< Sòm 129 >

1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn. 2 Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t' janm rive mete pye sou kou nou. 3 Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante. 4 Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou. 5 Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak. 6 Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen. 7 Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li. 8 Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: -Se pou Seyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Seyè a!

< Sòm 129 >