< 1 Samyèl 17 >

1 Alò, Filisten yo te rasanble lame yo pou batay. Yo te rasanble vè Soco ki pou Juda e yo te fè kan antre Soco avèk Azéka nan Éphés-Dammim.
Now the Philistines gathered together their armies to battle; and they were gathered together at Socoh, which belongs to Judah, and encamped between Socoh and Azekah in Ephesdammim.
2 Saül avèk mesye Israël yo te rasanble pou fè kan nan vale Ela a e yo te vin rale yo nan lòd batay la pou rankontre Filisten yo.
Saul and the men of Israel were gathered together, and encamped in the valley of Elah, and set the battle in array against the Philistines.
3 Filisten yo te kanpe sou ti mòn nan e Izrayelit yo sou lòt kote a, avèk vale a antre yo de.
The Philistines stood on the mountain on the one side, and Israel stood on the mountain on the other side: and there was a valley between them.
4 Yon chanpyon yo te rele Goliath ki te sòti nan Gath, te soti nan kan Filisten yo. Wotè li te sis koude plis yon epann (anviwon nèf pye uit pous).
A champion out of the camp of the Philistines named Goliath of Gath, whose height was six cubits and a span went out.
5 Li te mete yon kas an bwonz sou tèt li. Li te abiye avèk pwotèj an kal ki te peze senk-mil sik an bwonz.
He had a helmet of bronze on his head, and he wore a coat of mail; and the weight of the coat was five thousand shekels of bronze.
6 Anplis, li te genyen pwotèj an bwonz sou janm li avèk yon lans an bwonz ki te pann antre zepòl li.
He had bronze shin armour on his legs and a bronze javelin between his shoulders.
7 Manch a lans lan te tankou travès nan yon aparèy fè twal. Lans li an te peze sis san sik (anviwon 18 liv) an fè. Potè pwotèj li a osi te mache devan li.
The staff of his spear was like a weaver’s beam; and his spear’s head weighed six hundred shekels of iron. His shield bearer went before him.
8 Li te kanpe e li te rele fò vè lame alinye Israël la, e li te di yo: “Poukisa nou vin alinye pou batay la? Èske mwen menm se pa yon Filisten e nou menm sèvitè a Saül? Chwazi yon mesye pou kont nou e kite li parèt kote mwen.
He stood and cried to the armies of Israel, and said to them, “Why have you come out to set your battle in array? Am I not a Philistine, and you servants to Saul? Choose a man for yourselves, and let him come down to me.
9 Si li menm kapab goumen avè m, e touye mwen, alò nou va devni sèvitè pa nou. Men si mwen vin genyen li e touye li, alò, nou va devni sèvitè nou pou sèvi nou.”
If he is able to fight with me and kill me, then will we be your servants; but if I prevail against him and kill him, then you will be our servants and serve us.”
10 Ankò, Filisten an te di: “Mwen defye tout ranje lame Israël la nan jou sila a! Ban m yon nonm pou nou kab goumen ansanm!”
The Philistine said, “I defy the armies of Israel today! Give me a man, that we may fight together!”
11 Lè Saül avèk tout Israël te tande pawòl a Filisten an, yo te sezi e pè anpil.
When Saul and all Israel heard those words of the Philistine, they were dismayed and greatly afraid.
12 Alò, David te fis a Efratit a Bethléhem nan Juda ki te rele Jesse, ki te genyen uit fis. Epi Jesse te vin granmoun, nan jou Saül yo, byen avanse nan laj pami lèzòm.
Now David was the son of that Ephrathite of Bethlehem Judah, whose name was Jesse; and he had eight sons. The man was an elderly old man in the days of Saul.
13 Twa lòt fis a Jesse yo te swiv Saül nan batay la. Epi non a twa fis li yo ki te ale nan batay la se te Éliab, premye ne a, Abinadab, dezyèm ne a ak Schamma, twazyèm ne a.
The three oldest sons of Jesse had gone after Saul to the battle; and the names of his three sons who went to the battle were Eliab the firstborn, and next to him Abinadab, and the third Shammah.
14 David se te pi piti a. Alò, twa ki te pi gran yo te swiv Saül.
David was the youngest; and the three oldest followed Saul.
15 Men David te fè ale retou soti nan Saül pou okipe bann mouton papa li nan Bethléhem.
Now David went back and forth from Saul to feed his father’s sheep at Bethlehem.
