< Pwovèb 23 >

1 Lè chèf envite ou manje sou menm tab ak li, pa janm bliye ki moun li ye.
Lè ou chita sou tab ak yon ki gouvènè, konsidere byen sa ki devan ou.
2 Si ou se yon moun ki gen bon lapeti, kontwole bouch ou.
Konsa, mete yon kouto sou gòj ou si ou se yon nonm ak gwo lanvi.
3 Pa pote lanvi sou bon ti manje l'ap ofri ou yo. Se ka yon pèlen li tann pou ou.
Pa dezire bon manje sa yo, paske se yon repa desepsyon.
4 Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa.
Pa fatige kò ou pou jwenn richès; sispann reflechi sou sa.
5 Paske, anvan ou bat je ou, li gen tan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, li ale.
Depi ou mete zye ou sou li, l ale. Paske, anverite, li gen zèl kon yon èg k ap vole vè syèl yo.
6 Pa chita pou ou manje sou menm tab ak moun ki tikoulout. Pa pote lanvi sou manje l'ap ofri ou.
Pa manje pen a yon mesye ki chich, ni anvi bèl bagay li;
7 Li chich ata ak tèt pa li, ale wè avè ou. L'ap di ou: Manje non, monchè! Bwè non! Men se pa ak tout kè li l'ap di ou sa.
paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye. Li di ou: “Manje e bwè!” Men kè li pa avè w.
8 W'a vonmi tou sa ou te manje a. Tout bèl pawòl ou te di l' yo p'ap sèvi ou anyen.
Ou va vomi mòso ke ou te manje a e gaspiye tout bèl pawòl ou yo.
9 Pa chache fè yon moun san konprann konprann anyen. Li p'ap tande anyen nan sa w'ap di l' la. Lèfini, l'ap meprize ou met sou li.
Pa pale nan zòrèy a moun sòt, paske l ap meprize sajès a pawòl ou yo.
10 Pa janm deplase bòn tè kote yo te ye depi lontan an. Pa antre sou jaden ki pou timoun san papa.
Pa deplase ansyen bòn nan, ni antre nan chan òfelen yo,
11 Se Bondye k'ap defann yo, li gen anpil pouvwa. L'a plede kòz yo kont ou.
Paske Redanmtè yo a pwisan. Li va plede ka yo kont ou.
12 Mete tèt ou an plas lè y'ap moutre ou kichòy. Louvri zòrèy ou lè yon moun ki gen konesans ap pale.
Aplike kè ou a disiplin ak zòrèy ou a pawòl ki pote konesans.
13 Ou pa bezwen pè bat yon timoun. Yon bèl kal, sa p'ap touye l'.
Pa ralanti disiplin sou yon timoun; malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.
14 Okontrè, si ou bat li, w'a sove nanm li pou l' pa mouri. (Sheol h7585)
Ou va frape li ak baton pou delivre nanm li de sejou mò yo. (Sheol h7585)
15 Pitit mwen, si ou gen bon konprann, mwen p'ap manke kontan.
Fis mwen an, si kè ou saj, pwòp kè m va kontan tou.
16 M'a kontan anpil lè m'a tande bon pawòl k'ap soti nan bouch ou.
Wi, jis anndan m va rejwi lè lèv ou pale sa ki dwat.
17 Pa pote lanvi sou moun k'ap fè sa ki mal. Nan tou sa w'ap fè, toujou gen krentif pou Bondye.
Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo, men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.
18 Paske gen denmen. Se pa pou gremesi w'ap tann sa w'ap tann lan.
Anverite, gen davni, e espwa ou p ap anile.
19 Louvri zòrèy ou, gason mwen, pou ou ka gen bon konprann, pou ou ka mache dwat. Kalkile byen kote w'ap mete pye ou, pou ou ka mache dwat.
Koute, fis mwen an, vin saj pou dirije kè ou nan chemen an.
20 Pa fè zanmi avèk moun k'ap bwè twòp, ak moun k'ap fè safte.
Pa bwè twòp diven, ni fè voras nan manje vyann;
21 Paske moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè.
paske sila ki bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv; e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.
22 Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun.
Koute papa ou ki te fè ou a, e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.
23 Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa.
Achte verite e pa vann li! Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.
24 Papa ki gen yon pitit k'ap mache dwat ap toujou kontan. Manman ki fè yon pitit ki gen bon konprann ap toujou gen kè kontan.
Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil, e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.
25 Fè kè papa ou ak manman ou kontan. Fè kè manman ki fè ou la kontan.
Kite papa ou ak manman ou fè kè kontan; kite fanm ki te fè ou a, rejwi.
26 Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv.
Ban m kè ou, fis mwen an; kite zye ou fè kè kontan nan chemen mwen yo.
27 Fanm jennès se tankou yon twou pèlen, fanm adiltè se tankou yon pi jis jis.
Paske yon pwostitiye se yon fòs byen fon, e yon fanm adiltè se yon ti pwi etwat.
28 Tankou vòlò, y'ap pare pèlen pou ou. Yo fè anpil gason pèdi tèt yo.
Anverite, li kache veye tankou vòlè, pou l ogmante enfidelite pami lòm.
29 Ki moun ki nan tèt chaje, ki nan lapenn? Ki moun ki toujou nan kont, ki tou tan ap plenyen? Ki moun k'ap pran kou san rezon, ki gen je yo tou wouj?
Se kilès ki gen gwo pwoblèm? Se kilès ki gen tristès? Se kilès ki gen konfli? Se kilès kap plenyèn? Se kilès ki blese san rezon? Se kilès ki gen zye wouj?
30 Se moun k'ap bwè twòp gwòg, moun k'ap kouri dèyè tranpe.
Sila ki mize sou diven nan, sila ki ale goute diven mele an.
31 Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l', li desann dous nan gòj ou.
Pa gade diven an lè l wouj, lè l fè klè nan tas la, lè l desann byen dous.
32 Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou.
Nan dènye moman an, li mòde tankou sèpan; li brile tankou bouch koulèv.
33 W'ap wè tout bagay ap vire devan je ou, w'ap depale.
Zye ou va wè bagay ki dwòl, e panse ou va twouble anpil.
34 W'ap santi tankou si ou te sou lanmè: w'ap tankou si ou te sou tèt yon ma batiman.
Ou va tankou yon moun ki kouche nan mitan lanmè, oswa tankou yon moun ki kouche sou ma batiman.
35 Lè sa a w'a di: Gen lè yo bat mwen, mwen pa santi sa. Gen lè yo te ban m' kou, mwen pa konn sa. Kilè m'a leve la a? Mwen ta pran yon ti kou ankò.
“Yo te frape m, men mwen pa t santi anyen! Yo te bat mwen, men mwen pa t konnen sa! Lè m leve, m ap chache pou m kab bwè ankò.”

< Pwovèb 23 >