< Jij 19 >

1 Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Yon jou, yon moun Levi ki te rete nan fon mòn Efrayim yo leve, l' al pran yon fanm, moun lavil Betleyèm nan peyi Jida, pou fanm kay li.
And it came to pass in those days, when there was no king in Israel, that there was a certain Levite sojourning on the farther side of the hill-country of Ephraim, who took to him a concubine out of Beth-lehem-judah.
2 Men, fanm lan vin tonbe nan dezòd sou li, epi li kite l', li tounen lakay papa l', lavil Betleyèm nan peyi Jida. Li pase kat mwa la.
And his concubine played the harlot against him, and went away from him unto her father’s house to Beth-lehem-judah, and was there the space of four months.
3 Lè sa a, mari a leve, l' al dèyè l' pou l' wè si li te ka tounen avè l' ankò. Li te pati ansanm ak yon domestik ak de bourik. Madanm lan te byen resevwa l' lakay papa l'. Lè papa madanm lan wè l', li te byen kontan resevwa l' tou.
And her husband arose, and went after her, to speak kindly unto her, to bring her again, having his servant with him, and a couple of asses: and she brought him into her father’s house; and when the father of the damsel saw him, he rejoiced to meet him.
4 Bòpè a pran tèt moun Levi a, li fè l' rete pase twa jou avè l'. Mesyedam yo manje, yo bwè, yo pase nwit nan kay la.
And his father-in-law, the damsel’s father, retained him; and he abode with him three days: so they did eat and drink, and lodged there.
5 Sou katriyèm jou a, yo leve granmaten, yo pare zafè yo pou yo pati. Men, papa madanm lan di moun Levi a konsa: -Mete yon bagay nan vant ou anvan. W'a santi ou anfòm. Aprè sa, w'a pati.
And it came to pass on the fourth day, that they arose early in the morning, and he rose up to depart: and the damsel’s father said unto his son-in-law, Strengthen thy heart with a morsel of bread, and afterward ye shall go your way.
6 Mesyedam yo chita, yo manje, epi yo bwè. Apre sa, papa madanm lan di moun Levi a konsa: -Tanpri, pase nwit la ankò isit la. Pran plezi ou non!
So they sat down, and did eat and drink, both of them together: and the damsel’s father said unto the man, Be pleased, I pray thee, to tarry all night, and let thy heart be merry.
7 Nonm lan te leve pou l' pati, men bòpè a sitèlman kenbe la avè l', li tounen pase nwit la la ankò.
And the man rose up to depart; but his father-in-law urged him, and he lodged there again.
8 Sou senkyèm jou a, nan granmaten, li leve pou l' ale. Bòpè a di l' konsa: -Mete kichòy nan vant ou non, monchè. W'a pati pita. Se konsa de mesye yo chita, yo manje.
And he arose early in the morning on the fifth day to depart; and the damsel’s father said, Strengthen thy heart, I pray thee, and tarry ye until the day declineth; and they did eat, both of them.
9 Aprè sa, nonm lan leve pou l' ale ansanm ak fanm kay li ak domestik li a, men bòpè a di l': -Gade solèy pral kouche, tou rete pase nwit lan non. Talè fènwa pral tonbe. Rete non, monchè. Pran plezi ou! Denmen, w'a leve byen bonè pou vwayaj la, w'aprale lakay ou.
And when the man rose up to depart, he, and his concubine, and his servant, his father-in-law, the damsel’s father, said unto him, Behold, now the day draweth toward evening, I pray you tarry all night: behold, the day groweth to an end, lodge here, that thy heart may be merry; and to-morrow get you early on your way, that thou mayest go home.
10 Men, fwa sa a nonm lan pa t' vle rete pase yon lòt nwit ankò. Li leve, l' ale ansanm ak fanm kay li ak de bourik yo tou sele. Yo rive toupre lavil Jebis ki vle di lavil Jerizalèm.
But the man would not tarry that night, but he rose up and departed, and came over against Jebus (the same is Jerusalem): and there were with him a couple of asses saddled; his concubine also was with him.
11 Lè sa a, te konmanse ap fè nwa anpil, domestik la di l' konsa: -Ann fè yon antre nan lavil moun Jebis yo non. N'a pase nwit la la.
When they were by Jebus, the day was far spent; and the servant said unto his master, Come, I pray thee, and let us turn aside into this city of the Jebusites, and lodge in it.
12 Men, mèt la di l' konsa: -Non! Nou pa pral antre nan lavil moun lòt nasyon yo, kote pa gen yon moun pèp Izrayèl la menm. N'ap fè wout nou jouk nou rive lavil Gibeya.
And his master said unto him, We will not turn aside into the city of a foreigner, that is not of the children of Israel; but we will pass over to Gibeah.
13 Ann al pi devan. N'a pase nwit lan lavil Gibeya osinon lavil Rama.
And he said unto his servant, Come and let us draw near to one of these places; and we will lodge in Gibeah, or in Ramah.
14 Se konsa yo pa rete, y' al fè wout yo. Solèy t'ap fin kouche lè yo rive bò lavil Gibeya, ki nan teritwa moun branch fanmi Benjamen yo.
So they passed on and went their way; and the sun went down upon them near to Gibeah, which belongeth to Benjamin.
15 Yo chankre sou wout la, yo vin pase nwit lan lavil Gibeya. Moun Levi a antre nan lavil la, l' al chita sou plas la, men pesonn pa t' envite yo vin pase nwit lan lakay yo.
And they turned aside thither, to go in to lodge in Gibeah: and he went in, and sat him down in the street of the city; for there was no man that took them into his house to lodge.
