< Plenn 3 >

1 Mwen se yon nonm ki konnen mizè moun gen pou pase lè Bondye ankòlè sou yo, lè Bondye ap pini yo.
Ich bin ein elender Mann, der die Rute seines Grimmes sehen muß.
2 Li trennen m', li fè m' mache nan fènwa san yon ti limyè pou klere m'.
Er hat mich geführt und lassen gehen in die Finsternis und nicht in Licht.
3 Tout lajounen, l'ap plede bat mwen san rete.
Er hat seine Hand gewendet wider mich und handelt gar anders mit mir für und für.
4 Po kò m' fin chire, vyann mwen parèt deyò konsa. Li kraze tout zo nan kò m'.
Er hat mir Fleisch und Haut alt gemacht und mein Gebein zerschlagen.
5 Li fèmen m' nan yon koridò mizè ak lafliksyon.
Er hat mich verbaut und mich mit Galle und Mühe umgeben.
6 Li fè m' rete kote ki fènwa a tankou moun mouri yo.
Er hat mich in Finsternis gelegt wie die, so längst tot sind.
7 Li moute yon miray, li fèmen kote m' ye a, m' pa ka chape. Li mare m' ak gwo chenn.
Er hat mich vermauert, daß ich nicht heraus kann, und mich in harte Fesseln gelegt.
8 Tout rele mwen rele byen fò, pesonn p'ap tande m'.
Und wenn ich gleich schreie und rufe, so stopft er die Ohren zu vor meinem Gebet.
9 Li simen gwo wòch toupatou sou wout mwen. Kote m' vire, chak pa mwen fè, m' bite.
Er hat meinen Weg vermauert mit Werkstücken und meinen Steig umgekehrt.
10 Tankou yon lous, li biske kò l', l'ap veye m'. Tankou yon lyon, li kache, l'ap tann mwen.
Er hat auf mich gelauert wie ein Bär, wie ein Löwe im Verborgenen.
11 Li fè m' tonbe nan bwa. Li filange tout kò m'. Lèfini, li lage m'.
Er läßt mich des Weges fehlen. Er hat mich zerstückt und zunichte gemacht.
12 Li mete flèch nan banza li, li vize. Se sou mwen l'ap voye yo.
Er hat seinen Bogen gespannt und mich dem Pfeil zum Ziel gesteckt.
13 Li fè flèch li yo antre fon nan kò m'.
Er hat aus dem Köcher in meine Nieren schießen lassen.
14 Tout moun nan peyi a ap pase m' nan betiz. Se toutan y'ap fè chante sou mwen.
Ich bin ein Spott allem meinem Volk und täglich ihr Liedlein.
15 Li plen vant mwen ak manje anmè kou fyèl. Li fè m' bwè labsent jouk mwen sou.
Er hat mich mit Bitterkeit gesättigt und mit Wermut getränkt.
16 Li fwote tout figi m' atè, li fè m' kase dan m' nan wòch.
Er hat meine Zähne zu kleinen Stücken zerschlagen. Er wälzt mich in der Asche.
17 Mwen pa konnen sa yo rele kè poze. Mwen bliye sa yo rele kè kontan.
Meine Seele ist aus dem Frieden vertrieben; ich muß des Guten vergessen.
18 Mwen di: M' pa gen lontan pou m' viv ankò. M' pèdi tout espwa mwen te gen nan Bondye.
Ich sprach: Mein Vermögen ist dahin und meine Hoffnung auf den HERRN.
19 Lè m' chonje nan ki mizè mwen ye, jan m'ap mache pwonmennen san rete, se tankou yon labsent, yon fyèl m'ap vale.
Gedenke doch, wie ich so elend und verlassen, mit Wermut und Galle getränkt bin!
20 Wi, lè m' chonje sa, kè m' sere, m' santi kè m' ap rache
Du wirst ja daran gedenken; denn meine Seele sagt mir es.
21 Men, mwen reprann kouraj lè m' chonje yon sèl bagay.
Das nehme ich zu Herzen, darum hoffe ich noch.
