< Sòm 6 >

1 Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!
【懺悔的懇禱】 達味詩歌,交與樂官,和以絃樂,八度低音。 上主,求你不要在震怒中責罰我,不要在氣憤中懲戒我。
2 Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen santi m' san fòs. Geri mwen, Seyè, paske m'ap deperi.
上主,我的體力衰弱,求你憐恤我;上主,我的骨骸戰慄,求你醫治我;
3 Lespri m' boulvèse anpil, Seyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò?
我的靈魂萬分痛苦,上主,何時才能結束?
4 Tounen vin delivre m' non, Seyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m' mouri.
上主,請你回來援助我,因了你的慈愛解救我。
5 Paske, lè yon moun mouri li pa chonje ou ankò. Pesonn pa fè lwanj ou kote mò yo ye a. (Sheol h7585)
因為,在死亡中,沒有人想念你;在陰府裏,還有誰稱頌你? (Sheol h7585)
6 Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs jè m' kouri dlo.
我已哭泣疲憊,每天夜裏,常以眼淚浸濕我的床鋪,常以鼻涕流透我的被褥。
7 Figi m' fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m' yo.
我的眼睛因憂傷而昏盲,為了仇敵眾多甚感惆悵。
8 Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal, paske Seyè a tande lè m'ap kriye.
作奸犯科的人快快遠離我,因為上主聽見了我的悲號;
9 Li tande m' lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li.
上主俯允了我的哀告,上主悅納了我的祈禱。
10 Tout lènmi m' yo pral wont, y'ap pè. Se vre wi. Y'ap kouri fè bak. Y'ap rete konsa lawont ap pran yo.
我的仇敵必要受辱驚慌,轉瞬之間必會含羞逃亡。

< Sòm 6 >