< 1 Samyèl 6 >

1 Alò, lach SENYÈ a te nan peyi Filisten yo pandan sèt mwa.
Bwat Kontra Seyè a te gen tan pase sèt mwa nan peyi Filisti a.
2 Konsa, Filisten yo te rele prèt yo avèk divinò yo, e te di yo: “Kisa pou nou fè avèk lach SENYÈ a? Di nou kijan nou dwe voye li nan plas li.”
Moun Filisti yo fè rele prèt yo ak divinò yo. Yo mande yo: -Kisa pou n' fè ak Bwat Kontra Seyè a? Ki jan pou n' fè pou n' voye l' tounen nan plas li?
3 Yo te di: “Si ou voye lach Bondye Israël la ale, pa voye li vid, men ou va anverite, remèt Li yon ofrann koupab. Konsa nou va geri e li va vin konprann poukisa men L poko retire sou nou.”
Yo reponn: -Si n'ap voye Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la tounen, nou pa ka voye l' konsa san anyen. Se pou nou voye kichòy ki va sèvi pou peye pou sa nou fè a. Si nou fè l' konsa, nou tout n'a geri, epi n'a konnen poukisa li t'ap plede frape nou konsa.
4 Yo te reponn: “Kisa nou dwe voye kòm ofrann koupab pou remèt Li a?” Epi yo te di: “Senk imaj boul bouton fèt an lò avèk senk imaj sourit fèt an lò nan non prens Filisten yo. Paske se te yon sèl fleyo ki te vini sou nou tout ak sou prens nou yo.
Pèp la mande yo: -Ki kalite bagay pou nou bay ki va sèvi pou peye pou sa nou fè a? Yo di yo: -Senk bouton lò ak senk sourit an lò, yonn pou chak chèf moun Filisti yo, paske se menm maladi a ki te tonbe ni sou nou ni sou senk chèf nou yo.
5 Konsa nou va fè yo sanblab a boul bouton nou yo, e sanblab a sourit ki anvayi peyi nou an, epi nou va bay glwa a Bondye Israël la. Petèt Li kab lache men l sou nou.
N'a fè bouton lò yo pou yo sanble ak bouton ki te leve sou nou yo. Konsa tou, n'a fè senk sourit an lò pòtre ak sourit k'ap plede ravaje peyi a. Epi n'a rekonèt Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye ki gen pouvwa. Lè sa a, nou kwè l'a sispann frape nou, nou menm, bondye nou yo ak peyi nou an.
6 Poukisa nou fè kè di tankou Ejipsyen yo avèk Farawon te fè kè yo di a? Lè li te fin aji sevèman avèk yo, èske li pa t kite pèp la ale e yo te ale?
Poukisa pou n'ap fè tèt di tankou farawon an ak moun peyi Lejip yo? Eske lè Bondye te konmanse manyen ak yo, yo pa t' kite moun yo al fè wout yo?
7 “Pou sa, ale fè yon kabwèt nèf avèk de vach nouris ki pa t janm rale chaj. Fè vach yo rale chaj sou kabwèt la e retire ti bèf yo mennen yo lakay, lwen yo.
Nou pral pare yon kabwa tou nèf ak de manman bèf ki gen pitit dèyè yo epi ki pa janm sèvi pou fè ankenn travay anvan sa. N'a mare yo nan kabwa a, men n'a fè ti bèf dèyè manman yo tounen lakay.
8 Pran lach SENYÈ a e mete li sou kabwèt la, epi mete bagay an lò ke nou ap retounen bay kòm ofrann koupab la nan yon bwat akote li. Alò, voye li ale pou li kapab ale.
N'a pran Bwat Kontra Seyè a, n'a mete l' sou kabwa a. N'a pran sa n'ap bay pou sèvi pou peye pou sa nou fè a, n'a mete yo nan yon ti bwat sou kote l'. N'a mete kabwa a sou wout la, n'a kite l' ale pou kont li.
9 Veye, si li monte pa chemen Béth-Schémesch. Konsa n a konnen se Li menm ki fè nou gwo malè sila a. Men si se pa konsa; alò, nou va konnen ke se pa men Li menm ki te frape nou an, men sa te vin rive pa aza.”
N'a rete ap gade l' ale. Si nou wè l' pran chemen moute lavil Bèt-Chemèch, n'a konnen se Bondye pèp Izrayèl la ki te voye tout malè sa yo sou nou. Men si li pran yon lòt wout, lè sa a n'a konnen malè sa yo pa t' soti nan li. Se te devenn pa nou.
10 Se konsa mesye yo te fè. Yo te pran de vach nouris, yo te fè yo rale chaj nan kabwèt la e te fèmen ti bèf yo lakay.
Moun yo fè sa yo te di yo fè a. Yo pran de manman bèf ki te gen pitit dèyè yo, yo mare yo nan kabwa a, men yo kenbe ti bèf ki te dèyè manman yo lakay.
11 Yo te mete lach SENYÈ a sou kabwèt la e bwat la avèk sourit an lò ak imaj gwo boul bouton yo.
Yo mete Bwat Kontra a sou kabwa a ansanm ak ti bwat ki te gen ti sourit an lò yo ak pòtre bouton yo.
