< Esdras 2 >

1 Men lis moun ki te kite peyi Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo moun. Se moun sa yo wa Nèbikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.
옛적에 바벨론 왕 느부갓네살에게 사로잡혀 바벨론으로 갔던 자의 자손 중에서 놓임을 받고 예루살렘과 유다 도로 돌아와 각기 본성에 이른 자
2 Men moun ki te alatèt yo: Se te Zowobabèl, Jozye, Neemi, Seraja, Reelaja, Madoche, Bilchan, Mispa, Bigwayi, Reyoum ak Baana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak fanmi:
곧 스룹바벨과, 예수아와, 느헤미야와, 스라야와, 르엘라야와, 모르드개와, 빌산과, 미스발과, 비그왜와, 르훔과, 바아나 등과 함께 나온 이스라엘 백성의 명수가 이러하니
3 Nan fanmi Pareòch yo, demilsanswasanndouz (2.172) moun.
바로스 자손이 이천 일백 칠십 이명이요
4 Nan fanmi Chefatya yo, twasanswasanndouz (372) moun.
스바댜 자손이 삼백 칠십 이명이요
5 Nan fanmi Arak yo, sètsanswasannkenz (775) moun.
아라 자손이 칠백 칠십 오명이요
6 Nan fanmi Pakat Moab yo, pitit pitit Jechwa ak Joab, demilwitsandouz (2.812) moun.
바핫모압 자손 곧 예수아와 요압 자손이 이천 팔백 십 이명이요
7 Nan fanmi Elam yo, mildesansenkannkat (1.254) moun.
엘람 자손이 일천 이백 오십 사명이요
8 Nan fanmi Zatou yo, nèfsankarannsenk (945) moun.
삿두 자손이 구백 사십 오명이요
9 Nan fanmi Zakayi yo, sètsanswasant (760) moun.
삭개 자손이 칠백 육십명이요
10 Nan fanmi Bani yo, sisankarannde (642) moun.
바니 자손이 육백 사십 이명이요
11 Nan fanmi Bebayi yo, sisanvenntwa (623) moun.
브배 자손이 육백 이십 삼명이요
12 Nan fanmi Azgad yo, mildesanvennde (1.222) moun.
아스갓 자손이 일천 이백 이십 이명이요
13 Nan fanmi Adonikan yo, sisanswasannsis (666) moun.
아도니감 자손이 육백 육십 육명이요
14 Nan fanmi Bigwayi yo, demilsenkannsis (2.056) moun.
비그왜 자손이 이천 오십 육명이요
15 Nan fanmi Aden yo, katsansenkannkat (454) moun.
아딘 자손이 사백 오십 사명이요
16 Nan fanmi Atè yo, (anvan sa Atè te rele Ezekyas) katrevendizwit moun.
아델 자손 곧 히스기야 자손이 구십 팔명이요
17 Nan fanmi Betzayi yo, twasanvenntwa (323) moun.
베새 자손이 삼백 이십 삼명이요
18 Nan fanmi Jora yo, sandouz (112) moun.
요라 자손이 일백 십 이명이요
19 Nan fanmi Achoum yo, desanvenntwa (223) moun.
하숨 자손이 이백 이십 삼명이요
20 Nan fanmi Giba yo, katrevenkenz moun.
깁발 자손이 구십 오명이요
21 Men lis moun ki te tounen dapre non lavil kote yo moun: Pou lavil Betleyèm, sanvenntwa (123) moun.
베들레헴 사람이 일백 이십 삼명이요
22 Pou lavil Netofa, senkannsis moun.
느도바 사람이 오십 륙명이요
23 Pou lavil Anatòt, sanvenntwit (128) moun.
아나돗 사람이 일백 이십 팔명이요
24 Pou lavil Azmavèt, karannde moun.
아스마웹 자손이 사십 이명이요
25 Pou lavil Kiriyat-Jearim ansanm ak pou lavil Kefera ak pou lavil Beewòt, sètsankaranntwa (743) moun.
기랴다림과 그비라와 브에롯 자손이 칠백 사십 삼명이요
26 Pou lavil Arama ak pou lavil Geba, sisanventeyen (621) moun.
라마와 게바 자손이 육백 이십 일명이요
27 Pou lavil Mikmas, sanvennde (122) moun.
믹마스 사람이 일백 이십 이명이요
28 Pou lavil Betèl ak pou lavil Ayi, desanvenntwa (223) moun.
벧엘과 아이 사람이 이백 이십 삼명이요
29 Pou lavil Nebo, senkannde moun.
느보 자손이 오십 이명이요
30 Pou lavil Magbich, sansenkannsis (156) moun.
막비스 자손이 일백 오십 육명이요
31 Pou lòt lavil Elam lan, mildesansenkannkat (1.254) moun.
