< Esdras 10 >

1 Esdras menm te ajenou toujou, fas atè, devan Kay Bondye a, li t'ap lapriyè. Dlo nan je, li t'ap rekonèt tout fòt pèp la te fè devan Bondye. Pandan li t'ap fè sa, yon foul moun pèp Izrayèl la, gason, fanm ak timoun, vin sanble fè wonn bò kote l'. Dlo t'ap ponpe nan je yo tout.
以斯拉禱告,認罪,哭泣,俯伏在上帝殿前的時候,有以色列中的男女孩童聚集到以斯拉那裏,成了大會,眾民無不痛哭。
2 Le sa a, Chekanya, pitit gason Jeyèl la, nan branch fanmi Elam lan, pran lapawòl. Li di Esdras konsa: -Nou trayi Bondye nou an vre lè nou pran fanm lòt nasyon k'ap viv nan peyi a pou madanm nou. Men malgre sa, mwen kwè gen espwa toujou pou pèp Izrayèl la.
屬以攔的子孫、耶歇的兒子示迦尼對以斯拉說:「我們在此地娶了外邦女子為妻,干犯了我們的上帝,然而以色列人還有指望。
3 Nou tout pral pran angajman an piblik devan Bondye pou nou ranvwaye tout medam sa yo ansanm ak pitit yo fè pou nou. Wi, mèt, nou pral swiv konsèy ou menm ak lòt moun ki gen respè pou kòmandman Bondye nou an te ban nou. Se pou nou fè tou sa lalwa Bondye a mande nou fè.
現在當與我們的上帝立約,休這一切的妻,離絕她們所生的,照着我主和那因上帝命令戰兢之人所議定的,按律法而行。
4 Leve non! Se ou menm ki pou regle bagay sa a. N'ap kanpe la avè ou! Kouraj! Annavan!
你起來,這是你當辦的事,我們必幫助你,你當奮勉而行。」
5 Lè sa a, Esdras leve, li fè chèf prèt yo, chèf moun Levi yo ak tout rès moun yo sèmante yo pral fè sa Chekanya te di a. Yo sèmante vre.
以斯拉便起來,使祭司長和利未人,並以色列眾人起誓說,必照這話去行;他們就起了誓。
6 Apre sa, Esdras ale lakay Jokanan, pitit gason Eliyachib la, sou devan tanp Bondye a. Li pase nwit lan la, san manje, san bwè, paske li te nan gwo lapenn dèske moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a pa t' kenbe pawòl yo.
以斯拉從上帝殿前起來,進入以利亞實的兒子約哈難的屋裏,到了那裏不吃飯,也不喝水;因為被擄歸回之人所犯的罪,心裏悲傷。
7 Yo fè yon piblikasyon nan tout peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm, pou mande tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a pou yo tout te reyini lavil Jerizalèm.
他們通告猶大和耶路撒冷被擄歸回的人,叫他們在耶路撒冷聚集。
8 Si yon moun kite twa jou pase li pa moute, tout chèf yo ak tout moun ki an tèt branch fanmi yo te dakò pou yo te sezi tout byen moun sa a, pou yo te fè tanp Bondye a kado l', lèfini pou yo pa t' konsidere l' tankou moun sosyete a ankò avèk rès moun ki te tounen soti kote yo te depòte yo a.
凡不遵首領和長老所議定、三日之內不來的,就必抄他的家,使他離開被擄歸回之人的會。
9 Nan twa jou vre, ki te ventyèm jou nan nevyèm mwa a, tout gason ki t'ap viv sou pòsyon tè ki te pou branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo te sanble lavil Jerizalèm. Yo rete sou plas piblik ki devan tanp Bondye a. Yon gwo lapli t'ap tonbe. Tout moun t'ap tranble, yo te frèt, men yo te pè tou paske se te yon gwo zafè.
於是,猶大和便雅憫眾人,三日之內都聚集在耶路撒冷。那日正是九月二十日,眾人都坐在上帝殿前的寬闊處;因這事,又因下大雨,就都戰兢。
10 Lè sa a, Esdras, prèt la, leve, li di yo: -Lè nou marye ak fanm lòt nasyon yo, se trayi nou trayi Bondye. Se mete nou mete sou tou sa k'ap fèt mal deja nan mitan pèp Izrayèl la.
