< Sòm 89 >

1 Chante Etan, moun peyi Ezra. Seyè, mwen p'ap janm sispann chante pou fè konnen jan ou renmen nou. Se tout tan m'a fè konnen jan ou se moun ki kenbe pawòl ou.
エズラびとエタンのマスキールの歌 主よ、わたしはとこしえにあなたのいつくしみを歌い、わたしの口をもってあなたのまことをよろずよに告げ知らせます。
2 Ou di konsa: -Pa gen anyen ki pou fè ou sispann renmen nou. Menm jan syèl la ap toujou la, se konsa tou w'ap toujou kenbe pawòl ou.
あなたのいつくしみはとこしえに堅く立ち、あなたのまことは天のようにゆるぐことはありません。
3 Ou di konsa: -Mwen pase yon kontra avèk moun mwen te chwazi a. Men sa mwen te pwomèt David, sèvitè mwen an:
あなたは言われました、「わたしはわたしの選んだ者と契約を結び、わたしのしもべダビデに誓った、
4 W'ap toujou gen yon wa nan pitit pitit ou yo. M'ap fè gouvènman ou lan kanpe fèm pou tout tan.
『わたしはあなたの子孫をとこしえに堅くし、あなたの王座を建てて、よろずよに至らせる』」。 (セラ)
5 Seyè, moun ki nan syèl yo ap chante pou bèl mèvèy ou fè yo. Y'ap chante nan mitan moun k'ap viv pou ou yo, pou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.
主よ、もろもろの天にあなたのくすしきみわざをほめたたえさせ、聖なる者のつどいで、あなたのまことをほめたたえさせてください。
6 Seyè, pa gen tankou ou nan syèl la! Pa gen bondye ki ka wè avè ou!
大空のうちに、だれか主と並ぶものがあるでしょうか。神の子らのうちに、だれか主のような者があるでしょうか。
7 Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou.
主は聖なる者の会議において恐るべき神、そのまわりにあるすべての者にまさって大いなる恐るべき者です。
8 Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa gen moun ki gen pouvwa pase ou! Ou kenbe pawòl ou nan tout sikonstans, Seyè!
万軍の神、主よ、主よ、だれかあなたのように大能のある者があるでしょうか。あなたのまことは、あなたをめぐっています。
9 Ou dominen sou gwo lanmè yo. Lè yo move, ou fè yo ret dousman.
あなたは海の荒れるのを治め、その波の起るとき、これを静められます。
10 Ou kraze moun peyi Lejip yo, ou fè yo tounen kadav. Avèk fòs ponyèt ou, ou gaye lènmi ou yo.
あなたはラハブを、殺された者のように打ち砕き、あなたの敵を力ある腕をもって散らされました。
11 Syèl la se pou ou ansanm ak latè a. Se ou ki kreye lemonn antye ak tou sa ki ladan l'.
もろもろの天はあなたのもの、地もまたあなたのもの、世界とその中にあるものとはあなたがその基をおかれたものです。
12 Se ou ki kreye nò ak sid. Mòn Tabò ak mòn Emon ap chante pou ou sitèlman yo kontan.
北と南はあなたがこれを造られました。タボルとヘルモンは、み名を喜び歌います。
13 Ou pa manke fòs nan ponyèt ou! Ou p'ap bese tèt devan pesonn.
あなたは大能の腕をもたれます。あなたの手は強く、あなたの右の手は高く、
14 W'ap gouvènen tout bagay avèk jistis san patipri. Nan tout sa w'ap fè ou pa janm bliye jan ou renmen nou. W'ap toujou kenbe pwomès ou te fè nou yo.
