< Chante Salomon 8 >

1 Poukisa se pa t' frè m' ou te ye, frè ki tete menm manman avè m'? Lè m' ta kontre avè ou nan lari, m' ta gen dwa bo ou, pesonn pa ta wè mal nan sa.
巴不得你像我的兄弟, 像吃我母親奶的兄弟; 我在外頭遇見你就與你親嘴, 誰也不輕看我。
2 Mwen ta mennen ou lakay manman m', mwen ta fè ou antre. Ou ta moutre m' sa pou m' fè. M' ta ba ou diven melanje ak fèy santi bon ak ji grenad mwen yo pou ou bwè.
我必引導你, 領你進我母親的家; 我可以領受教訓, 也就使你喝石榴汁釀的香酒。
3 Li pase men gòch li anba tèt mwen, l'ap karese m' ak men dwat li.
他的左手必在我頭下; 他的右手必將我抱住。
4 Nou menm medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Pa deranje anmòrèz mwen lè l'ap dòmi. Pa leve l' san l' pa vle.
耶路撒冷的眾女子啊, 我囑咐你們: 不要驚動、不要叫醒我所親愛的, 等他自己情願。
5 Kilès sa a k'ap vin sot nan dezè a? Kilès sa a ki apiye sou bra mennaj li konsa? Anba pye ponm lan, mwen leve ou nan dòmi. Se la ou te fèt. Se la manman ou te fè ou wè solèy.
那靠着良人從曠野上來的是誰呢? 〔新娘〕 我在蘋果樹下叫醒你。 你母親在那裏為你劬勞; 生養你的在那裏為你劬勞。
6 Pa renmen lòt moun pase mwen ase! Kenbe m' fò nan bra ou! renmen tankou lanmò. Lè ou renmen yon moun tout bon, se mouri w'ap mouri pou li. renmen met dife nan tout kò ou. Dife sa a se nan Bondye li soti. (Sheol h7585)
求你將我放在你心上如印記, 帶在你臂上如戳記。 因為愛情如死之堅強, 嫉恨如陰間之殘忍; 所發的電光是火焰的電光, 是耶和華的烈焰。 (Sheol h7585)
7 Pa gen dlo ki ka touye l'. Pa gen larivyè ki ka tenyen l'. Yon moun te mèt ofri tout richès lakay li pou l' ta achte renmen, pesonn pa ta okipe l'.
愛情,眾水不能熄滅, 大水也不能淹沒。 若有人拿家中所有的財寶要換愛情, 就全被藐視。
8 Nou gen yon ti sè, li poko menm pouse tete. Kisa pou nou fè pou li si yon jenn gason vin ap file l'?
我們有一小妹; 她的兩乳尚未長成, 人來提親的日子, 我們當為她怎樣辦理?
9 Si se yon miray li ye, n'a bati yon gwo fò won an ajan sou li. Si se yon pòt li ye, n'a fèmen l' ak batan sèd, n'a kouvri l' ak panno bwa sèd.
她若是牆, 我們要在其上建造銀塔; 她若是門, 我們要用香柏木板圍護她。
10 Se yon miray ranpa mwen ye. Tete m' tankou de fò. Se poutèt sa, nan je mennaj mwen, m' se yon fanm ki jwenn bonè m'.
我是牆; 我兩乳像其上的樓。 那時,我在他眼中像得平安的人。
11 Salomon te gen yon jaden rezen yon kote yo rele Baal-Amon. Li bay kèk moun okipe l' pou li. Lè rekòt, yo chak pou te ba li mil (1.000) pyès ajan.
所羅門在巴力‧哈們有一葡萄園; 他將這葡萄園交給看守的人, 為其中的果子必交一千舍客勒銀子。
12 Mwen gen jaden rezen pa m' m'ap okipe. Salomon, ou mèt kenbe mil (1.000) pyès ajan pa ou yo ak desan (200) pyès ajan pou moun k'ap veye rekòt la.
我自己的葡萄園在我面前。 所羅門哪,一千舍客勒歸你, 二百舍客勒歸看守果子的人。
13 Zanmi kanmarad ap pare zòrèy pou tande ou. Fè m' tande vwa ou non, ou menm ki rete nan jaden yo!
你這住在園中的, 同伴都要聽你的聲音, 求你使我也得聽見。
14 Kouri non, mennaj mwen! Kouri tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit sou mòn ki gen bon sant yo!
我的良人哪,求你快來! 如羚羊或小鹿在香草山上。

< Chante Salomon 8 >