16 Filisten an te parèt ni nan maten ni nan aswè pandan karant jou e li te fè kanpe li.
The Philistine came near morning and evening, and presented himself forty days.
17 Alò, Jesse te di a David, fis li a: “Pran koulye a pou frè ou yo yon efa nan sereyal boukannen an, e kouri ale nan kan pa yo a.
Jesse said to David his son, “Now take for your brothers an efah of this parched grain and these ten loaves, and carry them quickly to the camp to your brothers;
18 Mennen ankò dis fwomaj sila yo bay kòmandan a milye pa yo, e tyeke si sa ale byen avèk frè ou yo e retounen avèk nouvèl pa yo.
and bring these ten cheeses to the captain of their thousand; and see how your brothers are doing, and bring back news.”
19 Paske Saül avèk tout lame Israël la nan vale Ela a, nan goumen avèk Filisten yo.”
Now Saul, and they, and all the men of Israel were in the valley of Elah, fighting with the Philistines.
20 Alò, David te leve bonè nan maten e li te kite bann mouton an avèk yon jeran. Li te pran bagay yo e li te ale jan Jesse te kòmande li a. Epi li te antre nan kote kan an pandan lame a t ap sòti nan lòd batay la e li t ap koute kri gè a.
David rose up early in the morning and left the sheep with a keeper, and took the provisions and went, as Jesse had commanded him. He came to the place of the wagons as the army which was going out to the fight shouted for the battle.
21 Israël avèk Filisten yo te vin parèt nan chan batay yo, lame kont lame.
Israel and the Philistines put the battle in array, army against army.
22 Alò, David te kite sa l pote sou kont yon jeran, li te kouri vè chan batay la e li te antre pou l ta kapab salye frè li yo.
David left his baggage in the hand of the keeper of the baggage and ran to the army, and came and greeted his brothers.
23 Pandan li t ap pale avèk yo, veye byen, ewo Filisten an ki sòti nan Gat ki te rele Goliath la, t ap monte soti nan lame a Filisten yo. Li te repete menm pawòl sa yo, e David te tande.
As he talked with them, behold, the champion, the Philistine of Gath, Goliath by name, came up out of the ranks of the Philistines, and said the same words; and David heard them.
24 Lè tout mesye Israël yo te wè nonm nan, yo te kouri kite li e yo te vin pè anpil.
All the men of Israel, when they saw the man, fled from him and were terrified.
25 Mesye Israël yo te di: “Èske ou te wè nonm sa a ki ap vin monte a? Anverite, li ap vin monte pou jete defi devan Israël. Epi li va rive ke wa a va fè moun ki touye li a rich avèk gran richès. Epi li va ba li fi li, e li va fè lakay papa li lib an Israël.”
The men of Israel said, “Have you seen this man who has come up? He has surely come up to defy Israel. The king will give great riches to the man who kills him, and will give him his daughter, and will make his father’s house tax-free in Israel.”
26 Epi David te pale a mesye ki te kanpe akote li yo e te di: “Kisa k ap fèt pou moun ki touye Filisten sila a e ki retire wont lan soti sou Israël? Paske se ki moun Filisten ensikonsi sila a ye pou l ta ensilte lame a Bondye vivan an?”
David spoke to the men who stood by him, saying, “What shall be done to the man who kills this Philistine and takes away the reproach from Israel? For who is this uncircumcised Philistine, that he should defy the armies of the living God?”
27 Pèp la, selon pawòl sila a, te reponn e te di: “Se konsa li va fèt pou mesye ki touye li a.”
The people answered him in this way, saying, “So shall it be done to the man who kills him.”
28 Alò, Éliab, pi gran frè li a te tande lè li te pale ak mesye yo. Epi kòlè Éliab te brile kont David. Li te di: “Poukisa ou te desann isit la? Epi avèk kilès ou te kite ti kras grenn mouton ou yo nan dezè a? Mwen konprann ògèy ou ak mechanste ki nan kè ou; paske ou te vin desann pou ou kab wè batay la.”
Eliab his oldest brother heard when he spoke to the men; and Eliab’s anger burnt against David, and he said, “Why have you come down? With whom have you left those few sheep in the wilderness? I know your pride and the evil of your heart; for you have come down that you might see the battle.”
29 Men David te di: “Kisa mwen te fè koulye a? Se pa sèlman ke m poze yon kesyon?”
David said, “What have I now done? Is there not a cause?”
30 Epi li te vire kite li e te mande yon lòt menm bagay la. Konsa, pèp la te reponn menm bagay kòm avan an.
He turned away from him towards another, and spoke like that again; and the people answered him again the same way.