祭司以斯拉站起來,對他們說:「你們有罪了;因你們娶了外邦的女子為妻,增添以色列人的罪惡。
11 Men koulye a, rekonèt devan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, sa nou fè ki mal la. Fè sa li vle nou fè a: pran distans nou ak moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a. Separe ak fanm nou te pran pami lòt nasyon yo pou madanm.
現在當向耶和華-你們列祖的上帝認罪,遵行他的旨意,離絕這些國的民和外邦的女子。」
12 Tout pèp la pran reponn byen fò: -Wi. N'ap fè tou sa ou mande nou fè!
會眾都大聲回答說:「我們必照着你的話行,
13 Men pèp la anpil. Se sezon lapli. Nou pa ka rete deyò a konsa. Epitou, se pa bagay k'ap pran yon jou osinon de jou, paske gen anpil nan nou ki koupab nan zafè sa a.
只是百姓眾多,又逢大雨的時令,我們不能站在外頭,這也不是一兩天辦完的事,因我們在這事上犯了大罪;
14 Se pou chèf nou yo rete isit la nan plas nou pou regle bagay la. Nan dat y'a fikse a, tout moun nan peyi a ki marye ak yon fanm lòt nasyon va vin parèt devan yo. Chèf fanmi yo ak jij k'ap dirije lavil kote moun lan rete a va vin avè l'. Konsa konsa, jouk kòlè Bondye ki te tonbe sou nou poutèt bagay sa a va bese.
不如為全會眾派首領辦理。凡我們城邑中娶外邦女子為妻的,當按所定的日期,同着本城的長老和士師而來,直到辦完這事,上帝的烈怒就轉離我們了。」
15 Tout moun te dakò esepte Jonatan, pitit gason Asayèl, ak Jaksya, pitit gason Tikva a, ki te kont. Machoulam ak Chabtayi, yon moun Levi, te pran pozisyon ak yo tou.
惟有亞撒黑的兒子約拿單,特瓦的兒子雅哈謝阻擋這事,並有米書蘭和利未人沙比太幫助他們。
16 Men, moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a te dakò ak sa yo te mande yo fè a. Esdras, prèt la, fè chwazi kèk moun ki te chèf branch fanmi pou ede l' nan travay la. Li pran non yo sou lis. Epi se konsa, depi premye jou dizyèm mwa a yo chita nan tribinal, y'ap egzaminen ka chak moun yonn apre lòt.
被擄歸回的人如此而行。祭司以斯拉和些族長按着宗族都指名見派;在十月初一日,一同在座查辦這事,
17 Apre twa mwa, jou pou jou, lè premye jou premye mwa a rive, yo te fin regle zafè tout moun ki te marye ak fanm lòt nasyon yo.
到正月初一日,才查清娶外邦女子的人數。
18 Men lis gason ki te marye ak fanm lòt nasyon yo: Pami prèt yo, nan branch fanmi Jozye a, pitit Jeozadak la ak nan branch fanmi frè l' yo, te gen Maseja, Elyezè ak Gedalya.
在祭司中查出娶外邦女子為妻的,就是耶書亞的子孫約薩達的兒子,和他弟兄瑪西雅、以利以謝、雅立、基大利;
