< Jenèz 42 >

1 Lè Jakòb vin konnen te gen ble pou vann nan peyi Lejip, li di pitit li yo: -Poukisa nou chita konsa yonn ap gade lòt, de bra kwaze?
雅各伯見埃及有糧食出售,便對自己的兒子們說:「你們為什麼彼此觀望﹖」
2 Mwen tande y'ap vann ble nan peyi Lejip. Desann non, al achte ble pou nou ka viv pou nou pa mouri grangou.
繼而說:「我聽說在埃及有糧食出售,你們下到那裏,給我們購買些糧食,叫我們好活下去,不致餓死。」
3 Se konsa, dis nan frè Jozèf yo desann nan peyi Lejip, y al achte ble.
於是若瑟的十個哥哥下到埃及買糧食去了。
4 Men Jakòb pa t' voye Benjamen, lòt frè Jozèf menm manman avè l' la, avèk yo paske li te pè pou malè pa t' rive l'.
至於若瑟的弟弟本雅明,雅各伯沒有叫他與哥哥們同去,因為他想:怕他遇害。
5 Grangou a te rèd nan peyi Kanaran an tou. Se konsa, pitit Izrayèl yo te vwayaje ansanm ak lòt moun ki tapral achte ble tou.
這樣以色列的兒子們也夾在前來購糧的人中,前來購糧,因為客納罕地也發生了飢荒。
6 Se Jozèf ki t'ap gouvènen sou tout peyi Lejip la. Se nan men l' moun te konn soti toupatou vin achte manje. Frè Jozèf yo rive, yo bese tèt yo byen ba jouk atè pou di l' bonjou.
當時在地方上執政的人是若瑟,給地方上所有人民配售糧食的也是他。若瑟的哥哥們來了,就俯首至地,向他下拜。
7 Lè Jozèf wè frè l' yo, li rekonèt yo. Men li pran pòz pa konnen yo. Li pale rèd ak yo. Li di: -Ki bò nou soti? Yo reponn: -Nou soti peyi Kanaran, nou vin achte manje.
若瑟一見他的哥哥們,就認出他們來,卻裝做生人,向他們說了一切嚴厲的話,問他們說:「你們是從那裏來的﹖」他們答說:「我們是從客納罕地來購買糧食的。」
8 Jozèf te rekonèt frè l' yo, men yo menm yo pa t' rekonèt li.
若瑟認出哥哥們來,他們卻沒有認出他來。
9 Le sa a Jozèf vin chonje rèv li te fè sou frè l' yo. Li di yo: -Nou se yon bann espyon. Nou vin isit la pou n' chache konnen pwen fèb peyi a.
於是若瑟想起了他昔日關於他們所作的夢,便對他們說:「你們是探子,前來刺探本地的虛實。」
10 Yo reponn li: -Non, mèt. Nou se moun pa ou, se manje nou vin achte isit la.
他們回答說:「我主! 絕對不是:你的僕人們是來購買糧食的。
11 Nou tout nou se pitit yon sèl papa. Nou p'ap ba ou manti, se pa espyon nou ye.
我們全是一個人的兒子,我們是誠實人;你的僕人們從未做過探子。」
12 Jozèf di yo: -Se pa vre. Nou vin isit la pou n' chache konnen pwen fèb peyi a.
若瑟對他們說:「不,你們前來必是為刺探此地的虛實。」
13 Yo di l': -Nou se douz frè, pitit yon sèl papa nan peyi Kanaran. Dènye a rete ak papa nou. Gen yonn nan nou ki disparèt.
他們答說:「你的僕人們原是兄弟十二人,同是客納罕地一個人的兒子;最小的現今在父親那裏,另一個已不在了。」
14 Jozèf reponn yo: -Nou wè mwen gen rezon lè m' di se yon bann espyon nou ye.
若瑟對他們說:「我才說你們是探子;這話實在不錯。
15 Men ki bò mwen pral kenbe nou: M'ap fè sèman sou tèt farawon an, nou p'ap soti isit la tout tan nou pa fè ti frè nou an vini isit la.
