< 1 Wa 21 >

1 Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke Naboth, Jizreyelit la te gen yon chan rezen ki te nan Jizréel akote palè Achab, wa Samarie a.
After these things, Naboth the Jezreelite had a vineyard which was in Jezreel, next to the palace of Ahab king of Samaria.
2 Achab te pale a Naboth e te di: “Ban mwen chan rezen ou an, pou m ka genyen li kòm yon jaden legim, paske li toupre lakay mwen e mwen va ba ou yon pi bon chan rezen pase l pou ranplase li. Si ou pito, mwen va ba ou pri li an lajan.”
Ahab spoke to Naboth, saying, “Give me your vineyard, that I may have it for a garden of herbs, because it is near my house; and I will give you for it a better vineyard than it. Or, if it seems good to you, I will give you its worth in money.”
3 Men Naboth te di a Achab: “Ke SENYÈ a ta anpeche m ba ou eritaj zansèt mwen yo.”
Naboth said to Ahab, “May Yahweh forbid me, that I should give the inheritance of my fathers to you!”
4 Konsa, Achab te rive lakay li pa kontan e byen vekse akoz pawòl ke Naboth, Jizreyelit la, te pale a li a, paske li te di: “Mwen p ap bay ou eritaj zansèt mwen yo.” Li te kouche sou kabann li, te vire figi li akote e li pa t manje manje.
Ahab came into his house sullen and angry because of the word which Naboth the Jezreelite had spoken to him, for he had said, “I will not give you the inheritance of my fathers.” He laid himself down on his bed, and turned away his face, and would eat no bread.
5 Men Jézabel, madanm li, te vin kote li e te di li: “Kijan lespri ou tèlman ba ke ou pa manje manje a?”
But Jezebel his wife came to him, and said to him, “Why is your spirit so sad that you eat no bread?”
6 Konsa, li te di li: “Akoz mwen te pale Naboth, Jizreyelit la, e mwen te di li: ‘Ban mwen chan rezen ou an pou lajan; oswa, si li fè ou kontan, mwen va ba ou yon chan rezen pou ranplase li.’ Men li te di: ‘Mwen p ap ba ou chan rezen mwen an.’”
He said to her, “Because I spoke to Naboth the Jezreelite, and said to him, ‘Give me your vineyard for money; or else, if it pleases you, I will give you another vineyard for it.’ He answered, ‘I will not give you my vineyard.’”
7 Jézabel, madanm li te di li: “Èske koulye a se ou ki renye sou Israël? Leve, manje pen e kite kè ou kontan. Mwen va ba ou chan rezen a Naboth, Jizreyelit la.”
Jezebel his wife said to him, “Do you now govern the kingdom of Israel? Arise, and eat bread, and let your heart be merry. I will give you the vineyard of Naboth the Jezreelite.”
8 Konsa, li te ekri lèt nan non Achab e te sele yo avèk so pa li pou te voye yo bay ansyen yo avèk prens ki te rete avèk Naboth nan vil pa li a.
So she wrote letters in Ahab’s name and sealed them with his seal, and sent the letters to the elders and to the nobles who were in his city, who lived with Naboth.
9 Alò, nan lèt sa yo li te ekri e te di: “Pwoklame yon jèn e fè Naboth chita sou tèt a pèp la.
She wrote in the letters, saying, “Proclaim a fast, and set Naboth on high among the people.
10 Fè chita dèzòm sanzave devan li pou fè temwayaj kont li pou di: ‘Ou te modi Bondye avèk wa a.’ Konsa, pran li deyò e lapide li jiskaske li mouri.”
Set two men, wicked fellows, before him, and let them testify against him, saying, ‘You cursed God and the king!’ Then carry him out, and stone him to death.”
11 Konsa, mesye lavil li yo, ansyen avèk prens ki te rete la yo, te fè jan Jézabel te voye di yo a, jis jan ke li te ekri nan lèt ke li te voye yo.
The men of his city, even the elders and the nobles who lived in his city, did as Jezebel had instructed them in the letters which she had written and sent to them.
12 Yo te pwoklame yon jèn e te fè Naboth chita sou tèt a pèp la.
They proclaimed a fast, and set Naboth on high among the people.
13 Epi dèzòm sanzave te antre ladann e te chita devan li. Epi de mesye sanzave yo te fè temwayaj kont li, menm kont Naboth, devan pèp la, e yo te di: “Naboth te modi Bondye avèk wa a.” Konsa, yo te pran l mennen deyò lavil la e yo te lapide l jiska lanmò avèk kout wòch.
The two men, the wicked fellows, came in and sat before him. The wicked fellows testified against him, even against Naboth, in the presence of the people, saying, “Naboth cursed God and the king!” Then they carried him out of the city and stoned him to death with stones.
14 Epi yo te voye kote Jézabel e te di: “Naboth te lapide e fin mouri.”
Then they sent to Jezebel, saying, “Naboth has been stoned and is dead.”
