< Jòb 13 >

1 Wi, mwen wè tou sa ak de je m'. Mwen tande tou sa ak de zòrèy mwen epi mwen konprann. 2 Sa nou konnen an, mwen konnen l' tou. M' pa pi sòt pase nou. 3 Men, mwen menm, se ak Bondye ki gen tout pouvwa m' annafè. Se avè l' mwen vle pale pou m' defann kòz mwen. 4 Nou menm, kote nou pa konnen nou bay manti. Nou tankou dòktè ki pa janm geri pyès moun. 5 Pito nou pe bouch nou! Lè sa a, n'a pase pou moun ki gen bon konprann. 6 Koute sa mwen gen sou kè m'. Louvri zòrèy nou pou n' tande jan m' pral plede kòz mwen. 7 Se defann nou vle defann Bondye kifè n'ap bay tout manti sa yo, kifè n'ap pale kwochi konsa? 8 Se pou li n'ap pran? Se kòz li nou ranmase? 9 Pou li, li ta bon pou nou si li t'ap chache konnen sa nou gen nan fon kè nou! Pa konprann nou ka woule Bondye tankou nou woule moun! 10 Li ta regle nou byen regle, paske li ta tou wè se figi l' n'ap achte anba chal. 11 Nou pa pè gwo pouvwa Bondye a? Nou pa pè li kraze nou? 12 Bèl pawòl nou yo pa gen plis valè pase pousyè tè. Repons n'ap ban mwen yo pa kenbe, yo tankou miray sab. 13 Koulye a, pe bouch nou! Ban m' yon chans pou m' pale. Sa ki pou rive a te mèt rive! 14 Mwen mèt mouri! Zafè! M' mare ren m', m' sere dan m'! 15 Bondye te mèt touye m'. Sèl chans mwen se pou m' esplike avè l'. 16 Nou pa janm konnen, se sa ki ka sove m', paske moun ki fè mal pa ka parèt devan Bondye. 17 Koute byen sa m' pral di la a. Louvri zòrèy nou pou n' tande deklarasyon mwen. 18 M' pare pou m' defann kòz mwen, paske mwen konnen mwen nan dwa m'. 19 Bondye, èske se ou ki pral plede avè m'? M' tou pare pou m' pe bouch mwen, pou m' asepte lanmò m'. 20 De sèl ti chans ase m'ap mande ou. Apre sa, m' p'ap kache pou ou ankò. 21 Sispann leve men ou sou mwen. Sispann fè m' pè tout pè sa a. 22 Ou mèt pale anvan, m'a reponn ou. Osinon, kite m' pale anvan, w'a reponn mwen. 23 Konbe peche, konbe bagay mal mwen fè? Kisa m' fè mwen pa t' dwe fè? Kisa m' fè ki mal? 24 Poukisa w'ap kache pou mwen konsa? Poukisa ou fè tankou si se lènmi ou mwen ye? 25 Poukisa w'ap chache fè m' pè? Poukisa ou leve dèyè m' konsa? M' tou fini, m' tankou fèy bwa, tankou pay chèch van ap pote ale. 26 W'ap akize m' yon bann bagay k'ap fè m' mal. W'ap fè m' peye tou sa m' te fè lè m' te jenn gason. 27 Ou mete pye m' nan sèp. Ou veye tout vire tounen m'. Ou gade tout kote m'ap mete pye m'. 28 M'ap dekale tankou bwa pouri, tankou rad sizo ap manje.

< Jòb 13 >