate. And the entire multitude went before the king. But Israel fled to their own tents.
9 Tout pèp la t ap fè kont pami tout tribi Israël yo, e t ap di: “Wa a te delivre nou soti nan men a lènmi nou yo e te sove nou soti nan men a Filisten yo; men koulye a, li gen tan sove ale kite peyi a devan Absalom.
And all the people were conflicted, in all the tribes of Israel, saying: “The king has freed us from the hand of our enemies. He himself saved us from the hand of the Philistines. But now he flees from the land for the sake of Absalom.
10 Malgre sa, Absalom, ke nou te onksyone sou nou an, te mouri nan batay la. Alò, pou sa, poukisa nou rete san pale nan afè mennen wa a fè l tounen an?”
But Absalom, whom we anointed over us, has died in the war. How long will you be silent, and not lead back the king?”
11 Epi Wa David te voye kote Tsadok ak Abiathar, prèt yo, e te di: “Pale avèk ansyen Juda yo e di: ‘Poukisa se nou ki dènye pou mennen fè wa a tounen lakay li a, depi pawòl a tout Israël la gen tan rive vè wa a, menm kote lakay li?
Then truly, king David sent to Zadok and Abiathar, the priests, saying: “Speak to those greater by birth of Judah, saying: ‘Why have you arrived last to lead back the king into his house? (For the talk in all of Israel had reached the king in his house.)
12 Nou menm se frè m; nou se zo a zo mwen e chè a chè mwen. Poukisa konsa nou ta dwe dènye pou mennen wa a fè l tounen?’
You are my brothers; you are my bone and my flesh. Why are you the last to lead back the king?’
13 Di Amasa: ‘Èske ou pa zo a zo mwen e chè a chè mwen? Ke Bondye ta fè sa pou mwen e menm plis si se pa ou menm ki va chèf lame devan mwen nèt nan plas Joab.’”
And say to Amasa: ‘Are you not my bone and my flesh? May God do these things, and may he add these other things, if you will not be the leader of the military in my sight, for all time, in the place of Joab.’”
14 Konsa, li te vire kè tout mesye Juda yo tankou se te yon sèl moun, jiskaske yo te voye vè wa a e te di: “Retounen, ou menm avèk tout sèvitè ou yo.”
And he inclined the heart of all the men of Judah, as if one man. And they sent to the king, saying, “Return, you and all your servants.”
15 Alò, wa a te retounen e te vin jis nan Rivyè Jourdain an. Epi Juda te vini Guilgal pou rankontre wa a, pou mennen wa a travèse Jourdain an.
And the king returned. And he went as far as the Jordan, and all of Judah went as far as Gilgal, so as to meet the king, and to lead him across the Jordan.
16 Epi Schimeï, fis a Guéra a, Benjamit ki sòti Bachurim nan te fè vit vin desann avèk mesye Juda yo pou rankontre Wa David.
And Shimei, the son of Gera, the son of Benjamin, from Bahurim, hurried and descended with the men of Judah to meet king David,
17 Te gen mil mesye Benjamin avèk li, avèk Tsiba, sèvitè lakay Saül la, kenz fis li yo avèk ven sèvitè yo avèk li; epi yo te prese rive nan Jourdain an avan wa a.
with one thousand men from Benjamin, and with Ziba, the servant from the house of Saul. And with him were his fifteen sons and twenty servants. And going into the Jordan,
18 Alò, yo te kontinye travèse kote pou janbe a pou fè travèse fanmi a wa a; epi pou fè sa ki bon nan zye li. Epi Schimeï, fis a Guéra a te tonbe ba devan wa a pandan li t ap prepare pou travèse Jourdain an.
they crossed the fords before the king, so that they might lead across the house of the king, and might act in accord with his order. Then, Shimei, the son of Gera, prostrating himself before the king after he had now gone across the Jordan,
19 Konsa, li te di a wa a: “Pa kite mèt mwen konsidere mwen kòm koupab, ni sonje mal ke sèvitè ou te fè nan jou lè mèt mwen an, wa a, te sòti Jérusalem, pou wa a ta pran sa a kè.
said to him: “May you not impute to me, my lord, the iniquity, nor call to mind the injuries, of your servant in the day that you, my lord the king, departed from Jerusalem. And may you not store it up in your heart, O king.
20 Paske sèvitè ou konnen ke mwen te peche. Pou sa, gade byen, mwen te rive la jodi a, premyèman nan tout kay Joseph la pou ale desann rankontre mèt mwen an, wa a.”