다른 엘람 자손이 일천 이백 오십 사명이요
32 Pou lavil Arim, twasanven (320) moun.
하림 자손이 삼백 이십명이요
33 Pou lavil Lòd ansanm ak pou lavil Adid ak lavil Ono, sètsanvennsenk (725) moun.
로드와 하딧과 오노 자손이 칠백 이십 오명이요
34 Pou lavil Jeriko, twasankarannsenk (345) moun.
여리고 자손이 삼백 사십 오명이요
35 Pou lavil Senaa, twamilsisantrant (3.630) moun.
스나아 자손이 삼천 육백 삼십명이었더라
36 Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja, ki soti nan branch Jozye a, nèfsanswasanntrèz (973) moun.
제사장들은 예수아의 집 여다야 자손이 구백 칠십 삼명이요
37 Nan pitit Imè yo, milsenkannde (1.052) moun.
임멜 자손이 일천 오십 이명이요
38 Nan pitit Pachou yo, mildesankarannsèt (1.247) moun.
바스훌 자손이 일천 이백 사십 칠명이요
39 Nan pitit Arim yo, mildisèt (1.017) moun.
하림 자손이 일천 십 칠명이었더라
40 Men lis moun Levi ki te tounen yo: Nan pitit Jechwa ak pitit Kadmyèl, ki soti nan branch fanmi Odavya a, swasannkatòz moun.
레위 사람은 호다위야 자손 곧 예수아와, 갓미엘 자손이 칠십 사명이요
41 Te gen sanvenntwit (128) sanba ki konn chante ak fè mizik nan tanp lan ki te tounen. Yo soti nan branch fanmi Asaf.
노래하는 자들은 아삽 자손이 일백 이십 팔명이요
42 Te gen santrantnèf (139) moun ki pou sèvi gad nan pòtay Tanp lan. Yo soti nan branch fanmi Chaloum, branch fanmi Atè, branch fanmi Talmon, branch fanmi Akoub, branch fanmi Atita ak branch fanmi Chobayi.
문지기의 자손들은 살룸과, 아델과, 달문과, 악굽과, 하디다와, 소배 자손이 모두 일백 삼십 구명이였더라
43 Men lis moun yo te bay pou travay nan tanp Bondye a epi ki te tounen nan peyi a: moun fanmi Sika, moun fanmi Asoufa ak moun fanmi Tabayòt,
느디님 사람들은 시하 자손과, 하수바 자손과, 답바옷 자손과,
44 moun fanmi Kewòs, moun fanmi Siyaa ak moun fanmi Padon,
게로스 자손과, 시아하 자손과, 바돈 자손과,
45 moun fanmi Lebana, moun fanmi Agaba ak moun fanmi Akoub,
르바나 자손과, 하가바 자손과, 악굽 자손과,
46 moun fanmi Agad, moun fanmi Chamlayi ak moun fanmi Anan,
하갑 자손과, 사믈래 자손과, 하난 자손과,
47 moun fanmi Gidèl, moun fanmi Gaka ak moun fanmi Reaja,
깃델 자손과, 가할 자손과, 르아야 자손과,
48 moun fanmi Rezen, moun fanmi Nekoda ak moun fanmi Gazam,
르신 자손과, 느고다 자손과, 갓삼 자손과,
49 moun fanmi Ouza, moun fanmi Paseyak ak moun fanmi Besayi,
웃사 자손과, 바세아 자손과, 베새 자손과,
50 moun fanmi Asna, moun fanmi Neounen ak moun fanmi Nefisim,
아스나 자손과, 므우님 자손과, 느부심 자손과,
51 moun fanmi Bakbouk, moun fanmi Akoufa ak moun fanmi Awou,
박북 자손과, 하그바 자손과, 할훌 자손과,
52 moun fanmi Baslout, moun fanmi Mechisa ak moun fanmi Acha,
바슬룻 자손과, 므히다 자손과, 하르사 자손과,
53 moun fanmi Bakòs, moun fanmi Sisera ak moun fanmi Tamak,
바르고스 자손과, 시스라 자손과, 데마 자손과,
54 moun fanmi Nezyak ak moun fanmi Atifa.
느시야 자손과, 하디바 자손이었더라
55 Men lis moun nan branch fanmi domestik Salomon yo ki te tounen nan peyi a: moun fanmi Sotayi, moun fanmi Asoferèt ak moun fanmi Pewouda,
솔로몬의 신복의 자손은 소대 자손과, 하소베렛 자손과, 브루다 자손과,
56 moun fanmi Yaala, moun fanmi Dakon ak moun fanmi Gidèl,
야알라 자손과, 다르곤 자손과, 깃델 자손과,
57 moun fanmi Chefatya, moun fanmi Atil, moun fanmi Pokerèt Azebayim ak moun fanmi Ami.
