< Sòm 47 >

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan! 2 Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè. 3 Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou. 4 Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo. 5 Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan. 6 Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li! 7 Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li! 8 Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a. 9 Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap dominen sou tout bagay.

< Sòm 47 >