< Jenèz 50 >

1 Jozèf lage kò l' sou papa l', li kriye kont li, li bo l' nan figi.
Joseph te tonbe sou figi a papa li. Li te kriye sou li, e li te bo li.
2 Apre sa, Jozèf rele dòktè ki t'ap sèvi l' yo, li fè yo pare kadav la. Se sa menm dòktè yo fè.
Joseph te kòmande sèvitè li yo avèk doktè yo pou anbome kò papa l. Donk, doktè yo te anbome Israël.
3 Yo pran karant jou pou pare kadav la jan yo konn fè l' la. Apre sa, moun peyi Lejip yo pase swasanndi jou ap kriye pou li.
Alò, karant jou te nesesè pou sa, paske se tan sa a li te pran pou anbome. Epi Ejipsyen yo te kriye pou li pandan swasanndi jou.
4 Lè tout swasanndi jou yo fin pase, jou pou antèman an rive. Jozèf pale ak moun lakay farawon yo, li di yo konsa: -Tanpri souple, rann mwen sèvis sa a. Pote komisyon sa a bay farawon an pou mwen.
Lè jou doulè pou li yo te fin pase, Joseph te pale a lakay Farawon, e te di: “Si koulye a mwen jwenn favè nan zye nou, souple, pale avèk Farawon, e di:
5 Di l' pou mwen: Anvan papa m' te mouri li te fè m' sèmante pou m' te antere l' nan kavo li te fè pare pou li nan peyi Kanaran. Tanpri, kite m' moute al antere papa m'. Apre sa, m'a tounen.
Papa m te fè m sèmante e te di: ‘Gade byen, mwen prèt pou mouri. Nan tonm mwen ke m te fouye pou mwen menm nan peyi Canaan an, se la nou va antere mwen.’ Alò, pou sa, kite mwen monte pou antere papa m; epi mwen va retounen.”
6 Farawon an voye reponn li: -Ou mèt al antere papa ou, jan ou te sèmante ba li a.
Farawon te di: “Ale monte antere papa ou, jan li te fè ou sèmante a.”
7 Se konsa Jozèf moute al antere papa l'. tout moun lakay farawon yo, tout chèf ak tout notab peyi Lejip yo ale ak li,
Alò, Joseph te monte pou antere papa li, e avèk li te monte tout sèvitè a Farawon yo, ansyen lakay li yo, ak tout ansyen a peyi Égypte yo.
8 ansanm ak tout fanmi Jozèf yo, frè l' yo, ak tout fanmi papa l' yo. Men yo te kite tout timoun piti yo Gochenn ansanm ak bèt yo, mouton, kabrit ak bèf.
Tout lakay Joseph avèk frè li yo, ak lakay papa li te ale. Yo te kite sèlman timoun yo, bann mouton yo ak twoupo yo nan peyi Gosen an.
9 Te gen anpil cha ak anpil kavalye sou chwal ki t ale avek li. Kifè pa t' manke moun nan lantèman an.
Osi te monte avèk li, cha yo avèk chevalye yo. Epi se te yon gran konpanyen.
10 Lè yo rive nan glasi Atad ki lòt bò larivyè Jouden, kote sòlèy leve a, yo pran rele byen fò. Jozèf te fè yo fè sèvis la pandan sèt jou pou papa l'.
Lè yo te vin nan glasi vannen kote Athad la, glasi ki lòtbò Jourdain an, yo te fè anpil kriye avèk gwo lamantasyon byen tris. Li te obsève sèt jou lamantasyon pou papa li.
11 Lè moun peyi Kanaran yo wè sèvis lantèman yo t'ap fè Atad la, yo di: -Ala yon grannèg ki mouri lakay moun peyi Lejip yo papa! Se poutèt sa yo rele glasi ki lòt bò larivyè Jouden an: Glasi lapenn moun peyi Lejip yo.
Alò, lè abitan nan peyi a, Kananeyen yo te wè lamantasyon sa a nan glasi vannen Athad la, yo te di: “Sa se yon lamantasyon trè di pou Ejipsyen yo.” Pou rezon sa a, yo te rele li Abel-Mitsraïm, ki vle di lòtbò Jourdain an.
12 Konsa, pitit gason Jakòb yo te fè jan papa yo te ba yo lòd fè a.
Se konsa fis li yo te fè pou li jan li te kòmande yo a;
13 Yo pote kadav li nan peyi Kanaran, yo antere l' nan twou wòch ki te nan jaden Makpela a, anfas Manmre. Se jaden sa a Abraram te achte nan men Efwon, moun Et la, pou sèvi l' simityè.
paske fis li yo te pote li nan peyi Canaan an. Yo te antere li nan kav kote chan a Macpéla a avan Mamré, ke Abraham te achte ansanm avèk chan an pou yon kote antèman nan men Éphron, Etyen an.
