< Deteronòm 2 >

1 Lè sa a, nou tounen tounen nou nan dezè a, nou pran chemen Lanmè Wouj la pou nou, jan Seyè a te pase nou lòd la. Nou pase yon pakèt tan ap mache moute desann nan mòn peyi Seyi yo. 2 Apre sa, Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 3 Nou fè kont moute desann nou nan mòn yo. Koulye a, pran direksyon nò pou nou. 4 Bay pèp la lòd sa a: Nou pral pase nan mitan peyi Seyi a, kote pitit pitit Ezaou yo rete a. Moun sa yo se menm ras ak nou yo ye. Y'ap pè nou, men, atansyon! 5 Pa chache yo kont, paske mwen p'ap ban nou ata yon pous tè nan peyi yo a. Se mwen menm ki bay moun fanmi Ezaou yo tout mòn Seyi a nèt pou yo rete. 6 N'a achte manje pou nou manje nan men yo pou lajan nou, n'a mande yo achte ata dlo pou nou bwè. 7 Chonje byen, Seyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tou sa n'ap fè. Li te pran swen nou pandan tout tan nou t'ap moute desann nan gwo dezè a. Sa fè karantan depi Seyè a la nan mitan nou, nou pa janm manke anyen. 8 Se konsa nou leve, nou pati, nou kite wout Araba a ki soti lavil Elat ak lavil Etsongebè, nou pase byen lwen peyi kote pitit Ezaou yo rete a, peyi ki pou moun menm ras ak nou yo. Nou vire, nou pran chemen ki mennen nan dezè Moab la. 9 Lè sa a, Seyè a di m': Pa chache moun Moab yo, moun fanmi Lòt yo, kont. Pa al goumen ak yo paske mwen p'ap ban nou anyen nan peyi ki pou yo a. Se mwen menm ki bay yo lavil A Moab la pou yo rete. 10 (Nan tan lontan, se te emen yo ki te rete nan lavil Ar la. Se te yon ras moun ki te wo anpil tankou moun Anak yo. Yo te anpil, yo te barak gason. 11 Tout lòt moun te rele yo refayim, menm non ak moun Anak yo. Men, se moun Moab yo ki te rele yo emen. 12 Konsa tou, nan tan lontan se orit yo ki te rete nan peyi Edon an. Men moun fanmi Ezaou yo te pran peyi a nan men yo, yo touye tout moun epi yo rete ladan l' nan plas moun yo, menm jan moun Izrayèl yo te fè pou peyi ki pou yo a, peyi Seyè a te ba yo a.) 13 Aprè sa, Seyè a di ankò: Leve non! Janbe lòt bò ravin Zerèd la. Se konsa nou janbe lòt bò ravin Zerèd la. 14 Nou pran trantwitan pou nou mache soti Kadès Banea jouk nou rive janbe lòt bò ravin Zerèd la. Pandan tout tan sa a, mezi gason ki te gen laj pou fè lagè lè sa a te gen tan mouri, jan Seyè a te di li t'ap fè a. 15 Seyè a te leve dèyè yo nan kan an jouk yo tout te mouri. 16 Lè tout gason ki te gen laj pou fè lagè lè sa a te fin mouri, 17 Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 18 Jòdi a ou pral pase fwontyè peyi Moab la, ou pral pran chemen lavil Ar la. 19 Ou pral tonbe bab pou bab ak moun Amori yo. Pa chache yo kont. Pa al goumen ak yo paske mwen p'ap ba ou anyen nan peyi Amon an. Se pitit pitit Lòt yo ye; se mwen menm ki ba yo peyi sa a pou yo rete. 20 (Nan tan lontan, dapre sa yo di, peyi sa a, se te peyi refayim yo. Se refayim yo ki te rete ladan l' anvan. Moun Amon yo te rele yo Zanmzoumim. 21 Yo te bèl wotè tankou moun Anak yo. Yo te anpil, yo te barak gason. Men, Seyè a te touye yo pou moun Amon yo te ka pran peyi a nan men yo, pou yo te ka rete yo menm ladan l'. 22 Se menm bagay Seyè a te fè pou moun fanmi Ezaou yo ki rete nan peyi Seyi a. Li touye orit yo pou moun Ezaou yo te ka pran peyi a nan men yo, pou yo te ka rete yo menm ladan l'. 23 Se menm bagay la ki rive avit yo ki te rete nan tout ti bouk ou jwenn jouk ou rive lavil Gaza: moun Kaftò yo soti zile Krèt, yo touye avit yo epi yo rete nan peyi a nan plas yo. 24 Seyè a di m' ankò: Leve, ranmase tout zafè nou yo. Pase lòt bò ravin Anon an. Mwen pral lage Siyon, moun peyi Amori ki wa lavil Esbon an, ansanm ak tout peyi li a nan menm nou. Atake l', konmanse pran peyi a pou nou. 25 Depi jòdi a, m'ap fè tout nasyon ki sou latè pè nou kou chat. Konsa, depi y'a tande yo nonmen non nou, y'a pran tranble, y'a gen yon sèl kè sere k'ap pran yo. 26 Lè sa a, antan nou te nan dezè Kedemòt la, mwen voye kèk mesaje bò kote Siyon, wa lavil Esbon an, pou yo te pale an zanmi avè l', pou yo te di l' pou mwen: 27 Mwen fè lide pase nan peyi a. N'ap pase pase nou sou gran chemen an san nou pa vire ni adwat ni agoch. 28 W'a vann nou pou lajan nou manje nou ka bezwen pou n' manje ansanm ak dlo pou nou bwè. Se pase sèlman n'ap pase nan peyi a san rete, 29 jouk nou rive lòt bò larivyè Jouden an, nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. Se konsa moun fanmi Ezaou yo ki te rete nan peyi Seyi a, ak moun Moab yo ki rete nan lavil Ar la te ban nou pèmisyon pou n' pase nan peyi yo. 30 Men, Siyon, wa Esbon an, pa t' dakò pou l' te kite nou pase nan pèyi l' la. Seyè a, Bondye nou an, fè l' kenbe tèt ak nou, li fè l' refize chanje lide malgre tou sa nou fè, pou l' sa lage l' nan men nou ansanm ak tout peyi a, jan sa ye jouk koulye a. 31 Lè sa a, Seyè a di m' konsa: Gade! Depi koulye a mwen lage Siyon ak tout peyi li a nan men nou. Konmanse anvayi peyi a, pran peyi l' la pou nou. 32 Siyon mache kontre nou ak tout lame l' la, li vin mande nou batay bò Jayat. 33 Men, Seyè a, Bondye nou an, lage l' nan men nou. Nou bat li byen bat, li menm, pitit gason l' yo ak tout lame l' yo. 34 Tout lavil yo tonbe nan men nou tou epi nou touye yo nèt pou Bondye nou an tankou yon ofrann. Nou touye tout moun nèt, fanm kou gason, timoun kou granmoun. Nou pa kite yonn chape. 35 Tansèlman, nou pran tout bèt yo pou nou epi nou piye tout lavil nou te pran yo. 36 Depi lavil Awoyè ki anwo bò falèz ki bay sou ravin Anon an ak lavil ki nan fon an, jouk lavil Galarad la, pa t' gen yon lavil ki te ka kenbe tèt ak nou. Seyè a, Bondye nou an, te lage yo tout nan men nou. 37 Men nou pa t' pwoche bò peyi moun Amon yo, ni bò zòn larivyè Jabòk la, ni bò lavil ki nan mòn yo, ni bò ankenn kote Seyè a te ban nou lòd pa atake.

< Deteronòm 2 >