< Sòm 84 >

1 Pou chèf sanba yo. Se sou lè yon chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm pitit Kore yo. Ala bèl kay ou a bèl, Seyè ki gen tout pouvwa!
How amiable are thy tabernacles, O Jehovah of hosts!
2 Jan mwen anvi wè kay Seyè a sa! M'ap deperi sitèlman m' anvi al lakay Seyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an.
My soul longs, yea, even faints for the courts of Jehovah. My heart and my flesh cry out to the living God.
3 Menm ti zwezo jwenn kote pou yo rete, menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo: Se toupre lotèl ou yo, Seyè ki gen tout pouvwa, ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen!
Yea, the sparrow has found her a house, and the swallow a nest for herself where she may lay her young, even thine altars, O Jehovah of hosts, my King and my God.
4 Ala bon sa bon pou moun k'ap viv lakay ou yo! Yo toujou ap fè lwanj ou.
Blessed are those who dwell in thy house. They will still be praising thee. (Selah)
5 Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon an!
Blessed is the man whose strength is in thee, in whose heart are the highways to Zion.
6 Lè y'ap pase nan mitan Fon Sèk la, yo fè l' tounen yon kote ki plen sous dlo. Anvan yon ti lapli tonbe, tout jaden bèl.
Passing through the valley of weeping they make it a place of springs. Yea, the early rain covers it with blessings.
7 Plis y'ap mache, se plis y'ap gen fòs. Yo gen pou yo parèt devan Bondye sou mòn Siyon an.
They go from strength to strength; each one of them appears before God in Zion.
8 Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, koute lapriyè mwen. Bondye Jakòb la, panche zòrèy ou pou tande m'.
O Jehovah God of hosts, hear my prayer. Give ear, O God of Jacob. (Selah)
9 Bondye, ou menm ki tout pwoteksyon nou, voye benediksyon ou sou wa ou te chwazi pou nou an!
Behold, O God our shield, and look upon the face of thine anointed.
10 Yon jou pase anndan lakay ou pi bon pase mil jou pase nenpòt lòt kote. Mwen ta pito rete kanpe nan papòt kay Bondye a pase pou m' ta rete anndan kay mechan yo.
For a day in thy courts is better than a thousand. I had rather be a doorkeeper in the house of my God, than to dwell in the tents of wickedness.
11 Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l' okenn bon bagay.
For Jehovah God is a sun and a shield. Jehovah will give grace and glory. He will withhold no good thing from those who walk uprightly.
12 Bondye ki gen tout pouvwa, ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou!
O Jehovah of hosts, blessed is the man who trusts in thee.

< Sòm 84 >