14 Apre Jozèf fin antere papa l', li tounen Lejip ansanm ak frè l' yo ak tout moun ki te moute avè l' pou lantèman papa l' la.
Apre li te antere papa li, Joseph te retounen an Égypte—li menm, frè li yo, ak tout moun ki te monte avèk li pou antere papa li yo.
15 Apre lanmò papa yo, frè Jozèf yo di: -Ou pa janm konnen. Jozèf ka kenbe nou nan kè, li ka fè nou peye tout sa nou te fè l' yo.
Lè frè a Joseph yo te wè ke papa yo te mouri, yo te di: “Kisa ki va rive si Joseph toujou pote lahèn kont nou, e deside fè vanjans pou sa nou te fè l la?”
16 Se konsa yo voye di Jozèf: -Men komisyon papa te ban nou pou ou anvan l' te mouri:
Epi yo te voye vè Joseph e te di: “Papa ou te pase lòd avan li te mouri. Li te di:
17 Men sa n'a di Jozèf pou mwen: Tanpri, padonnen krim frè ou yo te fè ou la. Padonnen peche yo paske yo te fè ou mal anpil. Koulye a atò, tanpri, padonnen mal nou te fè ou la, nou menm k'ap sèvi Bondye papa ou la. Lè Jozèf tande pawòl sa a, li pran kriye.
‘Konsa ou va di a Joseph: Souple, mwen mande ou padon pou transgresyon a frè ou yo avèk peche pa yo, paske yo te fè ou tò.’ Koulye a, souple, padone transgresyon sèvitè Bondye a papa ou yo.” Epi Joseph te kriye lè yo te pale avèk li.
18 Apre sa, frè l' yo vini yo menm menm, yo bese tèt yo jouk atè devan li, yo di l' konsa: -Men nou pote tèt nou pou nou sèvi ou domestik.
Frè li yo anplis, te vin tonbe ba devan li, e yo te di: “Gade byen, nou se sèvitè ou.”
19 Jozèf di yo: -Nou pa bezwen pè. Mwen pa kapab pran plas Bondye.
Konsa, Joseph te di yo: “Pa pè; èske mwen nan plas Bondye?
20 Nou te moute konplo pou fè m' mal. Men Bondye fè sa tounen yon byen, pou l' te fè sak rive jòdi a rive, pou l' te ka sove lavi tout kantite moun sa yo.
Pou nou menm, nou te anvizaje mal kont mwen, men Bondye te anvizaje sa ki bon pou Li ta kapab fè rive rezilta ke nou wè koulye a devan nou an, pou L ta kapab prezève vi a anpil moun.
21 Non. Nou pa bezwen pè. M'ap okipe nou, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo. Se konsa, Jozèf te pale byen ak frè l' yo, li te di yo pawòl ki te touche kè yo, li remoute kouraj yo.
Pou sa, pa pè. Mwen va fè pwovizyon pou nou avèk pitit nou yo.” Li te rekonfòte yo e li te pale avèk tandrès avèk yo.
22 Jozèf te rete nan peyi Lejip ak tout fanmi papa l' yo. Li te gen sandizan (110 an) lè l' mouri.
Alò, Joseph te rete an Égypte, li menm avèk lakay papa li, epi Joseph te viv pandan san-dis ane.
23 Li te gen tan wè pitit ak pitit pitit Efrayim. Se nan men l' pitit Maki yo te fèt. Maki sa a te pitit Manase.
Joseph te wè twazyèm jenerasyon nan fis Ephraim yo, e anplis, fis a Makir yo, fis a Manassé a te fèt sou jenou a Joseph.
24 Li di frè l' yo konsa: -Mwen pral mouri. Men mwen sèten Bondye gen pou vin ede nou. L'ap fè nou kite peyi sa a, l'ap fè nou tounen nan peyi li te sèmante l'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la.
Joseph te di frè li yo: “Mwen prèt pou mouri men Bondye va asireman pran swen nou, e Li va fè nou sòti nan peyi sa a vè peyi ke li te pwomèt nan sèman li a Abraham, Isaac, ak Jacob la.”
25 Apre sa, Jozèf fè pitit Izrayèl yo sèmante ba li, li di yo: -Wi, Bondye gen pou vin ede nou. Lè sa a, tanpri, pote zosman m' yo moute ak nou.
Konsa, Joseph te fè fis Israël yo sèmante. Li te di: “Anverite, Bondye va pwoteje nou, e nou va pote zo mwen monte kite isit la.”
26 Lè Jozèf mouri li te gen sandizan (110 an). Yo benyen kadav la, yo pare l' pou l' pa pouri. Yo mete l' nan yon sèkèy byen fèmen nan peyi Lejip.
Alò, Joseph te mouri nan laj san-dis ane. Li te anbome e yo te plase li nan yon sèkèy an Égypte.

< Jenèz 50 >