22 Seyè a pa janm sispann renmen nou. L'ap toujou gen pitye pou nou.
Die Güte des HERRN ist's, daß wir nicht gar aus sind; seine Barmherzigkeit hat noch kein Ende,
23 Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l'ap toujou kenbe pawòl li.
sondern sie ist alle Morgen neu, und deine Treue ist groß.
24 Mwen di: Se Seyè a ki tout mwen. Se nan li mwen mete tout espwa m'.
Der HERR ist mein Teil, spricht meine Seele; darum will ich auf ihn hoffen.
25 Seyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k'ap konte sou li.
Denn der HERR ist freundlich dem, der auf sie harrt, und der Seele, die nach ihm fragt.
26 Sa bon pou nou rete dousman ap tann li vin delivre nou.
Es ist ein köstlich Ding, geduldig sein und auf die Hilfe des HERRN hoffen.
27 Sa bon pou nou aprann sipòte depi nou tou jenn.
Es ist ein köstlich Ding einem Mann, daß er das Joch in seiner Jugend trage;
28 Lè Bondye ap manyen ak nou, ann chita pou kont nou san di anyen.
daß ein Verlassener geduldig sei, wenn ihn etwas überfällt,
29 Nou pa bezwen plenyen. Nou pa janm konnen, ka gen espwa toujou.
und seinen Mund in den Staub stecke und der Hoffnung warte
30 Se pou n' pare figi n' pou n' pran souflèt. Se pou n' asepte tou sa yo fè nou.
und lasse sich auf die Backen schlagen und viel Schmach anlegen.
31 Bondye sèl Mèt la p'ap janm lage nou nèt.
Denn der Herr verstößt nicht ewiglich;
32 Li ka fè nou lapenn, men l'ap gen pitye pou nou paske li renmen nou anpil.
sondern er betrübt wohl, und erbarmt sich wieder nach seiner Güte.
33 Li pa pran plezi nan fè nou soufri, ni nan ban nou lapenn.
Denn er nicht von Herzen die Menschen plagt und betrübt,
34 Atò, se konnen Seyè a, Bondye sèl Mèt la, pa konnen lè y'ap kraze prizonye anba baton,
als wollte er die Gefangenen auf Erden gar unter seine Füße zertreten
35 lè yo derefize rekonèt dwa Bondye ban nou,
und eines Mannes Recht vor dem Allerhöchsten beugen lassen
36 lè y'ap bay move jijman nan tribinal! Atò, se konnen li pa konnen!
und eines Menschen Sache verkehren lassen, gleich als sähe es der Herr nicht.
37 Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l' di se sak fèt.
Wer darf denn sagen, daß solches geschehe ohne des Herrn Befehl
38 Tou sa ki rive an byen osinon an mal, se li menm ki penmèt sa.
und daß nicht Böses und Gutes komme aus dem Munde des Allerhöchsten?
39 Lè nou anba bwa pou peche nou yo sa nou bezwen plenyen fè!
Wie murren denn die Leute im Leben also? Ein jeglicher murre wider seine Sünde!
40 Annou gade jan n'ap mennen bak nou! Ann egzaminen byen jan n'ap viv la! Lèfini, ann tounen vin jwenn Bondye!
Und laßt uns erforschen und prüfen unser Wesen und uns zum HERRN bekehren!
41 Ann leve bra nou nan syèl la, ann lapriyè nan pye l'!
Laßt uns unser Herz samt den Händen aufheben zu Gott im Himmel!
42 Nou peche, nou kenbe tèt avè ou! Men, ou menm ou pa padonnen nou.
Wir, wir haben gesündigt und sind ungehorsam gewesen; darum hast du billig nicht verschont;
43 Ou move pi rèd, ou fann nan kò nou! Ou te san pitye. Ou touye nou.
sondern du hast uns mit Zorn überschüttet und verfolgt und ohne Barmherzigkeit erwürgt.
44 Ou vlope kò ou nan yon gwo nwaj nwa pou lapriyè nou pa rive nan zòrèy ou.
Du hast dich mit einer Wolke verdeckt, daß kein Gebet hindurch konnte.
