< Jozye 4 >

1 Lè tout moun fin janbe lòt bò larivyè Jouden an, Seyè a pale ak Jozye. Li di l' konsa:
Alò, lè tout nasyon an te fin travèse Jourdain an, SENYÈ a te pale avèk Josué. Li te di:
2 -Chwazi douzòm, yonn nan chak branch fanmi yo.
“Pran pou nou menm douz mesye pami pèp la, yon mesye ki soti nan chak tribi.
3 W'a ba yo lòd pou yo chak pran yon wòch nan mitan larivyè Jouden an, kote prèt yo te kanpe a. Y'a pran douz wòch sa yo, y'a pote yo lòt bò larivyè a. N'a mete yo kote nou pral moute tant nou yo aswè a.
Kòmande yo e di: ‘Ranmase pou kont nou douz wòch soti isit la nan mitan Jourdain an, soti nan plas kote pye prèt la ap kanpe fèm nan. Pote yo janbe avèk nou, e poze yo nan plas lojman kote nou va dòmi aswè a.’”
4 Lè sa a, Jozye fè rele douz mesye li te chwazi pami moun pèp Izrayèl yo, yonn pou chak branch fanmi yo.
Konsa, Josué te rele douz mesye ke li te chwazi soti nan fis Israël yo, yon mesye nan chak tribi,
5 Epi li di yo: -Ale devan Bwat Kontra Seyè a, Bondye nou an, ki nan mitan larivyè a. Chak moun va pran yon wòch mete sou zepòl yo, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la.
epi Josué te di yo: “Travèse ankò vè lach SENYÈ a, Bondye nou an, pou rive nan mitan Jourdain an e nou chak pran yon wòch sou zepòl li, selon nonb a tribi a fis Israël yo.
6 Wòch sa yo va sèvi pou fè pèp la chonje sa Seyè a te fè pou yo. Denmen, lè pitit nou yo va mande nou kisa wòch sa yo vle di pou nou,
Ke sa sèvi kòm yon sign pami nou, jis pou lè pitit nou yo mande pita e di: ‘Kisa wòch sa yo vle di a nou menm’?
7 n'a reponn yo: Dlo larivyè Jouden an te sispann koule devan Bwat Kontra Seyè a. Wòch sa yo la pou pèp Izrayèl la ka toujou chonje dlo larivyè Jouden an te sispann koule lè yo t'ap janbe lòt bò larivyè a.
Alò nou va di yo: ‘Akoz dlo Jourdain yo te koupe devan lach akò SENYÈ a. Lè lach la te travèse Jourdain an, dlo Jourdain yo te koupe. Pou sa, wòch sa yo va sèvi kòm yon souvni pou fis Israël yo pou tout tan.’”
8 Mesye yo fè sa Jozye te ba yo lòd fè a. Jan Seyè a te di Jozye, yo pran douz wòch nan mitan larivyè Jouden an, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, yo pote yo avèk yo lòt bò rivyè a. Yo mete yo kote yo moute tant yo pou pase nwit lan.
Konsa, fis Israël yo te fè jan Josué te kòmande yo a. Yo te leve pran douz wòch yo nan mitan Jourdain an, jan SENYÈ a te pale a Josué a, selon nonb a tribi a fis Israël yo, epi yo te pote yo janbe avèk yo pou rive nan plas lojman an e te poze yo la.
9 Apre sa, Jozye pran douz lòt wòch, li mete yo kanpe nan mitan larivyè a, kote prèt ki t'ap pote Bwat Kontra yo te kanpe a. Wòch yo la jouk koulye a.
Epi Josué te poze douz wòch yo nan mitan Jourdain an nan plas kote pye a prèt yo ki te pote lach akò a te kanpe. Yo la, jis jodi a.
10 Prèt yo te rete kanpe avèk Bwat Kontra a sou zepòl yo, nan mitan larivyè a jouk yo fin fè tout sa Seyè a te bay lòd pou pèp la te fè, jan Moyiz te mande pou Jozye fè l' la. Se konsa, pèp la prese janbe lòt bò larivyè a.
Paske prèt yo ki te pote lach la te kanpe nan mitan Jourdain an jiskaske tout bagay ke SENYÈ a te kòmande Josué pou pale a pèp la te fini, selon tout sa ke Moïse te kòmande Josué yo. Konsa, pèp la te fè vit travèse.
