< Neemi 12 >

1 Men lis prèt ak moun Levi ki te tounen nan peyi a ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye. Men non prèt yo: Seraja, Jirimeja, Esdras,
스알디엘의 아들 스룹바벨과 및 예수아를 좇아 돌아온 제사장과 레위 사람은 이러하니라 제사장은 스라야와, 예레미야와, 에스라와
2 Amarya, Malouk, Atouch,
아마랴와, 말룩과, 핫두스와
3 Chekanya, Reyoum, Meremòt,
스가냐와, 르훔과, 므레못과
4 Ido, Ginetoyi, Abija,
잇도와, 긴느도이와, 아비야와
5 Mijamen, Maadya, Bilga,
미야민과, 마아댜와, 빌가와
6 Chemaja, Jojarib, Jedaja,
스마야와, 요야립과, 여다야와
7 Salou, Amòk, Ilkija ak Jedaja. Mesye sa yo te chèf prèt yo nan tan Jozye. Ni yo ni prèt yo te soti nan yon sèl fanmi.
살루와, 아목과, 힐기야와, 여다야니 이상은 예수아 때에 제사장과 그 형제의 어른이었느니라
8 Men non moun Levi yo: Te gen yon premye gwoup ki te reskonsab chante kantik pou di Bondye mèsi. Se te Jozye, Bennwi, Kadmyèl, Cherebya, Jeouda ak Natanya.
레위 사람은 예수아와, 빈누이와, 갓미엘과, 세레뱌와, 유다와, 맛다냐니 이 맛다냐는 그 형제와 함께 찬송하는 일을 맡았고
9 Te gen yon lòt gwoup ki te kanpe anfas yo pou reponn yo lè y'ap chante. Se te Bakboukya, Ouni ak lòt moun Levi menm fanmi ak yo.
또 그 형제 박부갸와, 운노는 직무를 따라 저의 맞은편에 있으며
10 Jozye te papa Jojakim, Jojakim te papa Elyachib, Elyachib te papa Jojada,
예수아는 요야김을 낳았고, 요야김은 엘리아십을 낳았고 엘리아십은 요야다를 낳았고
11 Jojada te papa Jonatan, Jonatan te papa Jadwa.
요야다는 요나단을 낳았고, 요나단은 얏두아를 낳았느니라
12 Lè Jojakim te granprèt, men moun ki te chèf branch fanmi prèt yo: Meraja, chèf branch fanmi Seraja a, Ananya, chèf branch fanmi Jirimeja a,
