< Sòm 75 >

1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Sòm Asaf sa a se yon chante li ye. N'ap fè lwanj ou, Bondye! N'ap fè lwanj ou! Se tout tan n'ap nonmen non ou! N'ap fè konnen bèl mèvèy ou fè yo!
In finem, Ne corrumpas, Psalmus Cantici Asaph. Confitebimur tibi Deus: confitebimur, et invocabimus nomen tuum. Narrabimus mirabilia tua:
2 Bondye di: -Mwen fikse yon dat pou jijman an. Lè sa a, m'a jije jan sa dwe fèt.
cum accepero tempus, ego iustitias iudicabo.
3 Nou te mèt wè latè a ansanm ak tout sa k'ap viv sou li yo pran tranble, m'ap kenbe fondasyon li yo byen fèm.
Liquefacta est terra, et omnes qui habitant in ea: ego confirmavi columnas eius.
4 M'ap di moun k'ap fè grandizè yo: Sispann gonfle lestonmak nou! M'ap di mechan yo: Sispann fè awogans!
Dixi iniquis: Nolite inique agere: et delinquentibus: Nolite exaltare cornu:
5 Pa gonfle lestonmak nou konsa! Pa fè awogans konsa sou Bondye ki anwo nan syèl la!
Nolite extollere in altum cornu vestrum: nolite loqui adversus Deum iniquitatem.
6 Jijman an pa soti bò kote solèy leve a, ni bò kote solèy kouche a. Li pa soti nan nò ni nan sid.
Quia neque ab Oriente, neque ab Occidente, neque a desertis montibus:
7 Non. Se Bondye k'ap jije: L'ap bese yonn, l'ap leve yon lòt.
quoniam Deus iudex est. Hunc humiliat, et hunc exaltat:
8 Seyè a kenbe yon gode nan men l'. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L'ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y'ap bwè, y'ap bwè san yo pa kite yon ti tak.
quia calix in manu Domini vini meri plenus misto. Et inclinavit ex hoc in hoc: verumtamen fæx eius non est exinanita: bibent omnes peccatores terræ.
9 Mwen menm, mwen p'ap janm sispann nonmen non Bondye Jakòb la. Mwen p'ap janm sispann chante pou fè lwanj li.
Ego autem annunciabo in sæculum: cantabo Deo Iacob.
10 L'a kraze fòs kouraj mechan yo. Men, l'ap bay moun ki mache dwat yo plis kouraj ankò!
Et omnia cornua peccatorum confringam: et exaltabuntur cornua iusti.

< Sòm 75 >