< Sòm 34 >

1 Yon jou David te pran pòz moun fou li devan Abimelèk, pou Abimelèk te kite l' ale. Se aprè sa David ekri sòm sa a. Se tout tan m'ap di Seyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li.
大衛在亞比米勒面前裝瘋,被他趕出去,就作這詩。 我要時時稱頌耶和華; 讚美他的話必常在我口中。
2 M'ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan.
我的心必因耶和華誇耀; 謙卑人聽見就要喜樂。
3 Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!
你們和我當稱耶和華為大, 一同高舉他的名。
4 Mwen te kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen. Li delivre m' anba tout sa ki t'ap fè m' pè yo.
我曾尋求耶和華,他就應允我, 救我脫離了一切的恐懼。
5 Lè nou vire je nou gade l', sa fè kè nou kontan. Nou p'ap janm wont.
凡仰望他的,便有光榮; 他們的臉必不蒙羞。
6 Lè moun ki san sekou yo rele l', li reponn yo, li delivre yo anba tout tray.
我這困苦人呼求,耶和華便垂聽, 救我脫離一切患難。
7 Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.
耶和華的使者在敬畏他的人四圍安營, 搭救他們。
8 Goute, n'a wè jan Seyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!
你們要嘗嘗主恩的滋味,便知道他是美善; 投靠他的人有福了!
9 Nou tout pèp Seyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen.
耶和華的聖民哪,你們當敬畏他, 因敬畏他的一無所缺。
10 Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Seyè a p'ap manke anyen.
少壯獅子還缺食忍餓, 但尋求耶和華的甚麼好處都不缺。
11 Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a.
眾弟子啊,你們當來聽我的話! 我要將敬畏耶和華的道教訓你們。
12 Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan?
有何人喜好存活, 愛慕長壽,得享美福,
13 Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti.
就要禁止舌頭不出惡言, 嘴唇不說詭詐的話。
14 Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.
要離惡行善, 尋求和睦,一心追趕。
15 Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'.
耶和華的眼目看顧義人; 他的耳朵聽他們的呼求。
16 Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo.
耶和華向行惡的人變臉, 要從世上除滅他們的名號。
17 Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray.
義人呼求,耶和華聽見了, 便救他們脫離一切患難。
18 Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.
耶和華靠近傷心的人, 拯救靈性痛悔的人。
19 Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l' soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l' anba tout soufrans li yo.
義人多有苦難, 但耶和華救他脫離這一切,
20 L'ap pwoteje l' nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l' p'ap kraze.
又保全他一身的骨頭, 連一根也不折斷。
21 Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman.
惡必害死惡人; 恨惡義人的,必被定罪。
22 Seyè a ap delivre moun k'ap sèvi l' yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l'.
耶和華救贖他僕人的靈魂; 凡投靠他的,必不致定罪。

< Sòm 34 >