45 Ou fè nou tounen yon depotwa, yon pil fatra nan mitan lòt nasyon sou latè yo.
Du hast uns zu Kot und Unflat gemacht unter den Völkern.
46 Tout lènmi nou yo ap lave bouch yo sou nou.
Alle unsre Feinde sperren ihr Maul auf wider uns.
47 N'ap viv ak kè sote, si se pa lanmò, se gwo danje, se gwo malè!
Wir werden gedrückt und geplagt mit Schrecken und Angst.
48 De je m' yo ap ponpe dlo tankou larivyè, lè m' wè malè ki tonbe sou pèp mwen an!
Meine Augen rinnen mit Wasserbächen über den Jammer der Tochter meines Volks.
49 Dlo ap koule nan je m' san rete. Li p'ap janm sispann,
Meine Augen fließen und können nicht ablassen; denn es ist kein Aufhören da,
50 jouk jou Seyè a va rete nan syèl la, l'a voye je l' gade, l'a wè!
bis der HERR vom Himmel herabschaue uns sehe darein.
51 Wi, kè m' fè m' mal pou m' wè sa ki rive moun lavil mwen yo!
Mein Auge frißt mir das Leben weg um die Töchter meiner Stadt.
52 Yon bann moun ki pa vle wè m' san m' pa fè yo anyen pran kouri dèyè m' tankou yon zwazo y'ap chache pran.
Meine Feinde haben mich gehetzt wie einen Vogel ohne Ursache;
53 Yo lage m' tou vivan nan yon twou. Yo fèmen bouch twou a ak wòch.
sie haben mein Leben in einer Grube fast umgebracht und Steine auf mich geworfen;
54 Dlo te prèt pou kouvri tèt mwen. Mwen di: Fwa sa a m' pran!
sie haben mein Haupt mit Wasser überschüttet; da sprach ich: Nun bin ich gar dahin.
55 Nan twou kote m' te ye a, Seyè, mwen rele ou!
Ich rief aber deinen Namen an, HERR, unten aus der Grube,
56 Ou tande vwa m'. Tanpri, pa bouche zòrèy ou lè m'ap lapriyè nan pye ou.
und du erhörtest meine Stimme: Verbirg deine Ohren nicht vor meinem Seufzen und Schreien!
57 Wi, lè m' rele ou, ou pwoche. Ou di m' mwen pa bezwen pè!
Du nahest dich zu mir, wenn ich dich anrufe, und sprichst: Fürchte dich nicht!
58 Bondye Sèl Mèt, ou pran ka m' an konsiderasyon. Ou sove lavi m'.
Du führest, Herr, die Sache meiner Seele und erlösest mein Leben.
59 Seyè, ou wè tout lenjistis y'ap fè m'. Tanpri, defann kòz mwen.
Du siehest, HERR, wie mir so Unrecht geschieht; hilf mir zu meinem Recht!
60 Ou wè jan yo soti pou pwofite sou mwen, jan y'ap fè konplo pou touye m'.
Du siehst alle ihre Rache und alle ihre Gedanken wider mich.
61 Seyè, ou tande jan y'ap joure m'. Ou konnen konplo y'ap fè sou do m'.
HERR, du hörest ihr Schmähen und alle ihre Gedanken über mich,
62 Tout lajounen, y'ap pale sou mwen, y'ap fè plan.
die Lippen meiner Widersacher und ihr dichten wider mich täglich.
63 Gade yo non! Depi maten jouk aswè yo chita ap fè chante sou do m'!
Schaue doch, sie sitzen oder stehen auf, so singen sie von mir ein Liedlein.
64 Seyè, se pou ou pini yo pou tou sa yo fè.
Vergilt ihnen, HERR, wie sie verdient haben!
65 Madichonnen yo! Fè yo pèdi tèt yo!
Laß ihnen das Herz erschrecken, laß sie deinen Fluch fühlen!
66 Move sou yo, Seyè! Pati dèyè yo! Disparèt yo sou latè!
Verfolge sie mit deinem Grimm und vertilge sie unter dem Himmel des HERRN.

< Plenn 3 >