31 Lè pawòl David te pale yo, te tande, yo te pale avèk Saül, e li te voye chache li.
When the words were heard which David spoke, they rehearsed them before Saul; and he sent for him.
32 David te di a Saül: “Pa kite moun pèdi kouraj sou kont a li. Sèvitè ou a va ale batay avèk Filisten sila a.”
David said to Saul, “Let no man’s heart fail because of him. Your servant will go and fight with this Philistine.”
33 Epi Saül te di a David: “Ou pa kapab ale kont Filisten sila a. Ou pa plis ke yon jennonm e li menm, li te yon gèrye depi li te jenn.”
Saul said to David, “You are not able to go against this Philistine to fight with him; for you are but a youth, and he a man of war from his youth.”
34 Men David te di Saül: “Sèvitè ou a t ap okipe mouton papa l. Lè yon lyon, oswa yon lous te vin pran yon jenn mouton nan bann mouton an,
David said to Saul, “Your servant was keeping his father’s sheep; and when a lion or a bear came and took a lamb out of the flock,
35 mwen te sòti dèyè li, mwen te atake li, mwen te fè l chape soti nan bouch li; epi lè l te leve kont mwen, mwen te sezi li pa bab li e te touye li.
I went out after him, struck him, and rescued it out of his mouth. When he arose against me, I caught him by his beard, struck him, and killed him.
36 Sèvitè ou an gen tan touye ni lyon ni lous. Epi Filisten ensikonsi sila a va tankou youn nan yo, akoz li te meprize lame Bondye vivan an.”
Your servant struck both the lion and the bear. This uncircumcised Philistine shall be as one of them, since he has defied the armies of the living God.”
37 Epi David te di: “SENYÈ a ki te delivre mwen soti nan pat lyon ak nan pat lous yo, Li va delivre mwen soti nan men a Filisten sila a.” Konsa, Saül te di a David, “Ale e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”
David said, “The LORD, who delivered me out of the paw of the lion and out of the paw of the bear, will deliver me out of the hand of this Philistine.” Saul said to David, “Go! The LORD will be with you.”
38 Saül te abiye David avèk vètman pa li yo, li te mete yon kas an bwonz sou tèt li, e li te abiye li avèk pwotèj.
Saul dressed David with his clothing. He put a helmet of bronze on his head, and he clad him with a coat of mail.
39 David te mete nepe a sou tout pwotèj yo, li te eseye mache, paske li potko fè anyen avèk yo. Alò David te di a Saül: “Mwen pa kapab ale avèk sila yo, paske m pa abitye ak yo.” Epi David te retire yo.
David strapped his sword on his clothing and he tried to move, for he had not tested it. David said to Saul, “I can’t go with these, for I have not tested them.” Then David took them off.
40 Li te pran baton li nan men l e li te chwazi pou kont li senk wòch ravin byen poli, e te mete yo nan ti makout bèje ke li te genyen an. Fistibal li te nan men li. Konsa li te pwoche Filisten sa a.
He took his staff in his hand, and chose for himself five smooth stones out of the brook, and put them in the pouch of his shepherd’s bag which he had. His sling was in his hand; and he came near to the Philistine.
41 Alò, Filisten an te kontinye vin pwoche David avèk potè zam nan devan l.
The Philistine walked and came near to David; and the man who bore the shield went before him.
42 Lè Filisten an te gade wè David, li te meprize li, paske li te sèlman yon jennonm figi wouj, avèk yon bèl aparans.
When the Philistine looked around and saw David, he disdained him; for he was but a youth, and ruddy, and had a good looking face.
43 Filisten an te di a David: “Èske mwen se yon chen pou ou ta vin kote mwen avèk bout bwa?” Epi Filisten an te anmède David pa dye pa li yo.
The Philistine said to David, “Am I a dog, that you come to me with sticks?” The Philistine cursed David by his gods.
44 Filisten an te di a David osi: “Vin kote mwen e mwen va bay chè ou a a zwazo syèl yo avèk bèt chan yo.”
The Philistine said to David, “Come to me, and I will give your flesh to the birds of the sky and to the animals of the field.”
45 Alò, David te di a Filisten an: “Ou vin kote mwen avèk yon nepe avèk yon frenn, avèk yon lans; men, mwen vin kote ou nan non a SENYÈ dèzame a, Bondye a lame Israël yo, ke ou sot vekse a.
