< Jozye 5 >

1 Lè tout wa peyi Amori yo ki te rete lòt bò larivyè Jouden sou bò solèy kouche a ansanm ak tout wa peyi Kanaran yo ki te rete sou tout rivaj gwo lanmè Mediterane a vin konnen Seyè a te cheche dlo larivyè Jouden an pou pèp Izrayèl la te pase larivyè a, yo vin pè anpil, yo pèdi tout kouraj yo devan pèp Izrayèl la. 2 Lè sa a, Seyè a pale ak Jozye, li di l' konsa: -Pran wòch dife, kase yo fè zenglen pou sikonsi gason pèp Izrayèl ki fèt nan dezè a. 3 Se konsa, Jozye fè yon bann zenglen wòch byen file, li sikonsi tout gason pèp Izrayèl la yon kote yo rele Bit po ti kòk. 4 Li te fè sa paske tout gason ki te gen laj pou yo pote zam lè yo te soti kite peyi Lejip la te mouri nan dezè a pandan yo t'ap vwayaje a. 5 Tout gason ki te vivan lè yo te soti kite peyi Lejip la te sikonsi. Men, ankenn nan gason ki te fèt pandan yo t'ap vwayaje nan dezè a pa t' ankò sikonsi. 6 Pèp Izrayèl la te pase karantan ap vwayaje nan dezè a. Pandan tout tan sa a, tout gason ki te gen laj pou fè lagè lè yo te soti kite peyi Lejip la te mouri, paske yo pa t' koute Seyè a lè li te pale yo. Se konsa li te di yo li pa t'ap kite yo yonn wè peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a, bon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a. 7 Men, li ba yo pitit pou ranplase yo. Se pitit sa yo Jozye te sikonsi paske yo pa t' sikonsi yo lè yo t'ap vwayaje nan dezè a. 8 Lè li fin sikonsi tout gason yo, tout pèp la rete la kote yo te moute tant yo a, jouk yo te geri. 9 Apre sa, Seyè a di Jozye konsa: -Jòdi a mwen wete wont yo te fè nou nan peyi Lejip la, mwen voye l' jete. Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Gilgal jouk jòdi a. 10 Antan pèp Izrayèl la te rete Gilgal nan plenn ki toupre lavil Jeriko, yo fete Fèt Delivrans lan nan aswè katòzyèm jou premye mwa a. 11 Nan denmen Fèt Delivrans lan, yo manje manje yo rekòlte nan peyi a: grenn ble griye ak pen kwit san ledven. 12 Apre sa, laman lan sispann tonbe. Depi lè sa a, pèp Izrayèl la pa jwenn laman pou yo manje ankò. Pandan tout lanne a yo manje manje yo te rekolte nan peyi Kanaran an. 13 Yon jou, antan Jozye te toupre lavil Jeriko a, li rete konsa, li wè yon nonm kanpe devan l' avèk yon nepe nan men l'. Jozye mache sou li, epi li mande l': -Ou se yonn nan moun pa nou yo osinon yon lènmi? 14 Nonm lan reponn li: -M' pa ni yonn ni lòt. Mwen se kòmandan an chèf lame Seyè a. Mwen fèk rive. Jozye tonbe ajenou devan l', li bese tèt li jouk atè, li di l' konsa: -Se sèvitè ou mwen ye, mèt. Kisa ou vle m' fè pou ou? 15 Kòmandan an chèf lame Seyè a di l' konsa: -Wete sapat nan pye ou. Kote ou kanpe a se yon kote ki apa pou Bondye. Epi Jozye fè sa li di l' fè a.

< Jozye 5 >