< Sòm 44 >

1 Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan.
For the Chief Musician. By the sons of Korah. A contemplative psalm. We have heard with our ears, God; our fathers have told us what work you did in their days, in the days of old.
2 Yo di nou se avèk fòs kouraj ou ou te chase moun lòt nasyon yo, pou ou te kapab tabli yo nan peyi a. Yo di nou jan ou te maltrete anpil lòt nasyon pou ou te ka fè plas pou zansèt nou yo.
You drove out the nations with your hand, but you planted them. You afflicted the peoples, but you spread them abroad.
3 Se pa t' avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t' fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo.
For they didn’t get the land in possession by their own sword, neither did their own arm save them; but your right hand, your arm, and the light of your face, because you were favourable to them.
4 Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Fè pitit Jakòb yo jwenn delivrans.
God, you are my King. Command victories for Jacob!
5 Avèk pouvwa ou, nou kilbite lènmi nou yo. Avèk ou menm ki la avèk nou an, n'ap kraze moun ki leve dèyè nou yo.
Through you, we will push down our adversaries. Through your name, we will tread down those who rise up against us.
6 Mwen p'ap mete konfyans mwen nan banza. Se pa nepe m' ki pou delivre m'.
For I will not trust in my bow, neither will my sword save me.
7 Se ou menm ki te delivre nou anba lènmi nou yo. Ou fè moun ki pa t' vle wè nou yo wont.
But you have saved us from our adversaries, and have shamed those who hate us.
8 Se chak jou n'ap fè lwanj ou. Se tout tan n'ap nonmen non ou, n'ap di ou mèsi.
In God we have made our boast all day long. We will give thanks to your name forever. (Selah)
9 Men koulye a, Bondye, ou vire do ban nou, ou fè nou pran wont, ou pa soti ansanm avèk lame nou yo ankò.
But now you rejected us, and brought us to dishonour, and don’t go out with our armies.
10 Ou fè nou kouri devan lènmi nou yo. Moun ki pa vle wè nou yo ap piye nou alèz.
You make us turn back from the adversary. Those who hate us take plunder for themselves.
11 Ou lage nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Ou gaye nou nan mitan tout lòt peyi yo.
You have made us like sheep for food, and have scattered us amongst the nations.
12 Ou vann pèp ou a pou gremesi, ou pa fè okenn benefis sou li.
You sell your people for nothing, and have gained nothing from their sale.
13 Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.
You make us a reproach to our neighbours, a scoffing and a derision to those who are around us.
14 Ou fè tout lòt nasyon yo ap bay istwa sou nou. Kou yo wè nou, y'ap fè siy sou nou.
You make us a byword amongst the nations, a shaking of the head amongst the peoples.
15 -(we vèsè pwochen)
All day long my dishonour is before me, and shame covers my face,
16 Lè m' tande moun k'ap joure m' yo, moun k'ap vekse m' yo, mwen pa ka gade yo nan je. Lè m' devan lènmi ak moun ki pa vle wè m' yo, lawont fè m' bouche figi m'.
at the taunt of one who reproaches and verbally abuses, because of the enemy and the avenger.
17 Wi, tout malè sa yo rive nou, men, nou pa janm bliye ou. Nou pa t' manke anyen nan kontra ou fè avèk nou an.
All this has come on us, yet we haven’t forgotten you. We haven’t been false to your covenant.
18 Nou pa janm vire do ba ou, nou pa janm kite chemen ou mete devan nou an.
Our heart has not turned back, neither have our steps strayed from your path,
19 Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo? Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la.
though you have crushed us in the haunt of jackals, and covered us with the shadow of death.
20 Si nou te bliye rele Bondye nou an, si nou te lapriyè yon lòt bondye,
If we have forgotten the name of our God, or spread out our hands to a strange god,
21 èske Bondye pa ta konn sa, li menm ki konn sekrè ki nan kè tout moun?
won’t God search this out? For he knows the secrets of the heart.
22 Men, se poutèt ou tout tan yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap pare pou labatwa.
Yes, for your sake we are killed all day long. We are regarded as sheep for the slaughter.
23 Louvri je ou, Seyè. Poukisa w'ap dòmi konsa? Leve non. Pa voye nou jete nèt!
Wake up! Why do you sleep, Lord? Arise! Don’t reject us forever.
24 Poukisa ou vire do ban nou konsa? Poukisa ou bliye anba ki tray nou ye, jan y'ap peze nou?
Why do you hide your face, and forget our affliction and our oppression?
25 Nou tonbe san fòs nan pousyè a. Nou kouche sou vant atè plat.
For our soul is bowed down to the dust. Our body clings to the earth.
26 Leve non. vin pote nou sekou! Jan ou renmen nou sa, vin delivre nou non!
Rise up to help us. Redeem us for your loving kindness’ sake.

< Sòm 44 >