11 Lè yo tout fin pase, prèt yo fè rès travèse a ak Bwat Kontra Seyè a, epi yo pran devan pèp la ankò.
Lè tout pèp la te fin travèse, lach SENYÈ a avèk prèt yo te travèse nan prezans a pèp la.
12 Premye moun ki te janbe lòt bòt larivyè a, devan tout pèp la se te gason branch fanmi Woubenn yo, gason branch fanmi Gad yo ak mwatye nan gason branch fanmi Manase yo, jan Moyiz te di yo a. Yo te tou pare pou fè lagè.
Fis Ruben yo ak fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te janbe abiye e prepare pou fè lagè devan fis Israël yo, jis jan ke Moïse te pale yo a.
13 Jou sa a, te gen antou karantmil (40.000) gason tou pare pou fè lagè ki te janbe al nan plenn Jeriko yo, devan je Seyè a.
Anviwon karant mil mesye, prèt pou batay, te travèse devan SENYÈ a vè plèn dezè a Jéricho a.
14 Sa Seyè a te fè jou sa a te fè tout pèp Izrayèl la pran Jozye pou yon grannèg vre. Depi lè sa a yo respekte msye jouk li mouri, menm jan yo te respekte Moyiz la.
Nan jou sa a, SENYÈ a te egzalte Josué nan zye a tout Israël; jis pou yo genyen l respè avèk lakrent, jis jan ke yo te gen respè avèk lakrent pou Moïse pandan tout jou ke li te viv yo.
15 Apre sa, Seyè a pale ak Jozye, li di l' konsa:
Alò SENYÈ a te di a Josué:
16 -Bay prèt k'ap pote Bwat Kontra a lòd pou yo soti nan larivyè Jouden an.
“Kòmande prèt ki pote lach akò a pou monte kite Jourdain an.”
17 Jozye pale ak prèt yo, li ba yo lòd sa a: -Moute soti nan larivyè Jouden an.
Konsa, Josué te kòmande prèt yo. Li te di: “Monte soti nan Jourdain an.”
18 Soti prèt yo soti nan larivyè a, lè pye yo touche tè sèk sou rivaj la, dlo larivyè a konmanse koule ankò jan li te toujou koule anvan an. Li gonfle moute rive jouk sou rivaj li yo.
Li te vin rive ke lè prèt ki te pote lach SENYÈ yo te kite mitan Jourdain an, e pla pye yo te monte sou tè sèk, dlo Jourdain an te retounen nan plas li e te depase rivaj yo kòm avan an.
19 Jou pèp la te janbe lòt bò larivyè Jouden an, se te dizyèm jou nan premye mwa a. Y' al moute tant yo yon kote ki rele Gilgal, ki te sou bò solèy leve lavil Jeriko.
Konsa, pèp la te monte kite Jourdain an nan dizyèm jou a premye mwa a, epi yo te fè kan nan Guilgal akote lès Jéricho.
20 Se la Jozye pran douz wòch yo te pran nan mitan larivyè Jouden an, li mete yo kanpe fè yon wonn.
Douz wòch sa yo ke yo te pran nan Jourdain an, Josué te monte nan Guilgal.
21 Lè l' fini, li di moun pèp Izrayèl yo konsa: -Denmen, lè pitit nou yo va mande papa yo poukisa wòch sa yo la a,
Li te di a fis Israël yo: “Lè pitit nou yo mande papa yo nan tan k ap vini yo, e di: ‘Kisa wòch sa yo ye?’
22 n'a fè pitit nou yo konnen pèp Izrayèl la te janbe lòt bò larivyè Jouden an san pye yo pa t' mouye.
Alò, nou va eksplike pitit nou yo pou di: ‘Israël te travèse Jourdain sila a sou tè sèk’.
23 Paske Seyè a, Bondye nou an, te cheche dlo larivyè Jouden an devan nou jouk nou tout fin pase, menm jan li te cheche Lanmè Wouj la devan zansèt nou yo jouk yo tout te fin pase.
Paske SENYÈ a, Bondye nou an, te seche dlo Jourdain yo devan nou jiskaske nou te fin travèse, jis jan ke Li te fè nan Lamè Wouj la, ke Li te seche devan nou jiskaske nou te fin travèse a,
24 Se poutèt sa, tout moun sou latè va konnen jan Seyè a gen pouvwa, lèfini nou menm n'a toujou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an.
pou tout pèp sou latè yo kapab konnen ke men SENYÈ a pwisan, pou nou kapab gen lakrent SENYÈ a pou tout tan.”

< Jozye 4 >