為此我要考驗你們:我指著法郎的生命起誓:如果你們最小的弟弟不到這裏來,你們莫想離開此地。
16 Voye yonn nan nou al chache l'. Lòt yo ap rete nan prizon. Se konsa, m'a wè nou pa t'ap bay manti. Si se pa sa, mwen fè sèman sou tèt farawon an, se espyon nou ye.
你們可由你們中派一個人回去,帶你們的弟弟來,其他的人暫且拘留,以待證明你們的話是否誠實;如果不是真的,我只著法郎的生命起誓:你們必是探子。」
17 Li fè fèmen yo tout nan prizon pandan twa jou.
於是在拘留所內拘禁了他們三天。
18 Sou twazyèm jou a, Jozèf di yo: -Men sa pou n' fè, si nou vle sove lavi nou: Mwen menm mwen se moun ki respekte Bondye.
第三天,若瑟對他們說:「我原是個敬畏天主的人,你們願意保全性命,應這樣做:
19 Si nou konnen nou p'ap bay manti se pou yonn nan nou rete fèmen nan prizon kote yo te fèmen nou an. Lòt yo mèt pote ble a ale pou fanmi nou yo ka manje.
如果你們是誠實人,叫你們兄弟中一個人留在拘留所內,其餘的人可帶糧食回去,解救家中的飢荒。
20 Men, ti frè nou an, sa ki pi piti a, se pou nou mennen l' ban mwen, pou nou ka moutre m' nou pa t' ban m' manti. Konsa, yo p'ap touye nou. Yo tonbe dakò sou sa.
然後給我帶你們的小弟弟來,好證實你們的話,你們也不致於死。」他們就這樣作了。
21 Yonn t'ap di lòt: -Nou wè. Nou peye sa nou te fè frè nou an pase. Se vre wi. Nou te fè mal lè nou te fè frè nou an pase tout sa nou te fè l' la. Nou te wè ki jan sa te fè l' lapenn anpil, lè li t'ap mande nou fè l' gras. Men, nou pa t' vle koute l'. Se poutèt sa nou nan tout traka sa a.
他們彼此說:「我們實在該賠補加害我們兄弟的罪,因為他向我們哀求時,我們見了他心靈痛苦,竟不肯聽;為此這場苦難才落到我們身上! 」
22 Woubenn di yo: -Mwen te di nou pa fè tibway la anyen, men nou pa t' vle koute m'. Koulye a se lanmò tibway la n'ap peye.
勒烏本就對他們說:「我豈不是對你們說過:不要傷害那孩子嗎﹖你們卻不肯聽;看,現在要追討他的血了。」
23 Jozèf te konprann tout sa yo t'ap di a. Men yo pa t' konn sa paske te gen yon moun ki t'ap tradwi pou yo lè yo t'ap pale avè l'.
他們原不知道若瑟都聽得懂,因為在他們中有一翻譯員。
24 Jozèf soti kote yo te ye a, li al kriye. Lèfini li tounen, li pale ak yo, li pran Simeyon, li fè yo mete l' nan chenn, la devan yo tout.
若瑟就由他們前退出去哭了。然後又回來與他們交談,由他們中提出西默盎在他們眼前將他捆綁起來。
25 Jozèf te bay lòd pou yo te plen sak yo avèk ble, pou yo te mete lajan yo chak nan sak yo ankò, lèfini pou yo ba yo manje pou yo manje sou wout la. Se sa yo te fè vre.
若瑟遂吩咐人將他們的布袋裝滿了糧食,將各人的銀錢仍放在各人的布袋內,並且還給了他們途中所需要的食物;人就對他們這樣做了。
26 Frè yo menm chaje bourik yo ak ble yo te achte a, yo pati.
他們將購得的糧食馱在驢上,就從那裏起身走了。
27 Lè yo rive kote yo t'ap pase nwit la a, yonn ladan yo louvri sak li pou l' te ka bay bourik li manje. Li jwenn lajan li te bay la nan sak la.