요야김 때에 제사장의 족장된 자는 스라야 족속에는 므라야요, 예레미야 족속에는 하나냐요
13 Mechoulam, chèf branch fanmi Esdras la, Jokanan, chèf branch fanmi Amarya a,
에스라 족속에는 므술람이요, 아마랴 족속에는 여호하난이요
14 Jonatan, chèf branch fanmi Melikou a, Jozèf, chèf branch fanmi Chebanya a,
말루기 족속에는 요나단이요, 스바냐 족속에는 요셉이요
15 Adna, chèf branch fanmi Arim lan, Elkayi, chèf branch fanmi Merayòt la,
하림 족속에는 아드나요, 므라욧 족속에는 헬개요
16 Zekarya, chèf branch fanmi Ido a, Mechoulam, chèf branch fanmi Gineton an,
잇도 족속에는 스가랴요, 긴느돈 족속에는 므술람이요
17 Zikri, chèf branch fanmi Abija a, ...chèf branch fanmi Minyamen, Piltayi, chèf branch fanmi Moadya a,
아비야 족속에는 시그리요, 미냐민 곧 모아댜 족속에는 빌대요
18 Chamwa, chèf branch fanmi Bilga a, Jonatan, chèf branch fanmi Chemaja a,
빌가 족속에는 삼무아요, 스마야 족속에는 여호나단이요
19 Matenayi, chèf branch fanmi Jojarib la, Ouzi, chèf branch fanmi Jedaja a,
요야립 족속에는 맛드내요, 여다야 족속에는 웃시요
20 Kalayi, chèf branch fanmi Salou a, Ebè, chèf branch fanmi Amòk la,
살래 족속에는 갈래요, 아목 족속에는 에벨이요
21 Achabya, chèf branch fanmi Ilkija a, Netaneèl, chèf branch fanmi Jedaja a.
힐기야 족속에는 하사뱌요, 여다야 족속에는 느다넬이었느니라
22 Pandan tout tan Elyachib, Jodaja, Jokanan ak Jadwa te pase granprèt, yonn apre lòt, yo te enskri non chèf tout fanmi prèt yo ak non moun Levi yo nan gwo rejis ofisyèl tanp lan. Yo te kenbe rejis sa a jouk sou rèy wa Dariyis ki t'ap gouvènen peyi Pès la.
엘리아십과, 요야다와, 요하난과, 얏두아 때에 레위 사람의 족장이 모두 책에 기록되었고 바사 왕 다리오때에 제사장도 책에 기록되었고
23 Pou branch fanmi Levi yo, yo te enskri nou chèf fanmi yo tou nan gwo rejis ofisyèl la, men lè yo rive sou tan Jokanan, pitit pitit Elyachib la, yo sispann fè sa.
레위 자손의 족장들은 엘리아십의 아들 요하난 때까지 역대지략에 기록되었으며
24 Chèf moun Levi yo te Achabya, Jechwa, Bennwi ak Kadmyèl. Yo te separe moun Levi yo an gwoup. De gwoup te kanpe yonn anfas lòt pou chante lwanj Seyè a ak kantik pou di Bondye mèsi, yonn apre lòt, dapre lòd wa David, sèvitè Bondye, te kite a.
레위 사람의 어른은 하사뱌와, 세레뱌와, 갓미엘의 아들 예수아라 저희가 그 형제의 맞은편에 있어 하나님의 사람 다윗의 명한대로 반차를 따라 주를 찬양하며 감사하고
25 Men non moun ki t'ap sèvi tankou gad pòtay tanp lan: Se te Matanya, Bakboukya, Obadya, Mechoulam, Talmon ak Akoub. Yo te reskonsab veye depo magazen ki te bò pòtay tanp lan.
맛다냐와, 박부갸와, 오바댜와, 므술람과, 달몬과, 악굽은 다 문지기로서 반차대로 문 안의 곳간을 파수하였나니
26 Moun sa yo t'ap viv nan tan Jojakim, pitit Jozye, pitit pitit Josadak la, te granprèt la, nan tan Neemi t'ap gouvènen an ak nan tan Esdras, prèt ki te direktè lalwa a, tou.
이상 모든 사람은 요사닥의 손자 예수아의 아들 요야김과 방백 느헤미야와 제사장 겸 서기관 에스라 때에 있었느니라
27 Lè yo tapral fè sèvis benediksyon miray ranpa lavil Jerizalèm lan, yo fè chache tout moun Levi yo toupatou kote yo te rete, yo mennen yo lavil Jerizalèm. Yo te vle fè yon gwo fèt pou sèvis benediksyon an ak kè kontan. t'ap gen chante pou di Bondye mèsi, avèk mizik, senbal, gita ak bandjo.
예루살렘 성곽이 낙성되니 각처에서 레위 사람들을 찾아 예루살렘으로 데려다가 감사하며 노래하며 제금 치며 비파와 수금을 타며 즐거이 봉헌식을 행하려 하매
28 Se konsa mizisyen sanba yo, moun branch nan fanmi Levi yo, soti nan tout zòn ki bò lavil Jerizalèm, nan ti bouk ki bò Netofa yo, yo sanble.
이에 노래하는 자들이 예루살렘 사방 들과 느도바 사람의 동네에서 모여오고
29 Genyen tou ki te soti lavil Betgilgal ak andeyò Geba ak Azmavèt. Lè sa a, mizisyen yo te rete nan anpil ti bouk yo te bati nan tout zòn bò lavil Jerizalèm lan.