스바댜 자손과, 하딜 자손과, 보게렛하스바임 자손과, 아미 자손이니
58 Konsa, men kantite moun ki soti nan fanmi travayè tanp lan ak domestik Salomon yo: antou sa te fè twasankatrevendouz (392).
모든 느디님 사람과 솔로몬의 신복의 자손이 삼백 구십 이명이었더라
59 Men, te gen yon seri moun ki soti nan lavil Tèl Melak, lavil Tèl Acha, lavil Kewoub Adan, lavil Imè ki te moun nan peyi Babilòn epi ki te moute ansanm ak tout moun sa yo, atout yo pa t' ka fè konnen non zansèt yo ak non fanmi yo pou wè si yo te fè pati pèp Izrayèl la vre.
델멜라와, 델하르사와, 그룹과, 앗단과, 임멜에서 올라온 자가 있으나 그 종족과 보계가 이스라엘에 속하였는지는 증거할 수 없으니
60 Se te pitit Delaya, pitit Tobija ak pitit Nekoda: antou sisansenkannde (652) moun.
저희는 들라야 자손과, 도비야 자손과, 느고다 자손이라 도합이 육백 오십 이명이요
61 Konsa tou, pami prèt yo te gen moun fanmi Abaya, moun fanmi Akòz ak moun fanmi Bazilayi. Zansèt Bazilayi sa yo te marye ak yon fanm nan fanmi Bazilayi, moun Galarad. Se konsa yo te pran non papa manman yo.
제사장 중에는 하바야 자손과, 학고스 자손과, 바르실래 자손이니 바르실래는 길르앗 사람 바르실래의 딸 중에 하나로 아내를 삼고 바르실래의 이름으로 이름한 자라
62 Sa ki pa t' ka jwenn rejis pou moutre ki moun ki zansèt yo, yo pa t' asepte yo pou prèt.
이 사람들이 보계 중에서 자기 이름을 찾아도 얻지 못한 고로 저희를 부정하게 여겨 제사장의 직분을 행치 못하게 하고
63 Gouvènè jwif la te di yo yo pa t' kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pa t' gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye vle.
방백이 저희에게 명하여 '우림과 둠밈을 가진 제사장이 일어나기 전에는 지성물을 먹지 말라' 하였느니라
64 Antou nèt, te gen karanndemil tousanswasant (42.360) moun ki tounen nan peyi a.
온 회중의 합계가 사만 이천 삼백 육십명이요
65 Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt (7.337) gason ak fanm ki te sèvi yo domestik. Te gen tou desan (200) gason ak fanm ki te konn fè misik ak chante.
그 외에 노비가 칠천 삼백 삼십 칠명이요, 노래하는 남녀가 이백명이요
66 Te gen sètsanswasannsis (766) chwal, desankarannsenk (245) milèt,
말이 칠백 삼십 륙이요, 노새가 이백 사십 오요
67 katsantrannsenk chamo (435) ak simil sètsanven (6.720) bourik.
약대가 사백 삼십 오요, 나귀가 육천 칠백 이십이었더라
68 Lè yo rive nan tanp Seyè a, lavil Jerizalèm, gen kèk chèf fanmi ki fè ofrann pa yo pou ede rebati tanp lan sou menm anplasman kote li te ye a.
어떤 족장들이 예루살렘 여호와의 전 터에 이르러 하나님의 전을 그곳에 다시 건축하려고 예물을 즐거이 드리되
69 Yo bay tou sa yo te ka bay pou travay la: sèzmil senksanven (16.520) ons lò, sandisètmil (117.000) ons ajan ak san (100) gwo rad pou prèt yo mete sou yo.
역량대로 역사하는 곳간에 드리니 금이 육만 일천 다릭이요, 은이 오천 마네요, 제사장의 옷이 일백 벌이었더라
70 Prèt yo, moun Levi yo ak kèk moun nan pèp la al rete lavil Jerizalèm ak nan vwazinaj lavil la. Mizisyen yo, gad yo ak travayè tanp yo al rete nan lavil ki pa twò lwen kapital la. Tout rès pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.
이에 제사장들과 레위 사람들과 백성 몇과 노래하는 자들과 문지기들과 느디님 사람들이 그 본성들에 거하고 이스라엘 무리도 그 본성들에 거하였느니라

< Esdras 2 >