< 2 Istwa 18 >

1 Alò Josaphat te gen gwo richès avèk lonè; epi li te fè alyans avèk Achab pa maryaj. 2 Kèk ane pita, li te desann kote Achab Samarie. Konsa, Achab te touye anpil mouton avèk bèf pou li avèk moun ki te avèk li yo, e li te konvenk li monte kont Ramoth-Galaad. 3 Achab, wa Israël la, te di a Josaphat, wa Juda a: “Èske ou va monte avèk mwen kont Ramoth-Galaad?” Konsa, li te di li: “Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, nou avèk ou nan batay la.” 4 Anplis, Josaphat te di a wa Israël la: “Souple, fè ankèt avan pou pawòl SENYÈ a.” 5 Epi wa Israël la te rasanble tout pwofèt yo, kat-san mesye. Li te di yo: “Èske nou dwe monte kont Ramoth-Galaad pou batay, oswa èske mwen dwe fè bak?” Epi yo te reponn: “Ale monte, paske Bondye va livre li nan men a wa a.” 6 Men Josaphat te di: “Èske pa gen toujou yon pwofèt SENYÈ a pou nou kab mande sa?” 7 Wa Israël la te di a Josaphat: “Gen youn toujou ke nou kab fè demann a SENYÈ a, men mwen rayi li, paske li pa janm pwofetize sa ki bon pou mwen, men toujou, mal. Li se Michée, fis Jimla a.” Men Josaphat te di: “Pa kite wa a pale konsa.” 8 Konsa, wa Israël la te rele yon ofisye e te di: “Fè vit, mennen Michée, fis Jimla a.” 9 Alò, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a te chita yo chak sou twòn yo, abiye ak manto yo. Yo te chita kote glasi vannen an nan antre pòtay Samarie a, epi tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo. 10 Sédécias, fis a Kenaana a, te fè kòn an fè pou kont li. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Avèk sila yo, ou va frennen Siryen yo, jiskaske yo fin detwi nèt.’” 11 Tout pwofèt yo t ap pwofetize konsa. Yo t ap di: “Ale monte Ramoth-Galaad e reyisi, paske SENYÈ a va livre li nan men a wa a.” 12 Konsa, mesaje ki te ale fè demand prezans Michée a te pale avèk li. Li te di: “Gade byen, pawòl a pwofèt yo favorab nèt pou wa a. Konsa, souple, kite pawòl ou fèt tankou pa yo a e pale anfavè li.” 13 Men Michée te di: “Jan SENYÈ a viv la, sa ke Bondye mwen an di, se sa mwen va pale.” 14 Lè li te rive kote wa a, wa a te di li: “Michée, èske nou dwe monte Ramoth-Galaad pou batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?” Li te di: “Ale monte e reyisi, paske yo va livre nan men ou.” 15 Epi wa a te di li: “Konbyen fwa mwen oblije fè demann ke ou pa pale anyen sof ke laverite nan non SENYÈ a?” 16 Konsa, li te reponn: “Mwen te wè tout Israël gaye sou mòn yo tankou mouton ki pa t gen bèje. Konsa, SENYÈ a te di: ‘Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’” 17 Wa Israël la te di a Josaphat: “Èske mwen pa t di ou ke li pa t pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal?” 18 Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a: Mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou twòn li an ak tout lame syèl la ki te kanpe adwat Li ak agoch Li. 19 SENYÈ a te di: ‘Kilès k ap sedwi Achab, wa Israël la, pou monte tonbe Ramoth-Galaad?’ Epi youn te di sa, pandan yon lòt te di yon lòt bagay. 20 Alò, yon lespri te parèt e te kanpe devan SENYÈ a. Li te di: Mwen va sedwi li.’” “Epi SENYÈ a te di: ‘Kijan’? 21 “Li te reponn: ‘Mwen va ale fè l tankou yon lespri manti nan bouch a tout pwofèt li yo.’ “Epi Li te di: ‘Ou dwe sedwi li e genyen li tou. Ale fè sa.’ 22 “Alò, pou sa, gade byen, SENYÈ a te mete yon lespri manti nan bouch a sila yo, pwofèt ou yo, paske SENYÈ a te pwoklame dega kont ou.” 23 Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a, te pwoche. Li te frape Michée sou machwè l e te di: “Ki kote chemen Lespri SENYÈ a te fè kite mwen pou pale avè w?” 24 Michée te di: “Gade byen, nan jou ke ou antre nan chanm anndan pou kache kò ou la, ou va wè sa.” 25 Alò, wa Israël la te di: “Pran Michée e fè l retounen kote Amon, majistra vil la ak Joas, fis a wa a. 26 Di yo: ‘Konsa pale wa a: “Mete nonm sila a nan prizon a, e ba li tikras pen ak dlo jiskaske m retounen anpè.”’” 27 Michée te di: “Si, anverite, ou ta retounen anpè, SENYÈ a pa t vrèman pale avèk mwen.” Li te di: “Koute byen, tout pèp yo!” 28 Konsa, wa Israël avèk Josaphat, wa Juda a, te monte kont Ramoth-Galaad. 29 Wa Israël la te di a Josaphat: “Mwen va kache idantite mwen pou antre nan batay la, e ou menm, mete pwòp manto ou.” Konsa, wa Israël la te kache idantite li, e yo te antre nan batay la. 30 Alò, wa Syrie a te kòmande chèf a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men avèk wa Israël la sèlman.” 31 Pou sa, lè chèf a cha yo te wè Josaphat, yo te di: “Li se wa Israël la,” e yo te vire akote pou goumen kont li. Men Josaphat te kriye anmwey, e SENYÈ a te fè l sekou. Bondye te angaje yo pou yo te kite l. 32 Lè chèf cha yo te wè ke se pa t wa Israël la, yo te retounen pa swiv li. 33 Yon sèten nonm te rale banza li pa aza, e te frape wa Israël la nan yon kwen nan pwotèj kò a. Konsa, li te pale a chofè cha a: “Vire tounen e fè m sòti nan batay la, paske mwen blese byen grav.” 34 Batay la te chofe byen rèd tout jounen an e wa Israël te fòse pou l te kab kanpe nan cha li a devan Siryen yo jis rive nan aswè; epi nan kouche solèy la, li te mouri.

< 2 Istwa 18 >