또 벧길갈과 게바와 아스마웹 들에서 모여 왔으니 이 노래하는 자들은 자기를 위하여 예루살렘 사방에 동네를 세웠음이라
30 Prèt yo ak moun Levi yo fè sèvis pou mete tèt yo, pèp la, pòtay yo ak miray ranpa a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
제사장들과 레위 사람들이 몸을 정결케 하고 또 백성과 성문과 성을 정결케 하니라
31 Mwen fè tout chèf peyi Jida yo moute sou tèt miray ranpa a: Mwen fè de gwoup mizisyen ak moun pou chante pandan y'ap mache sou tèt miray la. Premye gwoup la al sou bò dwat nan direksyon Pòtay Fatra a.
이에 내가 유다의 방백들로 성 위에 오르게 하고 또 감사 찬송하는 자의 큰 무리를 두 떼로 나누어 성 위로 항렬을 지어가게 하는데 한 떼는 우편으로 분문을 향하여 가게 하니
32 Ozaya t'ap mache dèyè yo ak mwatye nan chèf peyi Jida yo.
따르는 자는 호세야와 유다 방백의 절반이요
33 Dèyè yo t'ap mache Azarya, Esdras, Mechoulam,
또 아사랴와, 에스라와, 므술람과
34 Jeouda, Benjamen, Chemaja ak Jirimeja.
유다와, 베냐민과, 스마야와, 예레미야며
35 Mesye sa yo se prèt yo te chwazi pou kònen twonpèt yo. Dèyè yo t'ap mache Zekarya, pitit Jonatan. Jonatan sa a te pitit Chemaja, Chemaja te pitit Matanya, Matanya te pitit Mika, Mika te pitit Zakou, Zakou te pitit Asaf.
또 제사장의 자손 몇이 나팔을 잡았으니 요나단의 아들 스마야의 손자 맛다냐의 증손, 미가야의 현손 삭굴의 오대손, 아삽의 육대손 스가랴와
36 Zekarya t'ap mache avèk lòt moun menm fanmi avè l' yo. Se te Chemaja, Azareèl, Milalayi, Gilalayi, Maayi, Netaneèl, Jeouda ak Anani. Yo tout yo te gen nan men yo tout kalite enstriman mizik wa David, sèvitè Bondye a, te konn jwe. Se Esdras, direktè lalwa a, ki t'ap mache devan premye gwoup sa a.
그 형제 스마야와, 아사렐과, 밀랄래와, 길랄래와, 마애와, 느다넬과, 유다와, 하나니라 다 하나님의 사람 다윗의 악기를 잡았고 학사 에스라가 앞서서
37 Lè yo rive Pòtay Fontenn dlo a, yo moute dwat devan yo, yo pran macheskalye ki mennen nan lavil wa David la, yo pase sou kote palè David la, yo moute sou tèt miray la ankò jouk yo rive Pòtay Dlo yo bò solèy leve.
샘문으로 말미암아 전진하여 성으로 올라 가는 곳에 이르러 다윗성의 층계로 올라가서 다윗의 궁 윗 길에서 동향하여 수문에 이르렀고
38 Lòt gwoup la menm al sou bò gòch, sou tèt miray la: Mwen t'ap mache dèyè yo ansanm ak lòt mwatye moun yo. Nou pase bò gwo Fò Fou yo jouk nou rive sou gwo miray laj la.
감사 찬송하는 다른 떼는 저희를 마주 진행하는데 내가 백성의 절반으로 더불어 그 뒤를 따라 성 위로 행하여 풀무 망대 윗 길로 성 넓은 곳에 이르고
39 Apre sa, nou pase anwo pòtay Efrayim lan, anwo vye Pòtay la, anwo Pòtay Pwason yo, sou kote Fò Ananeèl ak Fò Meya a jouk nou rive bò Pòtay Mouton yo. Nou rete bò Pòtay Gad Tanp lan.
