< Sòm 7 >

1 Plent David te pote bay Seyè a pou Kouch, moun laras Benjamen. Seyè, Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Delivre m'. Pa kite m' tonbe nan men moun k'ap pèsekite m' yo.
שגיון לדוד אשר שר ליהוה על דברי כוש בן ימיני יהוה אלהי בך חסיתי הושיעני מכל רדפי והצילני׃
2 Si se pa sa, tankou lyon yo fè, y'ap pote m' ale, y'ap devore m' san pesonn p'ap ka pote m' sekou.
פן יטרף כאריה נפשי פרק ואין מציל׃
3 Seyè, Bondye mwen, si m' te fè bagay sa yo vre, si m' te fè yon moun mal,
יהוה אלהי אם עשיתי זאת אם יש עול בכפי׃
4 si m' te aji mal ak moun ki te fè m' byen, si m' te pèsekite lènmi m' san rezon,
אם גמלתי שולמי רע ואחלצה צוררי ריקם׃
5 ou mèt kite lènmi pousib mwen jouk li mete men sou mwen. Ou mèt kite l' mache sou mwen, ou mèt kite l' trennen non m' nan labou.
ירדף אויב נפשי וישג וירמס לארץ חיי וכבודי לעפר ישכן סלה׃
6 Seyè, leve non! Mete ou ankòlè! Leve, pran pozisyon kont lènmi m' yo ki fin debòde. Leve non! vin pote m' sekou, paske se jistis ou m'ap chache.
קומה יהוה באפך הנשא בעברות צוררי ועורה אלי משפט צוית׃
7 Sanble tout nasyon yo bò kote ou. Rete nan syèl la, gouvènen yo tout.
ועדת לאמים תסובבך ועליה למרום שובה׃
8 Ou menm Seyè, ou se jij tout moun. Tanpri, Seyè, fè m' jistis paske mwen mache dwat, mwen inonsan.
יהוה ידין עמים שפטני יהוה כצדקי וכתמי עלי׃
9 Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo.
יגמר נא רע רשעים ותכונן צדיק ובחן לבות וכליות אלהים צדיק׃
10 Se Bondye ki defans mwen. Li delivre tout moun ki mache dwat.
מגני על אלהים מושיע ישרי לב׃
11 Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo.
אלהים שופט צדיק ואל זעם בכל יום׃
12 Si yon moun pa chanje lavi li, Bondye ap file nepe li, l'ap pare banza li pou l' vize li.
אם לא ישוב חרבו ילטוש קשתו דרך ויכוננה׃
13 Bondye ap pare zam sa yo pou touye li. L'ap sèvi ak flèch li yo pou simen dife.
ולו הכין כלי מות חציו לדלקים יפעל׃
14 Gade jan mechan an gen move lide nan kè li! L'ap fè plan pou fè moun mal. L'ap plede bay manti.
הנה יחבל און והרה עמל וילד שקר׃
15 Li fouye yon gwo twou byen fon nan tè a. Lèfini, se li menm ki tonbe ladan li.
בור כרה ויחפרהו ויפל בשחת יפעל׃
16 Se konsa, malè li te pare pou lòt moun, se sou li li tonbe. Se pwòp mechanste l' ki tounen kont li!
ישוב עמלו בראשו ועל קדקדו חמסו ירד׃
17 Mwen menm, m'ap di Seyè a mèsi pou jistis li. M'ap fè lwanj Seyè a ki anwo nan syèl la.
אודה יהוה כצדקו ואזמרה שם יהוה עליון׃

< Sòm 7 >