< Sòm 13 >

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Konbe tan ankò w'a bliye m', Seyè? Gen lè ou bliye m' nèt? Konbe tan ankò m'a rete san m' pa wè ou?
大衛的詩,交與伶長。 耶和華啊,你忘記我要到幾時呢?要到永遠嗎? 你掩面不顧我要到幾時呢?
2 Konbe tan ankò pou m' soufri? Konbe tan ankò pou m' gen lapenn nan kè mwen, pou m' gen lapenn lajounen kou lannwit? Konbe tan ankò lènmi m' yo va pilonnen m' anba pye yo?
我心裏籌算,終日愁苦,要到幾時呢? 我的仇敵升高壓制我,要到幾時呢?
3 Gade m' non, Seyè! Reponn mwen non, Bondye mwen! Kenbe m' pou m' pa mouri.
耶和華-我的上帝啊,求你看顧我,應允我! 使我眼目光明,免得我沉睡至死;
4 Konsa, moun k'ap pèsekite m' yo p'ap ka di: Nou fini avè l'! Yo p'ap gen chans wè m' tonbe pou yo kontan!
免得我的仇敵說:我勝了他; 免得我的敵人在我搖動的時候喜樂。
5 Pou mwen menm, se sou ou mwen konte, paske ou renmen m' anpil. Kè m' kontan, paske ou delivre mwen.
但我倚靠你的慈愛; 我的心因你的救恩快樂。
6 M'ap chante pou Seyè a, paske li te bon pou mwen.
我要向耶和華歌唱, 因他用厚恩待我。

< Sòm 13 >