< Resansman 1 >

1 Premye jou dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi moun pèp Izrayèl yo te soti kite peyi Lejip la, antan yo te nan dezè Sinayi a, Seyè a pale ak Moyiz nan Tant Randevou a. Li di l' konsa:
以色列人出埃及地後,第二年二月初一日,耶和華在西奈的曠野、會幕中曉諭摩西說:
2 -Se pou ou menm ak Arawon, nou fè yon resansman pou konte tout moun nan pèp Izrayèl la, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi yo. W'a pran non tout gason, yonn apre lòt.
「你要按以色列全會眾的家室、宗族、人名的數目計算所有的男丁。
3 N'a konte tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, depi yo bon pou fè lagè. N'a fè resansman an dapre jan lame a òganize.
凡以色列中,從二十歲以外,能出去打仗的,你和亞倫要照他們的軍隊數點。
4 N'a pran yon chèf nan chak branch fanmi, dapre zansèt yo, pou ede nou.
每支派中必有一人作本支派的族長,幫助你們。
5 Men non moun ki va ede nou nan resansman an: Nan branch fanmi Woubenn lan, se va Elizou, pitit gason Chedeyou.
他們的名字:屬呂便的,有示丟珥的兒子以利蓿;
6 Nan branch fanmi Simeyon an, se va Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi.
屬西緬的,有蘇利沙代的兒子示路蔑;
7 Nan branch fanmi Jida a, se va Nakchon, pitit gason Aminadab.
屬猶大的,有亞米拿達的兒子拿順;
8 Nan branch fanmi Isaka a, se va Netanèl, pitit gason Swa.
屬以薩迦的,有蘇押的兒子拿坦業;
9 Nan branch fanmi Zabilon an, se va Eliyab, pitit gason Elon.
屬西布倫的,有希倫的兒子以利押;
10 Nan branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la, se va Elichama, pitit gason Amiyoud. Nan branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la, se va Gamliyèl, pitit gason Pedachou.
約瑟子孫、屬以法蓮的,有亞米忽的兒子以利沙瑪;屬瑪拿西的,有比大蓿的兒子迦瑪列;
11 Nan branch fanmi Benjamen an, se va Abidan, pitit gason Gideyoni.
屬便雅憫的,有基多尼的兒子亞比但;
12 Nan branch fanmi Dann lan, se va Ayezè, pitit gason Amichadayi.
屬但的,有亞米沙代的兒子亞希以謝;
13 Nan branch fanmi Asè a, se va Pagiyèl, pitit gason Okran.
屬亞設的,有俄蘭的兒子帕結;
14 Nan branch fanmi Gad la, se va Elyasaf, pitit gason Dewèl.
屬迦得的,有丟珥的兒子以利雅薩;
15 Nan branch fanmi Neftali a, se va Ayira, pitit gason Enan.
屬拿弗他利的,有以南的兒子亞希拉。
16 Se moun sa yo yo te chwazi nan pèp la pou fè travay la. Se yo ki te chèf lakay yo, chèf branch fanmi zansèt yo.
這都是從會中選召的,各作本支派的首領,都是以色列軍中的統領。」
17 Moyiz ak Arawon pran douz mesye Bondye te nonmen yo,
於是,摩西、亞倫帶着這些按名指定的人,
18 yo reyini tout pèp la, premye jou dezyèm mwa a. Yo pran non tout moun dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. Yo konte tout gason, yonn apre lòt, tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran,
當二月初一日招聚全會眾。會眾就照他們的家室、宗族、人名的數目,從二十歲以外的,都述說自己的家譜。
19 dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la. Se nan dezè Sinayi a yo te fè resansman tout pèp la.
耶和華怎樣吩咐摩西,他就怎樣在西奈的曠野數點他們。
20 Se konsa yo konte tout gason nan branch fanmi Woubenn, premye pitit Jakòb la, tou sa ki gen ventan ak tou sa ki pi gran epi ki bon pou fè lagè. Yo pran non yo yonn apre lòt, yo di pitit ki moun yo ye, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.
以色列的長子,呂便子孫的後代,照着家室、宗族、人名的數目,從二十歲以外,凡能出去打仗、被數的男丁,共有四萬六千五百名。
21 Yo jwenn karannsimil senksan (46.500) gason pou branch fanmi Woubenn lan.
22 Yo fè menm bagay la tou pou tout lòt branch fanmi yo. Pou branch fanmi Simeyon an,
西緬子孫的後代,照着家室、宗族、人名的數目,從二十歲以外,凡能出去打仗、被數的男丁,共有五萬九千三百名。
23 yo jwenn senkantnèfmil twasan (59.300) gason.
24 Pou branch fanmi Gad la,
迦得子孫的後代,照着家室、宗族、人名的數目,從二十歲以外,凡能出去打仗、被數的,共有四萬五千六百五十名。
25 yo jwenn karannsenkmil sisansenkant (45.650) gason.