到了客棧,他們中一人打開了布袋拿料餵驢,看見自己的銀錢仍在布袋口,
28 Li di frè l' yo. -Yo renmèt mwen lajan m' lan wi. Men li nan sak mwen an. Kè yo kase. Yo t'ap tranble kou fèy bwa tèlman yo te pè. Yonn t'ap di lòt: -Kisa Bondye fè nou konsa?
遂對兄弟們說:「我的銀錢退回來了;看,仍在我的袋裏。」他們心驚起來,彼此戰慄地說:「天主對我們所作的,是怎麼一回事。」
29 Lè yo rive kay Jakòb, papa yo, nan peyi Kanaran, yo rakonte l' tout sa ki te pase. Yo di l':
他們回到客納罕地,他們的父親雅各伯那裏,將所遇見的事全告訴他說:「
30 -Nèg k'ap gouvènen peyi a pale rèd ak nou. Li pran nou pou espyon.
那地方的主人對我們說了一些嚴厲的話,將我們視作刺探那地方的人。
31 Nou di l' nou p'ap ba l' manti, se pa espyon nou ye.
我們對他說:「我們是誠實人,決不是探子;
32 Se douz frè nou ye, pitit yon sèl papa. Yonn nan nou disparèt, dènye a rete ak papa nou nan peyi Kanaran.
我們原是兄弟十二人,同一父親的兒子,一個已不在了,最小的現在同我們的父親在客納罕地。
33 Men chèf peyi a di nou: Men ki jan m'ap konnen si nou p'ap ban m' manti: Kite yonn nan frè nou yo isit la avèk mwen. Pran sa nou bezwen pou fanmi nou. Nou mèt ale. Mennen lòt ti frè nou an ban mwen.
那地方的主人對我們說:為叫我知道你們是誠實人,你們兄弟中一人留在我這裏,其餘的人帶糧食回去解救家中的飢荒;
34 Lè sa a, m'a konnen se pa espyon nou ye, nou pa t'ap ban m' manti. m'a renmèt nou frè nou an. m'a kite nou trafike nan peyi a.
然後將你們的弟弟給我帶來,那時我才能知道你們不是探子,確是誠實人,我將你們的兄弟還給你們,你們可在這地方自由行動。」
35 Lè yo vide sak yo, chak moun jwenn ti sakit lajan li te bay la nan bouch sak li ankò. Lè yo wè sa, yon sèl lapè pran yo ansanm ak papa yo.
當他們倒自己的糧袋時,不料各人的錢囊仍在各人的袋內。他們和他們的父親,一見錢囊,都害怕起來。
36 Lè sa a Jakòb, papa yo, di: -N'ap wete tout pitit mwen yo nan men m'. Jozèf disparèt, Simeyon pa la ankò. Koulye a, nou vle pran m' Benjamen. Se mwen menm k'ap pote tout chaj la.
他們的父親雅各伯對他們說:「你們總是使我喪失兒子:若瑟不在了,西默盎不在了,你們還要帶走本雅明! 這一切都落在我身上! 」
37 Woubenn di papa l' konsa: -Papa, ou mèt touye de pitit gason m' yo, si m' pa mennen Benjamen tounen ba ou. Ou mèt renmèt mwen li nan men, m'ap mennen l' tounen ba ou.
勒烏本對他父親說:「如果我不將他給你帶回來,你可殺死我的兩個兒子;只管將他交在我手裏,我必再還給你。」
38 Men Jakòb te di: -Pitit gason m' lan p'ap fè yon pa. Frè li a fin mouri. Se li menm sèl ki rete nan pitit manman l' yo. Si pou yon malè ta rive l' nan vwayaj nou pral fè a, m'a mouri. Mwen fin granmoun, lapenn sa a va twòp pou mwen, la fin pote m' ale. (Sheol h7585)
雅各伯答說:「我兒子不能和你們一同下去,因為他哥哥死了,只剩下了他獨自一個;如果他在你們行的路上遇到什麼不幸,那你們就要使我這白髮老人在憂苦中降入陰府了。」 (Sheol h7585)

< Jenèz 42 >