For as your servant, I acknowledge my sin. And for this reason, today, I arrive as the first from all the house of Joseph, and I descend to meet my lord the king.”
21 Men Abischaï, fis a Tseurja a te di: “Èske Schimeï pa ta dwe mete a lanmò pou sa, akoz li te modi onksyone a SENYÈ a?”
Yet truly, Abishai, the son of Zeruiah, responding, said, “Should not Shimei, because of these words, be killed, since he cursed the Christ of the Lord?”
22 Epi David te di: “Kisa mwen gen pou fè avèk nou, O fis a Tseruja yo, pou nou ta nan jou sila a devni advèsè mwen? Èske okenn moun ta mete a lanmò an Israël jodi a?” Paske èske mwen pa konnen ke se mwen ki wa sou Israël jodi a?
And David said: “What is it to me and to all of you, O sons of Zeruiah? Why are you acting toward me this day like Satan? Why should any man be put to death on this day in Israel? Or do you not know that today I have been made king over Israel?”
23 Wa a te di a Schimeï: “Ou p ap mouri.” Konsa wa a te sèmante a li menm.
And the king said to Shimei, “You shall not die.” And he swore to him.
24 EpiMéphiboscheth, fis a Saül la te desann rankontre wa a. Li pa t okipe pye li, ni taye moustach li, ni lave rad li, depi wa a te pati a jis rive jou ke li te retounen lakay li anpè a.
And Mephibosheth, the son of Saul, descended to meet the king, with unwashed feet and uncut beard. And he had not washed his garments from the day that the king had departed, until the day of his return in peace.
25 Se te lè li te vini Jérusalem pou rankontre wa a ke wa a te di li: “Poukisa ou pa t ale avè m, Méphiboscheth?”
And when he had met the king at Jerusalem, the king said to him, “Why did you not go with me, Mephibosheth?”
26 Konsa, li te reponn: “O mèt mwen, wa a, sèvitè mwen an te twonpe m. Paske sèvitè ou a te di: ‘Mwen va sele yon bourik pou mwen menm pou m kab monte sou li pou ale avèk wa a,’ akoz sèvitè ou a bwete.
And in response, he said: “My lord the king, my servant spurned me. And I, your servant, spoke to him so that he might saddle a donkey for me, and I might climb upon it and go with the king. For I, your servant, am lame.
27 Anplis, li te pale vye bagay a sèvitè ou a mèt mwen, wa a, men mèt mwen an, wa a, se tankou zanj Bondye a. Pou sa, fè sa ki bon nan zye ou.
Moreover, he also accused me, your servant, to you, my lord the king. But you, my lord the king, are like an Angel of God. Do whatever is pleasing to you.
28 Paske tout manm lakay papa m pa t plis ke moun mouri devan mèt mwen an, wa a. Malgre ou te mete sèvitè ou pami sila ki te manje sou pwòp tab pa ou. Ki dwa mwen gen pou m ta plenyen anplis a wa a?”
For my father’s house was deserving of nothing but death before my lord the king. Yet you have placed me, your servant, among the guests of your table. Therefore, what just complaint might I have? Or what else can I cry out to the king?”
29 Konsa, wa a te di li: “Poukisa ou pale toujou nan enterè pa w? Mwen gen tan pran desizyon, ‘Ou avèk Ziba va divize tè a.’”
Then the king said to him: “Why are you still speaking? What I have spoken is fixed. You and Ziba shall divide the possessions.”
30 Méphiboscheth te di a wa a: “Kite li menm vin pran tout pou li menm, akoz mèt mwen, wa a, gen tan retounen nan pwòp kay li.”
And Mephibosheth responded to the king, “But now let him take it all, since my lord the king has been returned peacefully into his own house.”
31 Alò Barzillaï, Gadit la te vin desann soti Roguelim e li te ale nan Jourdain an avèk wa a pou akonpanye li travèse Jourdain an.
Likewise, Barzillai the Gileadite, descending from Rogelim, led the king across the Jordan, having prepared also to follow him beyond the river.
32 Alò, Barzillaï te granmoun anpil, avèk laj a katre-ventan. Li te bay soutyen a wa a pandan li te rete Mahanaïm, paske li te yon nonm byen enpòtan.
Now Barzillai the Gileadite was very old, that is, eighty years old. And he provided the king with sustenance when he was staying at the encampment. For indeed, he was an exceedingly rich man.