16 Nan aswè, yon granmoun gason ki t'ap sot nan jaden vin ap antre lakay li. Se te yon moun mòn Efrayim yo li te ye. Li te rete lavil Gibeya. Men, tout moun lavil yo se moun fanmi Benjamen yo te ye.
And, behold, there came an old man from his work out of the field at even: now the man was of the hill-country of Ephraim, and he sojourned in Gibeah; but the men of the place were Benjamites.
17 Je granmoun lan al tonbe sou vwayajè yo ki te sou plas la. Li di moun Levi a konsa: -Kote ou prale? Kote ou soti?
And he lifted up his eyes, and saw the wayfaring man in the street of the city; and the old man said, Whither goest thou? and whence comest thou?
18 Moun Levi a reponn li: -Nou soti lavil Betleyèm nan peyi Jida, n'ap vwayaje, nou pral byen lwen nan fon mòn Efrayim yo. Se la mwen rete. Mwen te desann ale Betleyèm, men koulye a m'ap tounen lakay mwen. Pesonn pa envite nou vin pase nwit lan lakay yo.
And he said unto him, We are passing from Beth-lehem-judah unto the farther side of the hill-country of Ephraim; from thence am I, and I went to Beth-lehem-judah: and I am [now] going to the house of Jehovah; and there is no man that taketh me into his house.
19 Nou gen manje ak zèb pou bourik nou, nou gen pen ak diven pou mwen, pou fanm kay mwen, ak pou domestik ki ak nou an. Nou pa manke anyen.
Yet there is both straw and provender for our asses; and there is bread and wine also for me, and for thy handmaid, and for the young man that is with thy servants: there is no want of anything.
20 Lè sa a granmoun lan di: -Pòt kay mwen louvri pou nou! Se mwen menm k'ap ba ou tou sa ou bezwen. Sèlman pa rete pase nwit lan la sou plas la.
And the old man said, Peace be unto thee; howsoever let all thy wants lie upon me; only lodge not in the street.
21 Se konsa li mennen yo lakay li, li bay bèt yo zèb. Mesyedam yo menm lave pye yo, epi yo manje, yo bwè.
So he brought him into his house, and gave the asses fodder; and they washed their feet, and did eat and drink.
22 Yo t'ap koze yonn ak lòt lè kèk mesye lavil la, yon bann vòryen, vin sènen kay la. Yo pran frape nan pòt la. Yo pale ak granmoun ki te mèt kay la, yo di l' konsa: -Fè nonm ki lakay ou a soti vin jwenn nou pou nou ka kouche avè l'.
As they were making their hearts merry, behold, the men of the city, certain base fellows, beset the house round about, beating at the door; and they spake to the master of the house, the old man, saying, Bring forth the man that came into thy house, that we may know him.
23 Mèt kay la soti al jwenn yo, li di yo konsa: -Non, mezanmi! Tanpri, pa fè vye bagay lèd sa a. Nonm lan se lakay mwen li ye. Pa vin fè bagay sal sa a.
And the man, the master of the house, went out unto them, and said unto them, Nay, my brethren, I pray you, do not so wickedly; seeing that this man is come into my house, do not this folly.
24 Bon, gade! Mwen gen yon jenn pitit fi, li menm li gen yon fanm kay. Mwen pral fè yo soti vin jwenn nou. Nou mèt kouche ak yo. Nou mèt fè sa nou vle ak yo. Men, pa vin fè ankenn vye bagay derespektan ak nonm lan.
Behold, here is my daughter a virgin, and his concubine; them I will bring out now, and humble ye them, and do with them what seemeth good unto you: but unto this man do not any such folly.
25 Men, mesye yo pa t' vle koute l'. Lè sa a, moun Levi a pran fanm kay li a, li fè l' soti al jwenn yo deyò a. Tout mesye yo kouche avè l', yo fè tout kalite bagay avè l' pandan tout nwit lan. Solèy t'apral leve lè yo kite l'.
But the men would not hearken to him: so the man laid hold on his concubine, and brought her forth unto them; and they knew her, and abused her all the night until the morning: and when the day began to spring, they let her go.
26 Lè bajou kase, fanm lan trennen jouk li rive devan papòt kay kote mari l' te ye a. Li rete atè a jouk solèy fin leve.
Then came the woman in the dawning of the day, and fell down at the door of the man’s house where her lord was, till it was light.
27 Nan maten, mari a leve, li louvri pòt pou l' soti. Li fè sa pou l' al fè wout li, li wè fanm kay li a blayi atè a devan kay la, ak de men l' yo lonje sou papòt la.
And her lord rose up in the morning, and opened the doors of the house, and went out to go his way; and, behold, the woman his concubine was fallen down at the door of the house, with her hands upon the threshold.
28 Li di: -Leve non! Ann ale! Men, fanm lan pa reponn li. Li pran kadav la, li mete l' detravè sou bourik li, epi li pati, l' al lakay li.
And he said unto her, Up, and let us be going; but none answered: then he took her up upon the ass; and the man rose up, and gat him unto his place.
29 Lè l' rive lakay li, li pran yon kouto, li koupe kadav fanm kay li a fè douz moso, epi li voye yon moso nan chak branch fanmi peyi Izrayèl la.
And when he was come into his house, he took a knife, and laid hold on his concubine, and divided her, limb by limb, into twelve pieces, and sent her throughout all the borders of Israel.
30 Chak moun ki te wè sa di konsa: -Nou pa janm wè bagay konsa! Bagay konsa pa janm rive nan mitan nou depi lè pèp Izrayèl la kite peyi Lejip rive jounen jòdi a. Annou kalkile byen kisa nou pral fè pou sa. Sa nou di nan sa?
And it was so, that all that saw it said, There was no such deed done nor seen from the day that the children of Israel came up out of the land of Egypt unto this day: consider it, take counsel, and speak.

< Jij 19 >