26 Pou branch fanmi Jida a,
猶大子孫的後代,照着家室、宗族、人名的數目,從二十歲以外,凡能出去打仗、被數的,共有七萬四千六百名。
27 yo jwenn swasannkatòzmil sisan (74.600) gason.
28 Pou branch fanmi Isaka a,
以薩迦子孫的後代,照着家室、宗族、人名的數目,從二十歲以外,凡能出去打仗、被數的,共有五萬四千四百名。
29 yo jwenn senkannkatmil katsan (54.400) gason.
30 Pou branch fanmi Zabilon an,
西布倫子孫的後代,照着家室、宗族、人名的數目,從二十歲以外,凡能出去打仗、被數的,共有五萬七千四百名。
31 yo jwenn senkannsètmil katsan (57.400) gason.
32 Pou branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la,
約瑟子孫屬以法蓮子孫的後代,照着家室、宗族、人名的數目,從二十歲以外,凡能出去打仗、被數的,共有四萬零五百名。
33 yo jwenn karantmil senksan (40.500) gason.
34 Pou branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la,
瑪拿西子孫的後代,照着家室、宗族、人名的數目,從二十歲以外,凡能出去打仗、被數的,共有三萬二千二百名。
35 yo jwenn tranndemil desan (32.200) gason.
36 Pou branch fanmi Benjamen an,
便雅憫子孫的後代,照着家室、宗族、人名的數目,從二十歲以外,凡能出去打仗、被數的,共有三萬五千四百名。
37 yo jwenn trannsenkmil katsan (35.400) gason.
38 Pou branch fanmi Dann lan,
但子孫的後代,照着家室、宗族、人名的數目,從二十歲以外,凡能出去打仗、被數的,共有六萬二千七百名。
39 yo jwenn swasanndemil sètsan (62.700) gason.
40 Pou branch fanmi Asè a,
亞設子孫的後代,照着家室、宗族、人名的數目,從二十歲以外,凡能出去打仗、被數的,共有四萬一千五百名。
41 yo jwenn karanteyenmil senksan (41.500) gason.
42 Pou branch fanmi Neftali a,
拿弗他利子孫的後代,照着家室、宗族、人名的數目,從二十歲以外,凡能出去打仗、被數的,共有五萬三千四百名。
43 yo jwenn senkanntwamil katsan (53.400) gason.
44 Se non tout moun sa yo Moyiz ak Arawon te pran lè sa a. Te gen douz chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, ki t'ap ede yo nan travay la.
這些就是被數點的,是摩西、亞倫,和以色列中十二個首領所數點的;這十二個人各作各宗族的代表。
45 Pou tout branch fanmi yo ansanm,
這樣,凡以色列人中被數的,照着宗族,從二十歲以外,能出去打仗、被數的,共有六十萬零三千五百五十名。
46 yo jwenn sisantwamil senksansenkant (603.550) gason.
47 Men yo pa t' fè resansman branch fanmi Levi a ansanm ak lòt branch fanmi yo,
利未人卻沒有按着支派數在其中,
48 paske Seyè a te di Moyiz konsa:
因為耶和華曉諭摩西說:
49 -Ou pa bezwen fè resansman branch fanmi Levi a. Ou pa bezwen konte moun fanmi Levi yo ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo.
「惟獨利未支派你不可數點,也不可在以色列人中計算他們的總數。
50 Men, w'a mete moun fanmi Levi yo reskonsab Tant Randevou a ak tou sa ki ladan l' ansanm ak tou sa ki pou li. Se yo ki pou pote l' ansanm ak tou sa ki ladan l'. Se yo ki pou sèvi ladan l' epi yo gen pou yo moute kay yo fè wonn Tant Randevou a.
只要派利未人管法櫃的帳幕和其中的器具,並屬乎帳幕的;他們要抬帳幕和其中的器具,並要辦理帳幕的事,在帳幕的四圍安營。
51 Lè pou Tant Bondye a deplase, se moun fanmi Levi yo ki va demoute l'. Lè yo rive kote pou yo rete a, se moun fanmi Levi yo ki va moute l' tou. Nenpòt lòt moun ki pa nan branch fanmi Levi a epi ki ta pwoche bò tant lan, se pou yo touye l'.
帳幕將往前行的時候,利未人要拆卸;將支搭的時候,利未人要豎起。近前來的外人必被治死。
52 Lòt moun pèp Izrayèl yo menm va moute tant yo apa, chak fanmi ansanm bò làbanyè yo, dapre pozisyon yo nan lame a.
以色列人支搭帳棚,要照他們的軍隊,各歸本營,各歸本纛。
53 Men, moun fanmi Levi yo va moute kay yo fè wonn Tant Randevou a pou kòlè Bondye pa tonbe sou pèp Izrayèl la. Se yo menm tou ki la pou veye sou Tant Randevou a.
但利未人要在法櫃帳幕的四圍安營,免得忿怒臨到以色列會眾;利未人並要謹守法櫃的帳幕。」
54 Moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Se konsa yo te fè l' vre.
以色列人就這樣行。凡耶和華所吩咐摩西的,他們就照樣行了。

< Resansman 1 >