< Sòm 8 >

1 Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm David. Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa! Pouvwa ou moute pi wo pase syèl la!
(다윗의 시. 영장으로 깃딧에 맞춘 노래) 여호와 우리 주여, 주의 이름이 온 땅에 어찌 그리 아름다운지요 주의 영광을 하늘 위에 두셨나이다
2 Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete chante jan ou gen fòs, pou ou koresponn ak moun ki pa vle wè ou yo, pou ou fèmen bouch lènmi ou yo ak moun k'ap kenbe tèt avè ou yo.
주의 대적을 인하여 어린 아이와 젖먹이의 입으로 말미암아 권능을 세우심이여 이는 원수와 보수자로 잠잠케 하려 하심이니이다
3 Lè m'ap gade syèl ou fè ak men ou lan, lalin ak zetwal ou mete ladan li,
주의 손가락으로 만드신 주의 하늘과 주의 베풀어 두신 달과 별들을 내가 보오니
4 m'ap mande: -Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa?
사람이 무엇이관대 주께서 저를 권고하시나이까
5 Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè.
저를 천사보다 조금 못하게 하시고 영화와 존귀로 관을 씌우셨나이다
6 Ou mete yo pou yo donminen sou tou sa ou fè, ou mete tout bagay anba pye yo:
주의 손으로 만드신 것을 다스리게 하시고 만물을 그 발 아래 두셨으니
7 Bèf kou kabrit, ansanm ak tout bèt nan bwa yo,
곧 모든 우양과 들짐승이며
8 zwazo nan syèl, pwason nan dlo, ansanm ak tout lòt bèt k'ap viv nan lanmè.
여호와 우리 주여, 주의 이름이 온 땅에 어찌 그리 아름다운지요
9 Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa!

< Sòm 8 >