義と公平はあなたのみくらの基、いつくしみと、まことはあなたの前に行きます。
15 Ala bon sa bon lè yon pèp gen kè kontan, lè l'ap viv yon jan ki fè ou plezi!
祭の日の喜びの声を知る民はさいわいです。主よ、彼らはみ顔の光のなかを歩み、
16 Tout lajounen y'ap fè fèt pou ou. Y'ap fè lwanj ou paske ou gen bon kè.
ひねもす、み名によって喜び、あなたの義をほめたたえます。
17 Se ou menm ki fè nou pa pè pesonn. Se paske ou renmen nou kifè nou genyen batay yo.
あなたは彼らの力の栄光だからです。われらの角はあなたの恵みによって高くあげられるでしょう。
18 Paske, Seyè a se pwoteksyon nou, se ou menm, Bondye Izrayèl la, ki wa nou.
われらの盾は主に属し、われらの王はイスラエルの聖者に属します。
19 Nan tan lontan, moun k'ap sèvi ou yo te wè ou nan yon vizyon. Ou te pale ak yo, ou te di yo: -Mwen te bay yon vanyan gason yon koudmen. Mwen te pran yon jenn gason nan pèp la, mwen mete l' chèf.
昔あなたは幻をもってあなたの聖徒に告げて言われました、「わたしは勇士に栄冠を授け、民の中から選ばれた者を高くあげた。
20 Mwen te jwenn David, sèvitè mwen an, mwen te mete l' apa pou l' vin wa sou nou.
わたしはわがしもべダビデを得て、これにわが聖なる油をそそいだ。
21 M'ap toujou soutni l' avèk fòs mwen. M'a fòtifye l' avèk pouvwa mwen.
わが手は常に彼と共にあり、わが腕はまた彼を強くする。
22 Lènmi l' yo p'ap ka mete men sou li, mechan yo p'ap ka mete pye sou kou li.
敵は彼をだますことなく、悪しき者は彼を卑しめることはない。
23 M'ap kraze tout moun ki pa vle wè l' yo, m'ap touye moun ki rayi l' yo.
わたしは彼の前にもろもろのあだを打ち滅ぼし、彼を憎む者どもを打ち倒す。
24 M'ap toujou renmen l', m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak li, mwen p'ap janm kite l' pèdi okenn batay.
わがまことと、わがいつくしみは彼と共にあり、わが名によって彼の角は高くあげられる。
25 M'ap fè l' gouvènen depi lanmè Mediterane jouk larivyè Lefrat.
わたしは彼の手を海の上におき、彼の右の手を川の上におく。
26 L'a rele m', l'a di m': Se ou ki papa m', se ou menm ki Bondye m'. Se ou ki pwoteksyon m', se ou menm ki delivrans mwen.
彼はわたしにむかい『あなたはわが父、わが神、わが救の岩』と呼ぶであろう。
27 Mwen menm, m'ap fè l' pase pou premye pitit gason mwen. Se li k'ap pi gran nan tout wa sou latè.
わたしはまた彼をわがういごとし、地の王たちのうちの最も高い者とする。
28 M'a toujou fè l' wè jan m' renmen l', m'ap toujou kenbe kontra mwen te fè ak li a.
わたしはとこしえに、わがいつくしみを彼のために保ち、わが契約は彼のために堅く立つ。
29 M'ap toujou chwazi yonn nan pitit pitit li yo pou wa. Gouvènman li a ap rete tout tan tout tan.
わたしは彼の家系をとこしえに堅く定め、その位を天の日数のようにながらえさせる。
30 Men, si pitit pitit li yo pa obeyi lalwa mwen ba yo, si yo pa mache dapre lòd mwen ba yo,
もしその子孫がわがおきてを捨て、わがさばきに従って歩まないならば、
31 si yo pa swiv prensip mwen ba yo, si yo pa fè tout sa mwen mande yo fè,
もし彼らがわが定めを犯し、わが戒めを守らないならば、
32 m'ap pini yo pou peche yo fè, m'ap bat yo. M'ap ba yo kout fwèt pou tout sa yo fè ki mal.
