< Sòm 70 >

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. Delivre m' non, Bondye! Prese vin pote m' sekou, Seyè!
達味紀念歌,交與樂官。 天主,求您快來拯救我,上主,求您速來援助我。
2 Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.
願那些圖謀殺害我的人,受辱退去,願那些喜歡我遭難的人,含羞出走!
3 Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo sitèlman yo wont.
願那些向我哈哈戲笑的人,個個滿面羞慚而退去無影?
4 Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: Bondye gen gwo pouvwa!
願那些尋求您的人,都因您歡欣鼓舞,願戀慕您救恩的人,都常說:大哉天主!
5 Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm, prese vin delivre m'! Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Prese non, Seyè!
天主,我實在卑微又貧苦,求您速來救我;上主,您是我的助佑和救援,求您不要延擱。

< Sòm 70 >