15 Lè Jézabel te tande ke Naboth te lapide e te mouri, Jézabel te di a Achab: “Leve, pran posesyon a chan rezen Naboth la, Jizreyelit la, ke li te refize ba ou pou lajan an; paske Naboth pa vivan, men li mouri.”
When Jezebel heard that Naboth had been stoned and was dead, Jezebel said to Ahab, “Arise, take possession of the vineyard of Naboth the Jezreelite, which he refused to give you for money; for Naboth is not alive, but dead.”
16 Lè Achab te tande ke Naboth te mouri, Achab te leve desann kote chan rezen a Naboth la, Jizreyelit la, pou l te pran posesyon li.
When Ahab heard that Naboth was dead, Ahab rose up to go down to the vineyard of Naboth the Jezreelite, to take possession of it.
17 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Élie, Tichbit la, e te di:
Yahweh’s word came to Elijah the Tishbite, saying,
18 “Leve, ale desann rankontre Achab, wa Israël la, ki Samarie. Gade byen, li nan chan rezen Naboth kote li te desann pou pran posesyon li.
“Arise, go down to meet Ahab king of Israel, who dwells in Samaria. Behold, he is in the vineyard of Naboth, where he has gone down to take possession of it.
19 Ou va pale li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a: Èske ou te touye e anplis pran posesyon?’” Epi ou va pale avèk li pou di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Nan plas kote chen yo te niche san Naboth la, chen yo va niche san pa ou menm.’”
You shall speak to him, saying, ‘Yahweh says, “Have you killed and also taken possession?”’ You shall speak to him, saying, ‘Yahweh says, “In the place where dogs licked the blood of Naboth, dogs will lick your blood, even yours.”’”
20 Achab te di a Élie: “Èske ou vin jwenn mwen, O lènmi mwen?” Epi li te reponn: “Mwen te jwenn ou akoz ou te vann tèt ou pou fè mechanste nan zye SENYÈ a.
Ahab said to Elijah, “Have you found me, my enemy?” He answered, “I have found you, because you have sold yourself to do that which is evil in Yahweh’s sight.
21 Gade byen, Mwen va mennen mal sou ou, Mwen va bale fè ou disparèt e Mwen va koupe retire sou Achab tout gason, ni esklav, ni lib nan tout Israël.
Behold, I will bring evil on you, and will utterly sweep you away and will cut off from Ahab everyone who urinates against a wall, and him who is shut up and him who is left at large in Israel.
22 Mwen va fè lakay ou tankou lakay Jéroboam, fis a Nebath la ak tankou lakay Baescha, fis Achija a, akoz pwovokasyon avèk sila li te pwovoke M a lakòlè a, e akoz ou te fè Israël peche.”
I will make your house like the house of Jeroboam the son of Nebat, and like the house of Baasha the son of Ahijah, for the provocation with which you have provoked me to anger, and have made Israel to sin.”
23 De Jézabel osi SENYÈ a te pale, e te di: “Chen yo va manje Jézabel nan distri Jizréel la.
Yahweh also spoke of Jezebel, saying, “The dogs will eat Jezebel by the rampart of Jezreel.
24 Sila ki apatyen a Achab, ki mouri nan vil la, chen va manje yo e sila ki mouri nan chan an, zwazo syèl yo va manje yo.”
The dogs will eat he who dies of Ahab in the city; and the birds of the sky will eat he who dies in the field.”
25 Anverite, pa t gen moun tankou Achab ki te vann tèt li pou fè mal devan SENYÈ a, akoz madanm li, Jézabel te chofe li.
But there was no one like Ahab, who sold himself to do that which was evil in Yahweh’s sight, whom Jezebel his wife stirred up.
26 Li te aji byen abominab nan swiv zidòl li yo, selon tout sa ke Amoreyen yo te fè, ke SENYÈ a te mete deyò devan fis Israël yo.
He did very abominably in following idols, according to all that the Amorites did, whom Yahweh cast out before the children of Israel.
27 Li te vin rive ke lè Achab te tande pawòl sa yo, li te chire rad li e li te mete twal sak sou li pou te fè jèn. Li te kouche nan twal sak e li te vin mache avèk chagren nèt.
When Ahab heard those words, he tore his clothes, put sackcloth on his body, fasted, lay in sackcloth, and went about despondently.
28 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Élie, Tichbit la, e te di:
Yahweh’s word came to Elijah the Tishbite, saying,
29 “Èske ou wè kijan Achab te vin imilye li devan Mwen? Akoz li te imilye li devan mwen, Mwen p ap mennen mal la nan jou li yo; men Mwen va mennen mal la sou lakay li nan jou a fis li yo.”
“See how Ahab humbles himself before me? Because he humbles himself before me, I will not bring the evil in his days; but I will bring the evil on his house in his son’s day.”

< 1 Wa 21 >