< Sòm 5 >

1 Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman yo rele fif pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. Koute sa m'ap di ou, Seyè! Tande jan m'ap plenn!
Pou Direktè koral yo; fèt pou akonpanye ak flit. Yon Sòm David. Prete zòrèy Ou a pawòl mwen yo, O SENYÈ. Konsidere refleksyon mwen yo.
2 Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Pran ka m', Seyè, lè m'ap rele ou! Se ou menm m'ap lapriyè, Seyè.
Koute bri kri sekou mwen yo, Wa mwen e Bondye mwen. Pou Ou menm, mwen ap priye.
3 Chak maten ou tande vwa m'. Kou solèy leve, mwen mete lapriyè m' devan ou. M'ap tann ou reponn mwen.
Nan maten O SENYÈ, Ou va tande vwa mwen. Nan maten mwen va vèse bay Ou lapriyè mwen yo. M aptann, m ap veye.
4 Ou se yon Bondye ki pa pran plezi nan bagay ki mal. Ou pa tolere mechan yo bò kote ou.
Paske Ou se pa yon Bondye ki gen plezi nan mechanste. Nanpwen mal ki rete avèk Ou.
5 Moun k'ap vante tèt yo pa ka kanpe devan ou. Ou pa vle wè moun k'ap fè mechanste.
(Sila) ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou. Ou rayi tout (sila) ki fè inikite yo.
6 Ou detwi tout moun k'ap bay manti. Ou pa ka sipòte moun k'ap touye moun, ni moun k'ap twonpe moun.
Ou detwi (sila) ki pale sa ki fo yo. SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san, ki twonpe moun.
7 Men mwen menm, m'a antre lakay ou, paske ou renmen m' anpil. M'ap lage kò m' nan pye ou, nan kay ki apa pou ou a. M'ap adore ou.
Men pou mwen, pa gran lanmou dous Ou a mwen va antre lakay Ou. Nan tanp sen Ou an mwen va pwostène mwen nèt an adorasyon.
8 Seyè, mwen gen anpil lènmi k'ap veye m'. Pran men m' pou m' ka fè sa ki dwat devan ou. Fè m' wè chemen ou mete devan m' lan, fè m' wè l' aklè.
O SENYÈ, mennen m nan ladwati Ou akoz lènmi mwen yo. Fè chemen Ou dwat devan mwen.
9 Ou pa janm ka kwè moun sa yo. Se dèyè yon sèl bagay yo ye: yo vle fini ak tout moun. Anndan bouch yo, ou ta di yon kavo ki louvri, lang yo menm dous konsa pou flate moun.
Nanpwen anyen stab nan pawòl pa yo. Anndan yo se pouriti menm. Gòj yo se yon tonm ki louvri. Yo fè flatè ak lang yo.
10 Se mechan yo ye. Kondannen yo, Bondye. Gate tout plan yo te fè. Pou valè peche yo fè, wete yo devan jè ou. paske se kenbe y'ap kenbe tèt ak ou.
Kenbe yo koupab, O Bondye. Selon pwòp manèv pa yo, kite yo tonbe! Nan fòs kantite peche yo pouse yo deyò, paske se rebèl yo ye kont Ou.
11 Men, tout moun ki mete konfyans yo nan ou, fè kè yo kontan. Se pou yo chante san rete tèlman yo kontan. W'ap pwoteje moun ki renmen ou. Ou fè yo chante pou ou tèlman yo kontan.
Men kite tout (sila) ki pran refij nan Ou yo, fè kè kontan. Kite yo toujou chante ak kè kontan, akoz Ou fè abri pou yo. Kite (sila) ki renmen non Ou yo kapab fè kè kontan nan Ou.
12 Paske ou menm Seyè, ou beni moun ki obeyi ou. Ou kouvri yo avèk favè ou, w'ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo.
Paske se Ou menm ki beni nonm ki dwat la, O SENYÈ, Ou ki antoure li avèk gras Ou, tankou yon boukliye.

< Sòm 5 >