에브라임 문 위로 말미암아 옛문과, 어문과, 하나넬 망대와, 함메아 망대를 지나 양문에 이르러 감옥 문에 그치매
40 Se konsa, de gwoup moun yo ki t'ap chante pou di Bondye mèsi a rive nan tanp Bondye a. Mwen te gen avè mwen mwatye nan chèf yo,
이에 감사 찬송하는 두 떼와 나와 민장의 절반은 하나님의 전에 섰고
41 ansanm ak prèt ki t'ap kònen twonpèt yo: Elyakim, Maaseja, Menjamen, Mika, Elioenayi, Zekarya, Ananya, avèk twonpèt yo nan men yo,
제사장 엘리아김과, 마아세야와, 미냐민과, 미가야와, 엘료에내와, 스가랴와, 하나냐는 다 나팔을 잡았고
42 ansanm avèk moun k'ap chante yo: Maseja, Chemaja, Eleaza, Ouzi, Jokanan, Malkija, Elam ak Azè. Se Jizraja ki t'ap mennen chante a.
또 마아세야와, 스마야와, 엘르아살과, 웃시와, 여호하난과, 말기야와, 엘람과, 에셀이 함께 있으며 노래하는 자는 크게 찬송하였는데 그 감독은 예스라히야라
43 Jou sa a, yo te ofri anpil gwo sakrifis pou Bondye. Tout pèp la t'ap fè fèt paske Seyè a te ba yo gwo kè kontan. Tout fanm yo ak tout timoun yo t'ap fete tou. Byen lwen yo te ka tande moun yo ki t'ap fete nan lavil Jerizalèm lan.
이 날에 무리가 크게 제사를 드리고 심히 즐거워하였으니 이는 하나님이 크게 즐거워하게 하셨음이라 부녀와 어린 아이도 즐거워 하였으므로 예루살렘의 즐거워하는 소리가 멀리 들렸느니라
44 Lè sa a, yo chwazi kèk gason yo mete reskonsab chanm depo kote yo te mete pwovizyon yo, ofrann premye grenn ak premye fwi yo ranmase nan chak rekòt yo, ofrann ladim yo ak lòt ofrann pou moun yo fè pou tanp lan: Se mesye sa yo ki te gen pou ale nan tout jaden bò lavil yo, pou ranmase sa lalwa te mande pou bay prèt yo ak moun Levi yo. Tout moun peyi Jida te kontan ak travay moun Levi yo ak prèt yo t'ap yo fè.
그 날에 사람을 세워 곳간을 맡기고 제사장들과 레위 사람들에게 돌릴 것 곧 율법에 정한대로 거제물과 처음 익은 것과 십일조를 모든 성읍 밭에서 거두어 이 곳간을 쌓게 하였노니 이는 유다 사람이 섬기는 제사장들과 레위 사람들을 인하여 즐거워함을 인함이라
45 Paske, yo t'ap fè sèvis Bondye yo san mank. Yo t'ap fè sèvis pou mete tout moun ak tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Mizisyen yo ak gad pòtay tanp yo tou, tout moun t'ap fè travay yo dapre regleman wa David ak pitit li, wa Salomon, te bay.
저희는 하나님을 섬기는 일과 결례의 일을 힘썼으며 노래하는 자들과 문지기들도 그러하여 모두 다윗과 그 아들 솔로몬의 명을 좇아 행하였으니
46 Depi lontan, sou rèy David, nan tan Asaf te chèf mizisyen yo, te gen yon gwoup mizisyen ki te la pou chante lwanj Bondye ak lòt chante pou di l' mèsi.
옛적 다윗과 아삽의 때에는 노래하는 자의 두목이 있어서 하나님께 찬송하는 노래와 감사하는 노래를 하였음이며
47 Se konsa, nan tan Zowobabèl ak nan tan Neemi, tout pèp Izrayèl la te pote kado chak jou bay mizisyen yo ak gad pòtay tanp yo. Yo te pote renmèt moun Levi yo ofrann yo te mete apa pou Bondye. Moun Levi yo menm te bay prèt yo, moun fanmi Arawon yo, pòsyon pa yo.
스룹바벨과 느헤미야 때에는 온 이스라엘이 노래하는 자들과 문지기들에게 날마다 쓸 것을 주되 그 구별한 것을 레위 사람들에게 주고 레위 사람들은 그것을 또 구별하여 아론 자손에게 주었느니라

< Neemi 12 >