< Sòm 69 >

1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon sòm David. Delivre m' non, Bondye. Dlo prèt pou neye mwen.
For the Chief Musician; set to Shoshannim. [A Psalm] of David. Save me, O God; For the waters are come in unto my soul.
2 M'ap desann nan fon yon ma labou. Mwen pa ka pran pye. Mwen nan yon gwo basen byen fon. Dlo prèt pou kouvri tèt mwen.
I sink in deep mire, where there is no standing: I am come into deep waters, where the floods overflow me.
3 Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m' yo ap boule m' sitèlman m'ap veye tann sekou Bondye mwen an.
I am weary with my crying; my throat is dried: Mine eyes fail while I wait for my God.
4 Gen yon bann moun ki rayi m' san m' pa fè yo anyen. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Gen yon seri moun ki rete konsa yo fè m' lènmi, yo pi fò pase m', y'ap chache touye mwen. Yo fè m' renmèt sa m' pa pran.
They that hate me without a cause are more than the hairs of my head: They that would cut me off, being mine enemies wrongfully, are mighty: That which I took not away I have to restore.
5 Bondye, mwen pa kapab kache peche m' yo devan ou. Ou konnen jan m' te aji tankou moun fou.
O God, thou knowest my foolishness; And my sins are not hid from thee.
6 Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa kite m' tounen yon wont pou moun ki mete konfyans yo nan ou. Ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa kite m' fè moun k'ap sèvi ou yo wont.
Let not them that wait for thee be put to shame through me, O Lord Jehovah of hosts: Let not those that seek thee be brought to dishonor through me, O God of Israel.
7 Se poutèt ou y'ap joure m' konsa. Wi, se poutèt ou lawont fè m' kache figi m'.
Because for thy sake I have borne reproach; Shame hath covered my face.
8 Mwen tounen yon etranje pou pwòp frè m' yo, yon moun deyò pou pwòp pitit manman m' yo.
I am become a stranger unto my brethren, And an alien unto my mother’s children.
9 Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m' santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure.
For the zeal of thy house hath eaten me up; And the reproaches of them that reproach thee are fallen upon me.
10 Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m' konsa.
When I wept, [and chastened] my soul with fasting, That was to my reproach.
11 Si m' mete yon rad sak sou mwen pou m' mande ou padon, y'ap pase m' nan rizib.
When I made sackcloth my clothing, I became a byword unto them.
12 Yo chita bò pòtay lavil la, y'ap pale sou mwen, bwèsonyè yo ap fè chante sou mwen.
They that sit in the gate talk of me; And [I am] the song of the drunkards.
13 Men mwen menm, se ou menm m'ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè w'a wè l' nesesè, paske ou gen bon kè, paske w'ap toujou pote m' sekou.
But as for me, my prayer is unto thee, O Jehovah, in an acceptable time: O God, in the abundance of thy lovingkindness, Answer me in the truth of thy salvation.
14 Wete m' nan ma labou sa a. Pa kite m' desann pi fon ladan li. Delivre m' anba lènmi m' yo. Wete m' nan gwo basen byen fon an.
Deliver me out of the mire, and let me not sink: Let me be delivered from them that hate me, and out of the deep waters.
15 Pa kite dlo yo kouvri tèt mwen ankò. Pa kite m' neye nan gwo lantonwa a. Pa kite bouch twou a fèmen sou mwen.
Let not the waterflood overwhelm me, Neither let the deep swallow me up; And let not the pit shut its mouth upon me.
16 Reponn mwen, Seyè, paske ou p'ap janm sispann renmen m'. Voye je ou gade mwen, paske ou gen kè sansib.
Answer me, O Jehovah; for thy lovingkindness is good: According to the multitude of thy tender mercies turn thou unto me.
17 Pa vire do ou bay sèvitè ou. Prese vin reponn mwen, paske mwen nan gwo traka.
And hide not thy face from thy servant; For I am in distress; answer me speedily.
18 vin jwenn mwen, vin delivre mwen. Wete m' nan men lènmi mwen yo.
Draw nigh unto my soul, and redeem it: Ransom me because of mine enemies.
19 Ou konnen jan y'ap joure mwen, jan y'ap fè m' wont, jan y'ap trennen m' nan labou. Ou wè tout moun k'ap pèsekite m' yo.
Thou knowest my reproach, and my shame, and my dishonor: Mine adversaries are all before thee.
20 Yo di m' gwomo jouk yo kraze kouraj mwen. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Mwen te kwè ta gen moun ki ta gen pitye pou mwen, men pesonn pa vini. Mwen te kwè ta gen moun ki ta vin konsole m', pesonn pa parèt.
Reproach hath broken my heart; and I am full of heaviness: And I looked for some to take pity, but there was none; And for comforters, but I found none.
21 Yo mete pwazon nan manje mwen. Lè m' mande dlo pou m' bwè, se vinèg yo ban mwen.
They gave me also gall for my food; And in my thirst they gave me vinegar to drink.
22 Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon pèlen pou yo. Lè yo konprann zafè yo pi bon, se lè sa a pou malè tonbe sou yo.
Let their table before them become a snare; And when they are in peace, [let it become] a trap.
23 Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm! Kase ren yo pou yo pa ka kanpe dwat ankò!
Let their eyes be darkened, so that they cannot see; And make their loins continually to shake.
24 Mete ou an kòlè sou yo! Fè yo santi jan ou fache sou yo!
Pour out thine indignation upon them, And let the fierceness of thine anger overtake them.
25 Se pou kay yo rete san moun. Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò.
Let their habitation be desolate; Let none dwell in their tents.
26 Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a.
For they persecute him whom thou hast smitten; And they tell of the sorrow of those whom thou hast wounded.
27 Kite yo mete sou sa yo fè deja. Se pou ou san pitye pou yo.
Add iniquity unto their iniquity; And let them not come into thy righteousness.
28 Efase non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. Pa mete non yo ak non moun k'ap sèvi ou yo.
Let them be blotted out of the book of life, And not be written with the righteous.
29 Mwen nan gwo lapenn, m'ap soufri. Bondye, pote m' sekou. Mete m' sou de pye m' ankò.
But I am poor and sorrowful: Let thy salvation, O God, set me up on high.
30 M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l' mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa.
I will praise the name of God with a song, And will magnify him with thanksgiving.
31 Sa va fè Seyè a plezi pi plis pase si m' ta ofri l' yon bèf, pase si m' ta ba li yon jenn towo bèf ki fin fè kòn.
And it will please Jehovah better than an ox, [Or] a bullock that hath horns and hoofs.
32 Lè malere yo va wè sa, y'a kontan. Se va yon gwo ankourajman pou moun k'ap sèvi Bondye yo.
The meek have seen it, and are glad: Ye that seek after God, let your heart live.
33 Seyè a koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l'. Li pa bliye moun pa l' yo lè yo nan prizon.
For Jehovah heareth the needy, And despiseth not his prisoners.
34 Se pou syèl la ansanm ak latè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan li fè lwanj Bondye.
Let heaven and earth praise him, The seas, and everything that moveth therein.
35 L'a delivre peyi Siyon. L'a rebati lavil peyi Jida yo. Pèp li va bati kay yo la ankò. Y'a pran tè a pou yo.
For God will save Zion, and build the cities of Judah; And they shall abide there, and have it in possession.
36 Pitit pitit sèvitè l' yo va eritye peyi a. Se la moun ki renmen l' yo va viv.
The seed also of his servants shall inherit it; And they that love his name shall dwell therein.

< Sòm 69 >