< Sòm 63 >

1 Se yon sòm David te ekri lè li te nan dezè peyi Jida a. Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan m' anvi wè ou! Jan m' ap tann ou sa a! Se tout kò m' k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.
Psalmus David, Cum esset in deserto Idumææ. Deus Deus meus ad te de luce vigilo. Sitivit in te anima mea, quam multipliciter tibi caro mea.
2 Fè m' antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m' wè ou, pou m' wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou.
In terra deserta, et invia, et inaquosa: sic in sancto apparui tibi, ut viderem virtutem tuam, et gloriam tuam.
3 renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.
Quoniam melior est misericordia tua super vitas: labia mea laudabunt te.
4 Konsa m'a pase tout lavi m' ap di ou mèsi; se ou menm sèlman m'a lapriyè.
Sic benedicam te in vita mea: et in nomine tuo levabo manus meas.
5 M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l'. Wi, se konsa kè m' ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou.
Sicut adipe et pinguedine repleatur anima mea: et labiis exultationis laudabit os meum.
6 Lè m' kouche sou kabann mwen, lide m' ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m'ap kalkile.
Si memor fui tui super stratum meum, in matutinis meditabor in te:
7 Paske se ou ki tout sekou m', m'ap rete kache anba zèl ou, m'ap chante sitèlman mwen kontan.
quia fuisti adiutor meus. Et in velamento alarum tuarum exultabo,
8 Mwen kole kò m' sou ou, se pouvwa ou k'ap soutni mwen.
adhæsit anima mea post te: me suscepit dextera tua.
9 Men, moun k'ap chache touye m' yo, yo gen pou yo desann kote mò yo ye a.
Ipsi vero in vanum quæsierunt animam meam, introibunt in inferiora terræ:
10 Yo gen pou yo mouri nan lagè, chen mawon gen pou manje kadav yo.
tradentur in manus gladii, partes vulpium erunt.
11 Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l' devan va gen kè kontan tou. Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo.
Rex vero lætabitur in Deo, laudabuntur omnes qui iurant in eo: quia obstructum est os loquentium iniqua.

< Sòm 63 >