< Sòm 88 >

1 Chante sa a se yon sòm pitit Kore yo. Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm tankou timoun lekòl. Se chante Eman, moun lavil Ezra. Seyè, Bondye, se ou menm ki delivrans mwen! Lajounen kou lannwit m'ap rele nan pye ou!
(고라 자손의 찬송 시. 곧 에스라인 헤만의 마스길. 영장으로 마할랏르안놋에 맞춘 노래) 여호와 내 구원의 하나님이여, 내가 주야로 주의 앞에 부르짖었사오니
2 Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Koute byen sa m'ap mande ou.
나의 기도로 주의 앞에 달하게 하시며 주의 귀를 나의 부르짖음에 기울이소서
3 Anpil malè tonbe sou mwen, mwen pa kapab ankò. Mwen prèt pou mouri. (Sheol h7585)
대저 나의 영혼에 곤란이 가득하며 나의 생명은 음부에 가까왔사오니 (Sheol h7585)
4 Mwen tankou moun ki sou dènye souf li, tankou moun ki pa gen fòs ankò.
나는 무덤에 내려가는 자와 함께 인정되고 힘이 없는 사람과 같으며
5 Mwen tonbe atè tankou yon moun mouri, tankou yon moun yo touye ki kouche nan simityè. Wi, tankou yon moun ou bliye nèt, tankou yon moun ou pa ka fè anyen ankò pou li.
사망자 중에 던지운 바 되었으며 살륙을 당하여 무덤에 누운 자 같으니이다 주께서 저희를 다시 기억지 아니하시니 저희는 주의 손에서 끊어진 자니이다
6 Ou voye m' jete nan yon gwo twou byen fon, kote ki fè nwa anpil, nan yon twou san fon.
주께서 나를 깊은 웅덩이 어두운 곳 음침한 데 두셨사오며
7 Mwen santi ou ankòlè anpil sou mwen. Se kraze w'ap kraze m' anba men ou.
주의 노가 나를 심히 누르시고 주의 모든 파도로 나를 괴롭게 하셨나이다 (셀라)
8 Ou fè tout zanmi m' yo lage m'. Yo yonn pa ka santi m' bò kote yo! Mwen fèmen yon kote mwen pa ka soti.
주께서 나의 아는 자로 내게서 멀리 떠나게 하시고 나로 저희에게 가증되게 하셨사오니 나는 갇혀서 나갈 수 없게 되었나이다
9 Je m' ap boule m' tèlman m'ap soufri. Seyè, se chak jou m'ap rele ou, m'ap louvri de bra m' ba ou!
곤란으로 인하여 내 눈이 쇠하였나이다 여호와여, 내가 매일 주께 부르며 주를 향하여 나의 두 손을 들었나이다
10 Eske se pou moun mouri ou fè mirak? Eske mò ka leve pou fè lwanj ou?
주께서 사망한 자에게 기사를 보이시겠나이까 유혼이 일어나 주를 찬송하리이까? (셀라)
11 Eske moun ki anba tè ka fè konnen jan ou renmen nou? Eske moun ki nan twou san fon an ka fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou?
주의 인자하심을 무덤에서, 주의 성실하심을 멸망 중에서 선포할 수 있으리이까?
12 Eske moun ki nan fènwa a ka wè mèvèy ou yo? Eske moun ki nan peyi kote yo bliye tout bagay la ka wè jan ou bon!
흑암 중에서 주의 기사와, 잊음의 땅에서 주의 의를 알 수 있으리이까?
13 Seyè, m'ap rele ou vin ede mwen. Se chak maten m'ap lapriyè nan pye ou.
여호와여, 오직 주께 내가 부르짖었사오니 아침에 나의 기도가 주의 앞에 달하리이다
14 Seyè, poukisa ou voye m' jete lwen ou konsa? Poukisa ou kache figi ou pou mwen?
여호와여, 어찌하여 나의 영혼을 버리시며 어찌하여 주의 얼굴을 내게 숨기시나이까?
15 Depi mwen jenn gason se soufri m'ap soufri, m'ap pase ra lanmò. Ou sitèlman pini mwen, mwen pa konn sa pou m' fè ankò.
내가 소시부터 곤란을 당하여 죽게 되었사오며 주의 두렵게 하심을 당할 때에 황망하였나이다
16 Nan kòlè ou, ou fè m' pase kont tray mwen. Se fini ou fini avè m' tèlman ou pini m'.
주의 진노가 내게 넘치고 주의 두렵게 하심이 나를 끊었나이다
17 Tout lajounen ou sènen m' tankou dlo inondasyon, ou fèmen m' toupatou.
이런 일이 물 같이 종일 나를 에우며 함께 나를 둘렀나이다
18 Ou te fè tout kanmarad mwen yo ak zanmi m' yo vire do ban mwen. Moun mwen te konn rakonte ti koze m' yo disparèt.
주께서 나의 사랑하는 자와 친구를 내게서 멀리 떠나게 하시며 나의 아는 자를 흑암에 두셨나이다

< Sòm 88 >