< Sòm 3 >

1 David t'ap kouri pou Absalon, pitit li, lè li ekri sòm sa a. Seyè, ala anpil lènmi m' yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m' yo anpil! 2 Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l'! 3 Men ou menm, Seyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m' genyen batay la. Ou p'ap kite m' wont devan lènmi m' yo. 4 Mwen rele Seyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen. 5 Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Seyè a ap soutni mwen. 6 Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m' toupatou. 7 Leve non, Seyè! Sove m' non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m' yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo. 8 Se ou menm sèl, Seyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.

< Sòm 3 >