< 1 Jan 3 >

1 Gade ki grand amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele ti moun yo a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
Voyez quel amour le Père nous a témoigné, que nous soyons appelés enfants de Dieu! Et nous le sommes. Si le monde ne nous connaît point, c'est qu'il ne l'a point connu.
2 Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye.
Mes bien-aimés, nous sommes dès à présent enfants de Dieu, et ce que nous serons n'a pas encore été manifesté, mais nous savons que, dès que ce que nous serons sera manifesté, nous lui serons semblables, parce que nous le verrons tel qu'il est:
3 Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
quiconque a cette espérance en lui, se purifie, comme lui est pur.
4 Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. Peche a se transgresyon lalwa.
Quiconque commet le péché, viole la loi, et le péché, c'est la violation de la loi.
5 Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab retire peche yo, epi nan Li pa gen peche.
Or vous savez que Jésus a paru pour ôter les péchés, et que le péché n'est point en lui:
6 Okenn moun ki rete nan Li pa peche, men okenn ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.
quiconque demeure en lui ne pèche point; quiconque pèche, ne l'a point vu, et ne l'a point connu.
7 Ti moun yo, pa kite pèsòn tronpe nou. Sila ki pratike ladwati a se jis, menm jan ke Li jis.
Chers enfants, que personne ne vous séduise: celui qui pratique la justice est juste, comme lui est juste;
8 Men sila ki pratike peche se a dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman a. Fis la a Bondye te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv yo a dyab la.
celui qui commet le péché, est issu du diable, car le diable pèche dès le commencement: c'est pour détruire les oeuvres du diable, que le Fils de Dieu a paru.
9 Nanpwen pèsòn ki ne a Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye.
Quiconque est né de Dieu ne commet pas de péché, parce que la semence de Dieu demeure en lui; et il ne peut pécher, parce qu'il est né de Dieu.
10 Selon sa pitit yo a Bondye, ak pitit yo a dyab la se byen klè. Nenpòt ki pa pratike ladwati a pa a Bondye, ni sila ki pa renmen frè li.
C'est à ceci que l'on reconnaît les enfants de Dieu et les enfants du diable: quiconque ne pratique pas la justice, n'est point issu de Dieu, non plus que celui qui n'aime pas son frère.
11 Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman a ke nou dwe renmen yon a lòt.
En effet, voici le message que vous avez entendu dès le commencement: c'est que nous nous aimions les uns les autres.
12 Pa kon Caïn, ki te apatyen a mechan la, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa yo a frè l te jis.
Ne soyez pas comme Caïn: il était issu du malin, et il tua son frère. Et pourquoi le tua-t-il? Parce que ses oeuvres étaient mauvaises, au lieu que celles de son frère étaient justes.
13 Pa etonnen, frè yo, si lemonn rayi nou.
Ne soyez pas surpris, mes frères, si le monde vous hait.
14 Nou konnen ke nou kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.
Pour nous, nous savons que nous sommes passés de la mort à la vie, parce que nous aimons nos frères: celui qui n'aime pas, demeure dans la mort.
15 Nenpòt ki rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl a anndan li. (aiōnios g166)
Quiconque hait son frère est un meurtrier, et vous savez qu'aucun meurtrier n'a la vie éternelle demeurant en lui. (aiōnios g166)
16 Men konsa nou rekonèt lamou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo.
Nous avons connu l'amour à ceci, c'est que Jésus a donné sa vie pour nous; nous aussi, nous devons donner notre vie pour nos frères;
17 Men nenpòt ki gen byen yo a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li?
mais, si quelqu'un possède les biens de ce monde, et que, voyant son frère dans le besoin, il lui ferme ses entrailles, comment l'amour de Dieu demeure-t-il en lui?
18 Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.
Chers enfants, n'aimons pas en paroles et de la langue, mais en actions et véritablement:
19 Nou va rekonèt konsa ke nou se nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li:
nous connaîtrons par là que nous sommes issus de la vérité, et nous rassurerons nos coeurs devant Dieu,
20 si kè nou kondannen nou, Bondye se bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.
parce que, si notre coeur nous condamne, Dieu est plus grand que notre coeur; il connaît tout.
21 Byeneme yo, si kè nou pa kondannen nou, nou gen konfyans devan Bondye.
Mes bien-aimés, si notre coeur ne nous condamne point, nous pouvons nous adresser à Dieu avec assurance,
22 Pou sa a, nenpòt ke nou mande, nou va resevwa de Li, paske nou kenbe kòmandman Li yo, epi fè bagay yo ki fè plezi devan zye Li yo.
et, quoi que nous demandions, nous le recevons de lui, parce que nous gardons ses commandements, et que nous faisons ce qui est agréable à ses yeux.
23 Men sa se kòmandman Li, ke nou kwè nan non lan a Fis Li, Jésus Kri, epi renmen yon ak lòt, kon Li te kòmande nou.
Voici son commandement, c'est que nous croyions au nom de son Fils, Jésus-Christ, et que nous nous aimions les uns les autres, comme il nous l'a commandé.
24 Sila a ki kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.
Celui qui garde ses commandements, demeure en Dieu, et Dieu en lui; et nous connaissons que Dieu demeure en nous à l'esprit qu'il nous a donné.

< 1 Jan 3 >