< Sòm 120 >

1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè m' te nan tray, mwen te rele Seyè a, li te reponn mwen. 2 Delivre m' non, Seyè, anba moun k'ap bay manti, anba moun k'ap twonpe moun. 3 Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou l' fè ou an plis? 4 Eske se avèk flèch pwenti sòlda yo? Eske se avèk chabon gayak tou limen? 5 Malè pou mwen, paske se tankou si m' te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda. 6 Mwen rete twò lontan ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze! 7 Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt, yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè.

< Sòm 120 >