Then David said to the Philistine, “You come to me with a sword, with a spear, and with a javelin; but I come to you in the name of the LORD of Hosts, the God of the armies of Israel, whom you have defied.
46 Nan jou sa a menm, SENYÈ a va livre ou nan menm m. Mwen va frape ou desann, e koupe tèt ou. Epi mwen va bay kadav a lame Filisten yo, nan jou sa a, a zwazo syèl yo, e a bèt sovaj latè a, pou tout latè a kab konnen ke gen yon Bondye an Israël,
Today, the LORD will deliver you into my hand. I will strike you and take your head from off you. I will give the dead bodies of the army of the Philistines today to the birds of the sky and to the wild animals of the earth, that all the earth may know that there is a God in Israel,
47 epi pou tout asanble sila a kapab konnen ke SENYÈ a pa konn delivre pa nepe, ni pa frenn; paske batay la se pou SENYÈ a e Li va livre ou nan men nou.”
and that all this assembly may know that the LORD doesn’t save with sword and spear; for the battle is the LORD’s, and he will give you into our hand.”
48 Epi li te rive ke lè Filisten an te leve vini pou te parèt toupre David, ke David te kouri vit vè chan batay la pou rankontre Filisten an.
When the Philistine arose, and walked and came near to meet David, David hurried and ran towards the army to meet the Philistine.
49 David te mete men l nan sak li, li te rale ladann yon wòch, li te tire li e li te frape Filisten an sou fwon li. Wòch la te fonse antre nan fwon l, e li te vin tonbe sou figi li atè.
David put his hand in his bag, took a stone and slung it, and struck the Philistine in his forehead. The stone sank into his forehead, and he fell on his face to the earth.
50 Konsa, David te genyen Filisten an avèk yon fistibal ak yon wòch. Li te frape Filisten an e te touye li, men pa t gen nepe nan men David.
So David prevailed over the Philistine with a sling and with a stone, and struck the Philistine and killed him; but there was no sword in David’s hand.
51 Alò David te kouri kanpe sou Filisten an e te pran pwòp nepe pa li a, li te rale l soti nan fouwo li, li te touye li e te koupe tèt li avè l. Lè Filisten yo te wè ke ewo pa yo a te mouri, yo te sove ale.
Then David ran, stood over the Philistine, took his sword, drew it out of its sheath, killed him, and cut off his head with it. When the Philistines saw that their champion was dead, they fled.
52 Mesye Israël yo avèk Juda yo te leve kriye fò e te kouri dèyè Filisten yo jis rive nan vale a, e jis nan pòtay Ékron. Epi Filisten mouri yo te kouche tout akote chemen an pou rive Schaaraïm, menm jis nan Gat avèk Ékron.
The men of Israel and of Judah arose and shouted, and pursued the Philistines as far as Gai and to the gates of Ekron. The wounded of the Philistines fell down by the way to Shaaraim, even to Gath and to Ekron.
53 Fis Israël yo te retounen soti nan lachas Filisten yo e te piyaje tout kan yo.
The children of Israel returned from chasing after the Philistines, and they plundered their camp.
54 Alò, David te pran tèt Filisten an e te mennen li Jérusalem, men li te mete zam Goliath yo nan tant lan.
David took the head of the Philistine and brought it to Jerusalem, but he put his armour in his tent.
55 Alò, lè Saül te wè David ki t ap sòti kont Filisten an, li te di a Abner, kòmandan lame a: “Abner, se fis a kilès jennonm sa a ye?” Epi Abner te di: “Pa lavi ou, O Wa mwen pa konnen.”
When Saul saw David go out against the Philistine, he said to Abner, the captain of the army, “Abner, whose son is this youth?” Abner said, “As your soul lives, O king, I can’t tell.”
56 Wa a te di: “Mande moun pou konnen fis a kilès jennonm sa a ye.”
The king said, “Enquire whose son the young man is!”
57 Pou sa, lè David te retounen fin touye Filisten an, Abner te pran li e te mennen li devan Saül avèk tèt Filisten an nan men li.
As David returned from the slaughter of the Philistine, Abner took him and brought him before Saul with the head of the Philistine in his hand.
58 Saül te di li: “Se fis a kilès ou ye jennonm?” Epi David te reponn li: “Fis a sèvitè ou, Jesse, Betleyemit lan.”
Saul said to him, “Whose son are you, you young man?” David answered, “I am the son of your servant Jesse the Bethlehemite.”

< 1 Samyèl 17 >