< Sòm 81 >

1 Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm Asaf. Chante ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou! Fè fèt pou Bondye Jakòb la!
In finem, Pro torcularibus, Psalmus ipsi Asaph. Exultate Deo adiutori nostro: iubilate Deo Iacob.
2 Konmanse chante a. Bat tanbouren yo! Jwe bèl mizik sou gita ak bandjo yo.
Sumite psalmum, et date tympanum: psalterium iucundum cum cithara.
3 Kònen twonpèt pou anonse fèt la, lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn!
Buccinate in Neomenia tuba, in insigni die solemnitatis vestræ:
4 Se yon lwa nan peyi Izrayèl, se yon lòd Bondye Jakòb la bay!
Quia præceptum in Israel est: et iudicium Deo Iacob.
5 Bondye te fè sa tounen yon lwa pou pitit pitit Jozèf yo lè li te fè yo soti nan peyi Lejip la. Mwen tande yon vwa mwen pa rekonèt ki di m' konsa:
Testimonium in Ioseph posuit illud, cum exiret de Terra Ægypti: linguam, quam non noverat, audivit.
6 Se mwen ki te wete gwo chay lou ki te sou zepòl nou an. Se mwen ki te fè nou mete panyen yo atè.
Divertit ab oneribus dorsum eius: manus eius in cophino servierunt.
7 Lè nou te anba tray, nou te rele m', mwen te delivre nou. Mwen reponn nou nan loraj kote m' te kache a. Mwen te vle wè sou ki pye nou ye avè m', lè nou te bò sous dlo Meriba a.
In tribulatione invocasti me, et liberavi te: exaudivi te in abscondito tempestatis: probavi te apud aquam contradictionis.
8 Koute m' non lè m'ap avèti nou, pèp mwen! Pèp Izrayèl, poukisa nou pa vle koute m'!
Audi populus meus, et contestabor te: Israel si audieris me,
9 Piga nou janm sèvi lòt bondye, piga nou janm adore bondye lòt nasyon yo!
non erit in te deus recens, neque adorabis deum alienum.
10 Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou kite peyi Lejip la. Louvri bouch nou, m'a plen l' ak pawòl mwen!
Ego enim sum Dominus Deus tuus, qui eduxi te de terra Ægypti: dilata os tuum, et implebo illud.
11 Men, pèp mwen an pa koute m'. Pèp Izrayèl la pa obeyi m'.
Et non audivit populus meus vocem meam: et Israel non intendit mihi.
12 Lè m' wè sa, mwen kite yo swiv lide yo te gen nan tèt yo, mwen kite yo fè tou sa yo te vle fè.
Et dimisi eos secundum desideria cordis eorum, ibunt in adinventionibus suis.
13 Ayayay! Si pèp mwen an te vle koute m'. Si pèp Izrayèl la te vle obeyi mwen!
Si populus meus audisset me: Israel si in viis meis ambulasset:
14 Anvan yo ta bat je yo, mwen ta fè lènmi yo wont, mwen ta kraze tout lènmi yo.
Pro nihilo forsitan inimicos eorum humiliassem: et super tribulantes eos misissem manum meam.
15 Moun ki rayi Seyè a ta vin flate yo. Pèp Izrayèl la t'ap alèz pou tout tan.
Inimici Domini mentiti sunt ei: et erit tempus eorum in sæcula.
16 Mwen ta ba yo pi bon kalite manje pou yo manje. Mwen ta plen vant yo ak bon siwo myèl ki soti nan twou wòch!
Et cibavit eos ex adipe frumenti: et de petra, melle saturavit eos.

< Sòm 81 >