< Ezayi 10 >

1 Madichon pou chèf k'ap bay move lòd pou kache lenjistis y'ap fè, k'ap ekri move lwa pou peze pèp la!
Woe to those who decree unrighteous decrees, and to the writers who write oppressive decrees;
2 Se konsa, yo enpoze pòv malere yo defann dwa yo. Yo fè jijman ki pou ta nan avantaj pèp la tounen nan avantaj pa yo. Y'ap piye fanm ki pèdi mari yo, y'ap vòlò byen timoun ki san papa yo!
to deprive the needy from justice, and to rob the poor among my people of their rights, that widows may be their spoil, and that they may make the fatherless their prey.
3 Kisa n'a fè lè Bondye va fè malè soti byen lwen vin tonbe sou nou? Kay ki moun n'a kouri al chache sekou ak pwoteksyon? Ki kote n' aval kache tout richès nou yo?
What will you do in the day of visitation, and in the desolation which will come from afar? To whom will you flee for help? Where will you leave your wealth,
4 Adye! Y'ap fè nou prizonye. Y'ap depòte nou, si nou pa gen tan mouri nan lagè. Men, se poko sa toujou. Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo!
so as not to kneel with the prisoners, or fall among the slain? For all this his anger is not turned away, but his hand is stretched out still.
5 Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè.
Alas Assyrian, the rod of my anger, the staff in whose hand is my indignation.
6 Mwen te voye l' kouri al atake yon nasyon ki derespekte m'. Mwen te ba li manda pou l' regle yon pèp ki te fè m' fache anpil, pou l' pase men pran tou sa yo genyen, pou l' piye yo, pou l' pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè nan lari.
I will send him against a profane nation, and against the people who anger me will I give him a command to take the spoil and to take the prey, and to tread them down like the mire of the streets.
7 Men, wa peyi Lasiri a pa t' wè bagay la konsa. Se pa konsa li te konprann li. Paske lide li te met nan tèt li se kraze brize, se disparèt anpil anpil nasyon.
However he doesn't mean so, neither does his heart think so; but it is in his heart to destroy, and to cut off not a few nations.
8 Li t'ap plede di: Tout chèf lame mwen yo se wa yo ye nan lòt peyi!
For he says, "Aren't all of my officials kings?
9 Mwen pran lavil Kalno menm jan mwen te pran lavil Kakemich. Mwen pran lavil Amat menm jan mwen te pran lavil Apad. Mwen pran lavil Samari menm jan mwen te pran lavil Damas.
Isn't Calno like Carchemish? Isn't Hamath like Arpad? Isn't Samaria like Damascus?
10 Menm jan mwen te leve men m' pou m' te pini peyi k'ap sèvi zidòl yo, peyi ki te gen plis estati zidòl pase lavil Jerizalèm ak lavil Samari,
As my hand has found the kingdoms of the idols, whose engraved images exceeded those of Jerusalem and of Samaria;
11 menm jan nou wè mwen te aji ak Samari ak zidòl li yo, se konsa m'ap aji ak lavil Jerizalèm ak pòtre l'ap adore yo.
shall I not, as I have done to Samaria and her idols, so do to Jerusalem and her idols?"
12 Men sa Seyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun.
Therefore it will happen that, when the LORD has performed his whole work on Mount Zion and on Jerusalem, he will punish the fruit of the willful proud heart of the king of Assyria, and the insolence of his haughty looks.
13 Paske l'ap mache di: Se ak fòs ponyèt mwen mwen fè tou sa! Mwen gen bon konprann, mwen gen anpil lespri. Mwen wete bòn ki te make fwontyè pèp yo. Mwen devalize tou sa yo te sere. Tankou gwo towo bèf, mwen kraze tout moun ki t'ap viv la yo anba pye m'.
For he has said, "By the strength of my hand I have done it, and by my wisdom; for I have understanding: and I have removed the boundaries of the peoples, and have robbed their treasures. Like a valiant man I have brought down their rulers.
14 Nasyon latè yo te tankou nich zwezo pou mwen: mwen annik lonje men m', mwen pran tout richès yo. Mwen mache toupatou sou latè ap ranmase, tankou moun ranmase ze k'ap drive nan nich san gadò. Pa t' gen yonn ki bat zèl li pou fè m' pè. Pa t' gen yon bouch ki louvri pou di m' anyen, ni pou plenyen.
My hand has found the riches of the peoples like a nest, and like one gathers eggs that are abandoned, have I gathered all the earth. There was no one who moved their wing, or that opened their mouth, or chirped."
15 Men sa Seyè a di ankò: Eske yon rach ka pretann travay li fè a se li ki fè l'? Se pa moun k'ap sèvi avè l' la ki fè l'? Eske yon goyin ka mache di sa l' fè a se li ki fè l'? Moun k'ap sèvi avè l' la pou anyen nan sa l'ap fè a? Se tankou si se fwèt la k'ap kòmande moun ki kenbe l' nan men l' lan, tankou si se baton an k'ap sèvi ak moun ki genyen l' nan men l' lan.
Should an axe brag against him who chops with it? Should a saw exalt itself above him who saws with it? As if a rod should lift those who lift it up, or as if a staff should lift up someone who is not wood.
16 Se poutèt sa, Seyè ki gen tout pouvwa a pral voye yon sèl maladi deperi sou bann moun gra sa yo, yon sèl chalè ki pral leve nan tout kò yo, tankou yon gwo dife ki pran sou yo.
Therefore the LORD of hosts, will send among his fat ones leanness; and under his glory a burning will be kindled like the burning of fire.