19 Yo fè sèman y'ap ranvwaye madanm yo, epi yo ofri yon belye mouton bay Seyè a pou mande li padon pou fòt yo te fè a.
他們便應許必休他們的妻。他們因有罪,就獻群中的一隻公綿羊贖罪。
20 Nan branch fanmi Imè a te gen Anani ak Zebadya.
音麥的子孫中,有哈拿尼、西巴第雅。
21 Nan branch fanmi Arim lan, te gen Maseja, Elija, Chemaja, Jeyèl ak Ouzya.
哈琳的子孫中,有瑪西雅、以利雅、示瑪雅、耶歇、烏西雅。
22 Nan branch fanmi Pachou an, te gen Elyeyoenayi, Maseja, Jichmayèl, Netaneyèl, Jozabad ak Eleaza.
巴施戶珥的子孫中,有以利約乃、瑪西雅、以實瑪利、拿坦業、約撒拔、以利亞撒。
23 Pami moun Levi yo, te gen Jozabad, Chimeyi, Kelaya (yo te rele l' Kelita tou), Petaja, Jeouda ak Elyezè.
利未人中,有約撒拔、示每、基拉雅(基拉雅就是基利他),還有毗他希雅、猶大、以利以謝。
24 Pami sanba yo, te gen Elijachib. Pami gad tanp yo, te gen Chaloum, Telèm ak Ouri.
歌唱的人中有以利亞實。守門的人中,有沙龍、提聯、烏利。
25 Pami rès pèp la, nan branch fanmi Pareòch la, te gen Ramya, Jizija, Malkija, Mijamen, Eleaza, Malkija ak Benaja.
以色列人巴錄的子孫中,有拉米、耶西雅、瑪基雅、米雅民、以利亞撒、瑪基雅、比拿雅。
26 Nan branch fanmi Elam lan, te gen Natanya, Zekarya, Jeyèl, Abdi, Jeremòt ak Elija.
以攔的子孫中,有瑪他尼、撒迦利亞、耶歇、押底、耶利末、以利雅。
27 Nan branch fanmi Zatou a, te gen Elyeyoenayi, Elyachib, Matanya, Jeremòt, Zabad ak Azisa.
薩土的子孫中,有以利約乃、以利亞實、瑪他尼、耶利末、撒拔、亞西撒。
28 Nan branch fanmi Bebayi a, te gen Yokanan, Ananya, Zabayi a ak Atlayi.
比拜的子孫中,有約哈難、哈拿尼雅、薩拜、亞勒。
29 Nan branch fanmi Bani an, te gen Mechoulam, Malouk, Adaja, Jachoub, Cheal ak Jeramòt.
巴尼的子孫中,有米書蘭、瑪鹿、亞大雅、雅述、示押、耶利末。
30 Nan branch fanmi Pakat m'oab la, te gen Adna, Kelal, Benaja, Machiya, Matanya, Bezaleyèl, Bennwi ak Manase.
巴哈‧摩押的子孫中,有阿底拿、基拉、比拿雅、瑪西雅、瑪他尼、比撒列、賓內、瑪拿西。
31 Nan branch fanmi Arim lan, te gen Elyezè, Jichija, Malkija, Chemaja, Simeyon,
哈琳的子孫中,有以利以謝、伊示雅、瑪基雅、示瑪雅、西緬、
32 Benjamen, Malouk ak Chemarya.
便雅憫、瑪鹿、示瑪利雅。
33 Nan branch fanmi Achoum lan, te gen Matenayi, Matata. Zabab, Elifelèt, Jeremayi, Manase ak Chimèyi.
哈順的子孫中,有瑪特乃、瑪達他、撒拔、以利法列、耶利買、瑪拿西、示每。
34 Nan branch fanmi Bani an, te gen Madayi, Amram, Ourèl,
巴尼的子孫中,有瑪玳、暗蘭、烏益、
35 Benaja, Bedeja, Kelwit,
比拿雅、比底雅、基祿、
36 Vanya, Meremòt, Elyachib,
瓦尼雅、米利末、以利亞實、
37 Matanya, Matenayi ak Jasayi.
瑪他尼、瑪特乃、雅掃、
38 Nan branch fanmi Bennwi a, te gen Chimèyi,
巴尼、賓內、示每、
39 Chelemija, Natan, Adaja,
示利米雅、拿單、亞大雅、
40 Maknadebayi, Chachayi, Charayi,
瑪拿底拜、沙賽、沙賴、
41 Azaryèl, Chelemya, Chemarya,
亞薩利、示利米雅、示瑪利雅、
42 Chaloum, Amarya ak Jozèf.
沙龍、亞瑪利雅、約瑟。
43 Nan branch fanmi Nebo a te gen Jeyèl, Matitya, Zabab, Zebina, Jadayi, Joèl ak Benaja.
尼波的子孫中,有耶利、瑪他提雅、撒拔、西比拿、雅玳、約珥、比拿雅。
44 Tout mesye sa yo te marye ak fanm lòt nasyon. Yo ranvwaye medam yo ansanm ak tout pitit yo te fè pou yo.
這些人都娶了外邦女子為妻,其中也有生了兒女的。

< Esdras 10 >