12 Epi vach yo te pran wout dwat nan direksyon Beth-Schémesch. Yo te fè wout nan gran chemen an. Yo te rele fò pandan yo nan wout la, e yo pa t vire akote ni adwat, ni agoch. Prens Filisten yo te swiv yo jis rive nan lizyè Beth-Schémesch la.
Bèf yo pran wout lavil Bèt-Chemèch dirèk dirèk. Y' al tou dwat devan yo. Sou tout wout la bèf yo t'ap rele. Senk chèf moun Filisti yo t'ap mache dèyè yo jouk yo rive sou baliz lavil Bèt-Chemèch.
13 Alò, Beth-Schémesch t ap fè rekòlt ble pa yo nan vale a. Yo te leve zye yo, yo te wè lach la, e yo te kontan wè li.
Moun lavil Bèt-Chemèch yo t'ap ranmase ble nan plenn lan. Lè yo leve je yo, yo wè Bwat Kontra a, yo pran rele sitèlman yo te kontan.
14 Kabwèt la te vini nan chan Josué a, moun Beth-Schémech, e li te kanpe la kote ki te gen yon gwo wòch. Konsa, yo te fann bwa kabwèt la e yo te ofri vach yo kòm ofrann brile a SENYÈ a.
Kabwa a rive nan jaden Jozye a nan peyi Bèt-Chemèch epi li rete. Te gen yon gwo wòch bò la. Moun yo demoute kabwa a, yo fann tout bwa yo, yo touye bèf yo, epi yo boule yo nèt pou Seyè a.
15 Levit yo te desann lach SENYÈ a ak bwat ki te avèk li a. Andedan te gen tout bagay an lò yo e yo te mete yo sou gwo wòch la. Epi mesye Beth-Schémech yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis nan jou sa a bay SENYÈ a.
Apre sa, moun Levi yo desann Bwat Kontra Seyè a ansanm ak ti bwat ki te gen bagay an lò yo. Yo mete yo sou gwo wòch la. Jou sa a, moun lavil Bèt-Chemèch yo ofri lòt bèt tou pou boule nèt nan dife ansanm ak lòt ofrann pou Seyè a.
16 Lè senk prens Filisten yo te fin wè li, yo te retounen Ékron menm jou a.
Lè senk chèf moun Filisti yo wè sa, yo tounen lavil Ekwon menm jou a.
17 Sa yo se imaj gwo boul bouton an lò ke Filisten yo te remèt kòm yon ofrann koupab bay SENYÈ a: youn pou Asdod, youn pou Gaza, youn pou Askalon, youn pou Gath e youn pou Ékron;
Moun Filisti yo te voye senk bouton lò bay Seyè a pou sa te sèvi pou peye pou sa yo te fè a: yonn pou Asdòd, yonn pou Gaza, yonn pou Achkalon, yonn pou Gat, yonn pou Ekwon.
18 anplis ak sourit an lò yo, selon kantite a tout vil Filisten ki te pou senk prens yo, vil fòtifye yo ak bouk andeyò yo. Gwo wòch kote yo te mete lach SENYÈ a se yon temwen jis rive jodi a nan chan Josué a, moun Beth-Schémech la.
Yo te voye senk ti sourit fèt an lò tou, yonn pou chak lavil kote chèf moun Filisti yo t'ap kòmande, kit se lavil ki gen ranpa, kit se lavil ki pa gen ranpa. Gwo wòch kote yo te mete Bwat Kontra Seyè a nan mitan jaden Jozye a, bò lavil Bèt-Chemèch la, kanpe la jouk koulye a, tankou yon mak pou fè chonje sak te rive lè sa a.
19 Li te frape e fè mouri kèk mesye Beth-Schémech akoz yo te gade anndan lach SENYÈ a. Li te frape pami tout pèp la, senkant-mil-swasann-dis òm e pèp la te vin dezole akoz SENYÈ a te frape yo avèk yon gwo masak.
Apre sa, Seyè a te touye kèk moun nan moun lavil Bèt-Chemèch yo paske yo t' al voye je yo wè sa ki anndan Bwat Kontra a. Li touye swasanndis ladan yo. Pèp la te nan gwo lapenn, paske Seyè a te fè gwo malè sa a sou yo.
20 Mesye Beth-Schémech yo te di: “Se kilès ki kab kanpe devan SENYÈ Bondye sen sila a? Epi a kilès pou Li ta monte kite nou?”
Lè sa a, moun lavil Bèt-Chemèch yo di: -Ki moun ki ka kanpe devan Seyè a, Bondye sa a ki yon Bondye apa? Ki bò pou n' voye Bwat Kontra a ale pou l' pa rete lakay nou?
21 Konsa, yo te voye mesaje yo vè moun Kirjath-Jearim yo e te di: “Filisten yo te pote lach SENYÈ a retounen. Vin desann pran li monte kote nou an.”
Yo pran kèk mesaje, yo voye yo ale bò kote moun lavil Kiriyat-Jearim, yo di yo konsa: -Moun Filisti yo voye Bwat Kontra Seyè a tounen. Vin pran l' mennen lakay nou.

< 1 Samyèl 6 >