わたしはつえをもって彼らのとがを罰し、むちをもって彼らの不義を罰する。
33 Men, se pa sa k'ap fè m' sispann renmen David, ni k'ap fè m' pa kenbe pwomès mwen te fè l' la.
しかし、わたしはわがいつくしみを彼から取り去ることなく、わがまことにそむくことはない。
34 Non. Mwen p'ap kase kontra mwen pase ak li a, ni mwen p'ap janm manke l' pawòl.
わたしはわが契約を破ることなく、わがくちびるから出た言葉を変えることはない。
35 Depi mwen fè sèman sou non mwen yon sèl fwa, se fini: Mwen p'ap bay David manti.
わたしはひとたびわが聖によって誓った。わたしはダビデに偽りを言わない。
36 Pitit pitit li yo va toujou wa. Y'a gouvènen devan mwen toutotan solèy la va la.
彼の家系はとこしえに続き、彼の位は太陽のように常にわたしの前にある。
37 Gouvènman li an ap la pou tout tan, tankou lalin ki toujou klere nan syèl la.
また月のようにとこしえに堅く定められ、大空の続くかぎり堅く立つ」。 (セラ)
38 Men, malgre sa, ou fache sou wa ou te chwazi a, ou vire do ba li, ou voye l' jete.
しかしあなたは、あなたの油そそがれた者を捨ててしりぞけ、彼に対して激しく怒られました。
39 Ou pa menm okipe kontra ou te fè avèk sèvitè ou la. Ou pran kouwòn ki te sou tèt li a, ou voye l' jete nan labou.
あなたはそのしもべとの契約を廃棄し、彼の冠を地になげうって、けがされました。
40 Ou kraze tout miray li yo, ou lage yo atè. Ou kite tout fò li yo fin kraze nèt.
あなたはその城壁をことごとくこわし、そのとりでを荒れすたれさせられました。
41 Tout moun k'ap pase nan lari ap piye kay li, tout vwazinaj li yo ap pase l' nan rizib.
そこを通り過ぎる者は皆彼をかすめ、彼はその隣り人のあざけりとなりました。
42 Ou kite lènmi l' yo kraze l' anba pye yo. Ou fè yo tout kontan.
あなたは彼のあだの右の手を高くあげ、そのもろもろの敵を喜ばせられました。
43 Ou kase dan tout zam li yo, ou kite yo kraze l' nan lagè.
まことに、あなたは彼のつるぎの刃をかえして、彼を戦いに立たせられなかったのです。
44 Ou te wete baton kòmandman an nan men l', ou pran fotèy li a, ou jete l' atè.
あなたは彼の手から王のつえを取り去り、その王座を地に投げすてられました。
45 Ou fè l' vin vye anvan lè li, ou fè l' wont nèt.
あなたは彼の若き日をちぢめ、恥をもって彼をおおわれました。 (セラ)
46 Seyè, jouk kilè w'ap rete kache pou nou pa wè ou? Gen lè se pou tout tan! W'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife?
主よ、いつまでなのですか。とこしえにお隠れになるのですか。あなたの怒りはいつまで火のように燃えるのですか。
47 Seyè, chonje moun pa anyen, lavi yo kout. Chonje se ou ki kreye tout moun pou yo tounen pousyè.
主よ、人のいのちの、いかに短く、すべての人の子を、いかにはかなく造られたかを、みこころにとめてください。
48 Eske gen moun ki ka viv san l' pa janm mouri? Kisa yon moun ka fè pou l' pa janm al anba tè? (Sheol h7585)
だれか生きて死を見ず、その魂を陰府の力から救いうるものがあるでしょうか。 (セラ) (Sheol h7585)
49 Seyè, kote sa ou te fè nan tan lontan pou fè nou wè jan ou renmen nou an? Kote tout bèl pwomès ou te fè David yo?
主よ、あなたがまことをもってダビデに誓われた昔のいつくしみはどこにありますか。
50 Seyè, pa bliye jan y'ap pase sèvitè ou yo nan betiz! Pa bliye jan moun lòt nasyon yo ap joure mwen!
51 Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap joure, jan y'ap joure wa ou te chwazi a kote l' pase.
主よ、あなたのしもべがうけるはずかしめをみこころにとめてください。主よ、あなたのもろもろの敵はわたしをそしり、あなたの油そそがれた者の足跡をそしります。わたしはもろもろの民のそしりをわたしのふところにいだいているのです。
52 Ann toujou fè lwanj Seyè a! Wi, se vre! Amèn!
主はとこしえにほむべきかな。アァメン、アァメン。

< Sòm 89 >