< Sòm 42 >

1 Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye.
[For the Chief Musician. A contemplation by the sons of Korah.] As the deer pants for the water brooks, so my soul pants after you, God.
2 Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m' ava ale pou m' adore Bondye lakay li?
My soul thirsts for God, for the living God. When shall I come and appear before God?
3 Lajounen kou lannwit m'ap kriye. Se dlo ki soti nan je m' ki sèvi m' manje. Se tout tan moun ap mande m': -Kote Bondye ou la?
My tears have been my food day and night, while they continually ask me, "Where is your God?"
4 Kè m' ap fann lè m' chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.
These things I remember, and pour out my soul within me, how I used to go in the tent of the Majestic One, to the house of God, with the voice of joy and praise, a multitude keeping a holy day.
5 Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: -Poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plede plenn konsa nan kè m'? M'ap met espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.
Why are you in despair, my soul? Why are you disturbed within me? Hope in God. For I will again give him thanks, my saving presence and my God.
6 Wi, mwen kagou. Se poutèt sa, kote m' ye a, bò larivyè Jouden an, sou mòn Emon osinon sou mòn Miza, tout tan lide m' sou ou.
My soul is in despair within me. Therefore I remember you from the land of the Jordan, the heights of Hermon, from the hill Mizar.
7 Yon lanm lanmè rale yon lòt lanm lanmè dèyè l' lè gwo lapli ap tonbe. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo ap pase sou mwen.
Deep calls to deep at the noise of your waterfalls. All your breakers and waves have swept over me.
8 Lajounen Seyè a fè m' anpil favè. Lannwit mwen chante yon chante pou li. Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen.
The LORD will command his loving kindness in the daytime. In the night his song shall be with me: a prayer to the God of my life.
9 Mwen di Bondye ki twou wòch kote pou m' kache a: -Poukisa ou bliye m' konsa? Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m', lè lènmi m' yo ap kraze m' anba pye yo?
I will ask God, my Rock, "Why have you forgotten me? Why do I go mourning because of the oppression of the enemy?"
10 Mwen santi tout zo nan kò m' ap fè m' mal. lè moun k'ap pèsekite m' yo ap joure m', lè tout tan y'ap mande m': -Kote Bondye ou la?
As with a sword in my bones, my adversaries taunt me, while they continually ask me, "Where is your God?"
11 Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.
Why are you in despair, my soul? Why are you disturbed within me? Hope in God. For I will again give him thanks, my saving presence and my God.

< Sòm 42 >