17 Bondye ki limyè pèp Izrayèl la pral tounen yon dife. Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa pral tounen yon flanm dife. Nan yon sèl jou l'ap boule tout pikan ak tout raje, fè yo tounen sann.
The light of Israel will be for a fire, and his Holy One for a flame; and it will burn and devour his thorns and his briers in one day.
18 Li pral detwi gwo rakbwa yo ak bèl jaden yo nèt. Depi nan rasin yo jouk nan fèy yo, pyebwa yo ap cheche, menm jan yon move maladi souse yon moun jouk li touye l'.
He will consume the glory of his forest, and of his fruitful field, both soul and body. It will be as when a standard bearer faints.
19 P'ap rete anpil pyebwa nan rak li yo ankò. Nenpòt timoun piti ka konte ti rès la.
The remnant of the trees of his forest shall be few, so that a child could write their number.
20 Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti rès moun pèp Izrayèl la, sa ki te chape anba lanmò nan fanmi Jakòb la, p'ap konte ankò sou pèp ki te twaka fini ak yo a. Y'a mete konfyans yo tout bon nan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
It will come to pass in that day that the remnant of Israel, and those who have escaped from the house of Jacob will no more again lean on him who struck them, but shall lean on the LORD, the Holy One of Israel, in truth.
21 Se yon ti ponyen moun ase, yon ti rès nan fanmi Jakòb la k'ap tounen vin jwenn Bondye yo a ki gen pouvwa.
A remnant will return, even the remnant of Jacob, to the mighty God.
22 Menm si moun pèp Izrayèl yo te anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon ti ponyen ase k'ap tounen. Wè pa wè, y'ap detwi pèp la. Se sa menm li merite.
For though your people, Israel, are as the sand of the sea, a remnant will be kept safe. For he will fulfill the word and decisively, overflowing in righteousness;
23 Wi, Seyè ki gen tout pouvwa a pral fè lènmi mache nan tout peyi a pou yo devalize l' jan li te di l'ap fè l' la.
because the Lord will carry out the word decisively in the midst of the earth.
24 Se poutèt sa, Seyè sèl Mèt ki gen tout pouvwa a di konsa: -Nou menm, pèp mwen ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè moun peyi Lasiri yo k'ap woule nou anba baton, k'ap leve men yo pou yo frape nou menm jan moun peyi Lejip yo te fè nou an.
Therefore the LORD of hosts says: "My people who dwell in Zion, do not be afraid of the Assyrian, though he strike you with the rod, and lift up his staff against you, as Egypt did.
25 Talè konsa, m'ap fin regle ak nou. Apre sa, m'ap vire sou yo, m'ap disparèt yo.
For yet a very little while, and the indignation against you will be accomplished, and my anger will be directed to his destruction."
26 Mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m'ap pran fwèt pou m' bat yo, menm jan mwen te bat moun peyi Madyan yo bò gwo wòch Orèb la. M'ap fè peyi Lasiri soufri menm jan mwen te fè peyi Lejip soufri a.
The LORD of hosts will stir up a scourge against him, as in the slaughter of Midian at the rock of Oreb. His rod will be over the sea, and he will lift it up like he did against Egypt.
27 Lè jou sa a va rive, m'a wete chay sa a sou zepòl nou; m'a delivre nou anba moun peyi Lasiri yo. Nou p'ap nan mizè ankò, n'ap gen tou sa n'a bezwen.
It will happen in that day, that his burden will depart from off your shoulder, and his yoke from off your neck, and the yoke shall be destroyed because of the anointing.
28 Lènmi gen tan rive nan peyi Ajat! Men y'ap travèse peyi Migwon! Yo kite tout zafè yo lavil Mikmas.
He has come to Aiath. He has passed through Migron. At Michmash he stores his baggage.
29 Yo travèse pas la! Yo pase nwit lan lavil Geba! Moun lavil Rama yo ap tranble. Moun lavil Gibeya yo, peyi wa Sayil la, kouri mete deyò.
He went through the pass. He has lodged at Geba. Ramah trembles. Gibeah of Saul has fled.
30 Nou menm moun lavil Gatim, pete rele! Nou menm moun lavil Layich, mache sou piga nou! Nou menm moun lavil Anatòt, nou nan ka!
Cry aloud with your voice, daughter of Gallim. Listen, Laishah. You poor Anathoth.
31 Moun lavil Madmena yo chape kò yo. Moun lavil Gebim yo al kache.
Madmenah is a fugitive. The inhabitants of Gebim flee for safety.
32 Jòdi a, lènmi an fè yon rete lavil Nòb. L'ap giyonnen moun ki rete sou mòn Siyon yo. L'ap lonje dwèt sou lavil Jerizalèm.
This very day he will halt at Nob. He shakes his hand at the mountain of the daughter of Zion, the hill of Jerusalem.
33 Seyè sèl Mèt ki gen tout pouvwa a pral desann yo tankou branch bwa y'ap koupe mete atè. L'ap koupe tèt tou sa ki wo yo. Tou sa ki byen kanpe yo, l'ap lage yo atè.
Look, the Lord, the LORD of hosts, will lop the boughs with terror. The tall will be cut down, and the lofty will be brought low.
34 L'ap koupe yo tankou lè y'ap mete rach nan gwo pyebwa nan rak. Bèl pyebwa ki sou mòn Liban yo pral kouche plat atè!
He will cut down the thickets of the forest with iron, and Lebanon will fall by the Mighty One.

< Ezayi 10 >