33 Wa a te di a Barzillaï: “Vin travèse avèk mwen e mwen va ba ou soutyen Jérusalem bò kote mwen.”
And so the king said to Barzillai, “Come with me, so that you may rest securely with me in Jerusalem.”
34 Men Barzillaï te di a wa a: “Se pou konbyen de tan ke m ap viv toujou pou m ta monte ak wa a Jérusalem?
And Barzillai said to the king: “How many days remain in the years of my life, that I should go up with the king to Jerusalem?
35 Mwen menm, koulye a, mwen nan katre-ventan daj. Èske mwen kapab distenge antre sa ki bon ak sa ki mal? Oswa èske sèvitè ou a kapab goute sa ke m manje, oswa sa ke m bwè? Oswa èske mwen kapab ankò tande vwa lè gason ak fi ap chante? Alò, poukisa sèvitè ou ta dwe devni yon chaj anplis a mèt mwen an, wa a?
Today I am eighty years old. Are my senses quick to discern sweet and bitter? Or is food and drink able to delight your servant? Or can I still hear the voice of men and women singers? Why should your servant be a burden to my lord the king?
36 Sèvitè ou ta sèlman pito travèse Jourdain an avèk wa a. Poukisa wa a ta dwe ban m rekonpans avèk byenfezans sila a?
I, your servant, shall proceed a little ways from the Jordan with you. I am not in need of this recompense.
37 Souple, kite sèvitè ou retounen, pou m kab mouri nan pwòp vil pa m, toupre tonm a papa m avèk manman m. Malgre sa, men sèvitè ou, Kimham; kite li travèse avèk mèt mwen an, wa a e fè pou li sa ki bon nan zye ou.”
But I beg you that I, your servant, may be returned and may die in my own city, and may be buried beside the sepulcher of my father and my mother. But there is your servant Chimham; let him go with you, my lord the king. And do for him whatever seems good to you.”
38 Wa a te reponn: “Kimham va travèse avè m e mwen va fè pou li sa ki bon nan zye pa w. Nenpòt sa ke ou vle m fè m ap fè l pou ou.”
And so the king said to him: “Let Chimham cross over with me, and I will do for him whatever will be pleasing to you. And all that you ask of me, you shall obtain.”
39 Tout moun yo te travèse Jourdain an e wa a te travèse tou. Epi wa a te bo Barzillaï. Li te beni li e li te retounen nan plas li.
And when the entire people and the king had crossed over the Jordan, the king kissed Barzillai, and he blessed him. And he returned to his own place.
40 Koulye a, wa a te avanse rive Guilgal, Kimham te kontinye avèk li. Epi tout pèp Juda a avèk la mwatye nan pèp Israël la te akonpanye wa a.
Then the king went on to Gilgal, and Chimham went with him. Now all the people of Judah had led the king across, but only as much as one half part of the people of Israel were there.
41 Epi vwala, tout mesye Israël yo te vin kote wa a e te di a wa a: “Poukisa frè nou yo, mesye Juda yo te vin vòlè ou? Yo te pati avè w, yo te mennen wa a avèk tout lakay li ak tout mesye David yo avèk li, vin janbe Jourdain an.”
And so, all the men of Israel, running to the king, said to him: “Why have our brothers, the men of Judah, stolen you away. And why have they led the king and his house across the Jordan, and all the men of David with him?”
42 Epi tout mesye Juda yo te reponn mesye Israël yo: “Akoz wa a toupre fanmi a nou. Poukisa konsa nou vin fache akoz afè sila a? Èske nou te manje yon bagay sou kont a wa a, oubyen èske yon bagay te vin separe bannou?”
And all the men of Judah responded to the men of Israel: “Because the king is nearer to me. Why are you angry over this matter? Have we eaten anything belonging to the king, or have any gifts been given to us?”
43 Men mesye Israël yo te reponn mesye Juda yo e te di: “Nou gen dis pati nan wa a; pou sa, nou osi gen plis pati nan David pase ou! Poukisa konsa, ou vin meprize nou? Èske se pa t konsèy pa nou premyèman pou fè wa a tounen?” Men pawòl a Juda yo te pi rèd pase pawòl a Israël yo.
And the men of Israel responded to the men of Judah, and said: “I have the greater amount, ten parts, with the king, and so David belongs to me more so than to you. Why have you caused me injury, and why was it not announced to me first, so that I might lead back my king?” But the men of Judah answered more firmly than the men of Israel.

< 2 Samyèl 19 >