< Ebre 1 >

1 Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l' te ka pale ak zansèt nou yo.
Bóg, który wielokrotnie i na różne sposoby przemawiał niegdyś do ojców przez proroków;
2 Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt. (aiōn g165)
W tych ostatecznych dniach przemówił do nas przez [swego] Syna, którego ustanowił dziedzicem wszystkiego, przez którego też stworzył światy; (aiōn g165)
3 Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a.
Który, będąc blaskiem [jego] chwały i wyrazem jego istoty i podtrzymując wszystko słowem swojej mocy, dokonawszy oczyszczenia z naszych grzechów przez samego siebie, zasiadł po prawicy Majestatu na wysokościach;
4 Pitit la sitèlman gen plis pouvwa pase zanj yo, Bondye ba l' yon non ki pi konsekan pase pa yo a.
I stał się o tyle wyższy od aniołów, o ile znamienitsze od nich odziedziczył imię.
5 Kilès nan zanj yo Bondye te janm di: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou? Li pa janm di okenn nan zanj li yo: M'a yon papa pou li. La yon pitit pou mwen.
Do którego bowiem z aniołów powiedział kiedykolwiek: Ty jesteś moim Synem, ja ciebie dziś zrodziłem? I znowu: Ja będę mu Ojcem, a on będzie mi Synem?
6 Men, lè Bondye t'ap voye premye Pitit li a sou latè, li te di: Se pou tout zanj Bondye yo adore li.
I znowu, gdy wprowadza pierworodnego na świat, mówi: Niech mu oddają pokłon wszyscy aniołowie Boga.
7 Lè l' t'ap pale sou zanj li yo, li te di: Bondye fè zanj li yo tounen van. Li fè sèvitè l' yo tounen flanm dife.
O aniołach zaś mówi: On czyni swoich aniołów duchami, a swoje sługi płomieniami ognia.
8 Men, lè l'ap pale sou Pitit li a, li di: O Bondye, gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la. (aiōn g165)
Lecz do Syna [mówi]: Twój tron, o Boże, na wieki wieków, berłem sprawiedliwości [jest] berło twego królestwa. (aiōn g165)
9 Ou te renmen tou sa ki byen. Ou te rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou la chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale, li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.
Umiłowałeś sprawiedliwość, a znienawidziłeś nieprawość, dlatego namaścił cię, o Boże, twój Bóg olejkiem radości bardziej niż twoich towarzyszy.
10 Yon lòt fwa, li di ankò: Se ou menm, Mèt la, Bondye ki te kreye latè nan konmansman. Se avèk men ou ou te fè syèl la.
Oraz: Ty, Panie, na początku założyłeś [fundamenty] ziemi, a niebiosa są dziełem twoich rąk.
11 Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo fini tankou rad.
One przeminą, ale ty zostaniesz i wszystkie jak szata się zestarzeją;
12 W'ap vlope yo tankou yon chemiz mete la. W'ap chanje yo tankou rad. Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.
I jak płaszcz je zwiniesz, i zostaną odmienione. Ty zaś jesteś ten sam, a twoje lata się nie skończą.
13 Bondye pa janm di okenn nan zanj li yo: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
Do którego też z aniołów kiedykolwiek powiedział: Siądź po mojej prawicy, aż położę twoich nieprzyjaciół jako podnóżek pod twoje stopy?
14 Kisa zanj Bondye yo ye menm? Yo tout se yonn bann lespri k'ap sèvi Bondye. Se Bondye menm ki voye yo pou ede moun ki la pou jwenn delivrans yo.
Czy nie są oni wszyscy duchami służebnymi, posyłanymi, by służyć tym, którzy mają odziedziczyć zbawienie?

< Ebre 1 >