< Eklezyas 9 >

1 Mwen kalkile anpil sou bagay sa yo. Mwen repase bagay sa yo byen repase nan tèt mwen. Mwen wè se Bondye k'ap dirije lavi tout moun, ni moun ki gen bon konprann, ni moun ki mache dwat yo. Li kontwole tou sa y'ap fè, kit yo renmen, kit yo rayi. Pesonn pa konn anyen sou sa k'ap tann yo pi devan.
我留心考察這一切,終於看出:義人、智者和他們的行為,都在天主手裏;是愛是恨,人不知道;二者都能來到他們身上。
2 Se menm sò a ki gen pou rive tout moun, ni mechan an, ni moun ki mache dwat la, bon an kou move a, moun ki kenbe pye Bondye a kou moun ki pa kenbe pye Bondye a, moun ki ofri bèt pou touye pou Bondye kou moun ki pa ofri bèt pou Bondye. Konsa, yon moun debyen pa pi bon pase moun k'ap fè sa ki mal la. Moun ki fè sèman pa pi mal pase moun ki pè fè sèman.
無論是義人,是惡人,是好人,是壞人,是潔淨的人,是不潔淨的人,是獻祭的人,是不獻祭的人,都有同樣的命運;好人與罪人一樣,妄發誓的與怕發誓的也一樣。
3 Se menm sò a pou tout moun. Sa tou, tankou tout lòt bagay ki rive sou latè, se yon malè. Se konsa, moun pase tout lavi yo ak mechanste nan kè yo, y'ap kite lide moun fou travay nan tèt yo, epi yo rete konsa yo mouri.
太陽之下所發生的一切事中,最不幸的是眾人都有同樣的命運;更有甚者,世人的心都充滿邪惡,有生之日,心懷狂妄,以後與死者相聚。
4 Men, toutotan yon moun vivan toujou gen espwa pou li. Yon chen vivan miyò pase yon lyon mouri.
的確,誰尚與活人有聯繫,還懷有希望,因為一隻活狗勝過一隻死獅。
5 Wi. Moun vivan yo konnen yo gen pou yo mouri. Men moun mouri yo pa konn anyen. Yo pa bezwen tann anyen ankò pou sa yo fè. Talè konsa tout moun bliye yo.
活著的人至少自知必死,而死了的人卻一無所知;他們再得不到報酬,因為連他們的記念也被人遺忘了。
6 Tout santiman yo te gen nan kè yo pou moun yo te renmen, pou moun yo te rayi, pou bagay yo te anvi, tou sa disparèt avèk yo. Yo p'ap janm patisipe nan anyen k'ap fèt sou latè ankò.
他們的愛好,他們的憎恨,他們的熱誠,皆已消失;在太陽下所發生的一切事,永遠再沒有他們的分。
7 Ale non, monchè, manje manje ou ak kè kontan, bwè diven ou san kè sote. Bondye deja dakò ak tou sa w'ap fè.
你倒不如去快樂地吃你的飯,開懷暢飲你的酒,因為天主早已嘉納你所作的工作。
8 Se pou rad anwo ou toujou byen pwòp, tèt ou toujou byen penyen ak lwil santi bon.
你的衣服常要潔白,你頭上不要缺少香液。
9 Jwi lavi avèk fanm ou renmen an, pandan tout jou w'ap viv lavi ki pa vo anyen an, lavi Bondye ba ou pou viv sou latè a. Jwi tout jou sa yo ki yonn pa vo lòt, paske se sèlman sa ki pou ou nan lavi a, apre tout traka ou bay tèt ou pou fè travay ou sou latè.
在天主賜你在太陽下的一生虛幻歲月中,同你的愛妻共享人生之樂:這原是你在太陽下,一生從勞苦中所應得的一分。
10 Tou sa ou jwenn pou ou fè, fè l' ak tout fòs ou. Paske, kote ou prale a, nan peyi kote mò yo ye a, nanpwen travay pou ou fè, pa gen lide ki pou mache nan tèt ou, pa gen konesans, pa gen bon konprann. (Sheol h7585)
你手能做什麼,就努力去做,因為在你所要去的陰府內,沒有工作,沒有計劃,沒有學問,沒有智慧。 (Sheol h7585)
11 Yon lòt bagay mwen wè ankò sou latè, se pa toujou moun ki konn kouri ki genyen nan kous, se pa toujou vanyan gason ki genyen nan lagè. Yon moun ki gen konprann pa toujou gen manje pou l' manje, yon moun ki gen lespri pa toujou gen anpil byen. Moun ki gen kapasite pa toujou jwenn gwo pozisyon. Chans ak malchans la pou tout moun.
我又在太陽下看見:善跑的不得競賽,勇將不得參戰,智者得不到食物,明白人得不到財富,博學者得不到寵幸,因為他們都遭遇了不幸的時運。
12 Moun pa konnen lè lè yo ap rive. Tankou pwason ki pran nan senn, tankou zwezo ki pran nan pèlen, se konsa moun pran tou lè yon malè sèk tonbe sou yo.
因為人不知道自己的時期,當凶險猝然而至的時候,人子為不幸的時運所獲,就像魚被網捕住,又像鳥被圈套套住。
13 Men yon lòt bagay mwen te wè ankò: Se yon bèl egzanp ki moutre sa bon konprann ka fè pou moun.
在太陽下我又得了一個智慧的經驗,依我看來,大有意義:
14 Vwala se te yon ti bouk tou piti ki pa t' gen anpil moun ladan l'. Yon gran wa vin atake l' ak yon gwo lame. Li sènen bouk la toupatou, li fè pare yon bann bagay pou kraze miray ranpa bouk la.
有座小城,裏面居民不多;有位大王來攻打此城,把城圍住,周圍築了高壘。
15 Te gen yon nonm nan bouk la ki te gen lespri, men se te yon pòv malere. Se li ki te sove bouk la avèk konesans li. Apre sa, tout moun bliye l'.
那時,城中有個貧賤卻具有智慧的人,他用自己的智慧,救了本城:可是人們卻忘了這貧賤的人。
16 Mwen te toujou di: Konesans pi bon pase gwo kouraj, men yo meprize konesans moun ki pòv. Yo p'ap koute yo lè y'ap pale.
於是我說:智慧遠勝過武力;然而貧賤人的智慧卻被人輕忽,他的話卻沒有人聽。
17 Pito ou koute pawòl yon moun ki gen konprann ap di ou tou dousman pase pawòl chèf k'ap rele byen fò nan mitan yon bann moun sòt.
智者溫和的言語,比王者在愚人中的吶喊,更受歡迎。
18 Konesans pi bon pase tout zam pou fè lagè. Men, fòt yon sèl moun ka fè anpil byen pèdi tou.
智慧勝於武器;一個錯誤能破壞許多好事。

< Eklezyas 9 >