< Sòm 80 >

1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la.
詠【求以色列復興】阿撒夫的詩歌,交與樂官。 以色列的牧養者,懇求您留心細聽,您率領若瑟的子孫有如率領羊群。坐於革魯賓之上者,求您大顯光榮。
2 Fè pitit Efrayim, pitit Benjamen ansanm ak pitit Manase yo wè jan ou gen pouvwa. vin delivre nou.
於厄弗辣因、本雅明和默納協之中;求您發顯您的威能,快來作我們的救星!
3 Bondye, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.
天主,求您使我們能以復興,顯示您的慈顏,好拯救我們。
4 Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, jouk kilè w'a rete fache sou pèp ou k'ap lapriyè nan pye ou?
萬軍的天主,何時消除向您祈禱的百姓發怒?
5 Ou ba yo dlo k'ap koule sot nan je yo pou sèvi yo manje. Ou ba yo gwo gode plen dlo k'ap soti nan je yo pou yo bwè.
您給他們吃的是含淚的食物,您用汪汪淚水,作他們的飲料。
6 Ou kite nasyon ki bò kote nou yo ap goumen yonn ak lòt poutèt nou. Ou kite lènmi nou yo ap pase nou nan rizib.
您使我們四鄰因我們而爭吵,您讓我們的仇人向我們嘲笑。
7 Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.
萬軍的天主,求您復興我們,顯示您的慈顏,好拯救我們。
8 Ou rache yon pye rezen nan peyi Lejip, ou mete anpil nasyon deyò, ou plante l' nan plas yo.
您從埃及移來一棵葡萄樹,您把異民趕走,而種植這樹。
9 Ou pare yon moso tè kote pou l' te grandi. Li pouse gwo rasin byen fon, branch li yo kouvri tout peyi a.
給這樹準備了肥沃土質,這樹深深紮根,滿佈大地。
10 Lonbraj li te kouvri tout mòn yo, branch li yo kouvri tout gwo pye sèd yo.
他的蔭影遮蔽著群山峻嶺,它的枝幹與蒼天松柏相等;
11 Branch li yo rive jouk bò lanmè Mediterane, jouk bò larivyè Lefrat.
它的枝蔓伸展到海涯、它的根苗綿延到河壩。
12 Poukisa ou lage lantouraj li yo atè konsa, kifè koulye a nenpòt moun k'ap pase vin vòlè rezen li yo?
您為何折毀它的籬笆,任憑過路的人去砍伐,
13 Kochon mawon fin raboure rasin li yo, bèt nan bwa ap manje tout fèy li yo.
使森林的野豬去踐踏,使田間的野獸去吃它?
14 Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, tounen vin jwenn nou non! Kote ou ye nan syèl la, gade sak rive nou! Pran ka pye rezen ou lan non!
萬軍的天主,求您領我們回去,求您從高天之上垂視而憐恤!
15 vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fè tounen yon gwo pyebwa a.
求您常看顧這葡萄樹,和您右手種植的園圃,保護您所培養的小樹。
16 Lènmi nou yo mete dife ladan l', yo koupe tout branch li yo. Fè kòlè! Annik gade yo, y'a peri!
願那放火焚燒它,砍伐它的人,因懍於您怒容的威嚇而沈淪。
17 Pwoteje peyi ou te fè tounen yon gwo peyi a! Pwoteje pèp ou te chwazi a!
願您右手扶持您右邊的人。並扶助為您所堅固的子民!
18 Nou p'ap janm vire do ba ou ankò! Ban nou lavi ankò! N'a fè lwanj ou!
從此,我們再不願意離開您,賜我們生存,為能傳揚您名。
19 Bondye ki gen tout pouvwa a, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre!
上主萬軍的天主,求您復興我們,顯示您的慈顏,好拯救我們!

< Sòm 80 >